Vini, Suiv Mwen
20–26 Avril. Mozya 4–6: “Yon gwo chanjman”


“20–26 Avril. Mozya 4–6: ‘Yon gwo chanjmann,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Avril. Mozya 4–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020

Imaj
Wa Benjamen ap anseye pèp li a

Nan sèvis Bondye w la, pa Walter Rane

20–26 Avril

Mozya 4–6

“Yon gwo chanjman”

Li Mozya 4–6, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Lè w resevwa enpresyon yo, ou gen dwa mande, jan Èldè Richard G. Scott te sigjere a, “Èske gen plis bagay m ta dwe konnen?” (“To Acquire Spiritual Guidance,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 8).

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou gen dwa kòmanse yon diskisyon nan klas ou a nan mande manm klas yo pou yo pataje youn nan ansèyman Wa Benjamen yo nan Mozya 4–5 la yo ta renmen pi byen aplike nan lavi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 4:1–12

Gras avèk Jezikri, nou ka resevwa epi kenbe padon pou peche nou.

  • Gen kèk moun ki panse ke repantans mande tikras efò; gen lòt ki kwè sa mande twòp efò. Pou ede manm klas yo pi byen konprann kisa sa mande pou n resevwa remisyon pou peche nou, ou gen dwa envite yo gade ansèyman Wa Benjamen yo nan Mozya 4:1–12 la, pou yo ka chèche wè nan ki kondisyon Pè Selès la akòde nou remisyon pou peche nou. Yo ka fè yon lis pou sa yo jwenn yo sou tablo a. Mande yo pou yo panse a yon analoji pou ede eksplike sa yo te aprann yo. Paregzanp, yo ka konpare remisyon peche avèk yon moun nou dwe ki “ranvwaye” oswa anile dèt la. Oubyen yo ka konpare konsève remisyon peche nou avèk pran swen yon bagay ki bezwen antretyen konstan, tankou yon jaden oswa yon fwaye.

  • Panse pou w mande manm yo kisa yo t ap di yon moun ki ap mande tèt li si repantans vo efò a. Kijan yo t ap ede yon moun ki dekouraje epi santi ke li enposib pou l simonte peche ak feblès li. Ou ka ede yo prepare yo pou kalite konvèsasyon sa yo nan mande yo pou yo pase kèlke minit ap li pawòl Wa Benjamen yo nan Mozya 4:1–12 la pou yo ka jwenn verite ki ka ede yon moun nan youn nan sitiyasyon sa yo. Apresa yo ka pataje sa yo dekouvri yo avèk yon moun ki chita bò kote yo.

Mozya 4:11–27

Lè nou repanti, n ap ranpli avèk lanmou Bondye.

  • Kijan nou ka konnen si nou resevwa remisyon pou peche nou? Wa Benjamen te dekri kèk rezilta vrè repantans—envite manm klas yo pou chèche nan Mozya 4:13–16. Ou ka envite yo tou pou yo medite sou pwòp lavi pa yo epi evalye si y ap byen viv ansèyman yo nan vèsè sa yo. Ki siy yo wè ki montre ke yo konvèti? Kijan relasyon nou avèk lòt moun chanje lè nou vin jwenn Kris la atravè repantans? Petèt manm klas yo ta ka di kijan yo te wè sa rive nan lavi yo.

  • Mozya 4:11–12 ak 14–16 ka ankouraje yon diskisyon sou sa ki enspire paran ki jis yo. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason pou nou vin pi bon paran?

  • Si w santi w enspire pou fè yon diskisyon sou ansèyman Wa Benjamen yo konsènan pran swen pòv ak moun ki nan nesesite, ou gen dwa envite manm klas yo li vèsè nan Mozya4:16–27 yo youn apre lòt. Apre lekti chak vèsè, moun ki li a ka rezime sa Wa Benjamen te anseye a nan pwòp mo pa li. Mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Èske nou tout se pa mandyan?” (Ensign oswa Lyawona, Nov. 2014, 40–42) la ta ka sèvi pou konplete diskisyon sa a. Kijan nou ka suiv konsèy Wa Benjamen pou n pa “kouri pi vit pase [nou gen] fòs” la? (Mozya 4:26–27). Kijan kòmandman pou n “pataje sibstans [nou] ak pòv yo” gen pou wè avèk remisyon peche nou?

Mozya 4:29–30

Nou dwe siveye panse nou, pawòl nou ak aksyon nou.

  • Pafwa sanble l t ap pi fasil si Senyè a te ba nou yon lis detaye sou chak peche posib. Men, li di nou, “Veye tèt nou … epi kontinye nan lafwa bagay nou te tande konsènan vini Senyè nou an” (Mozya 4:30). Pou ede klas ou a diskite prensip sa a, ou ka poze yo kesyon tankou sa yo: Kijan panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou afekte noumenm ak lòt moun? Kisa “kontinye nan lafwa” vledi? Ki konsèy nou youn ka pataje avèk lòt pou ede nou “veye” tèt nou?

Mozya 5:1–7

Lespri Senyè a ka lakoz yon chanjman puisan nan kè nou.

  • Pou kòmanse yon diskisyon konsènan chanjman enkonparab levanjil Jezikri a ka pote nan lavi nou, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje kèk rezon k fè l souvan difisil pou nou fè chanjman dirab nan lavi nou. Apresa envite yo li Mozya 5:1–5, pou yo ka chèche “chanjman puisan” pèp Wa Benjamen an te fè eksperyans lan. Ki verite konsènan yon chanjman kè nou aprann nan eksperyans sa a? Panse pou w mande kèk manm nan klas la pou di kijan Sentespri a te ede yo chanje kè yo. Ou gen dwa pase youn nan videyo yo sigjere nan “Resous Adisyonèl” la tou.

    Imaj
    Kris ka p geri yon fi malad

    Sovè a ka chanje kè nou ak lavi nou. Men Gerisè, pa Adam Abram

  • Apre nou fin diskite sou verite ki nan Mozya 5:1–7 yo, kèk manm nan klas la ka mande tèt yo poukisa chanjman kè yo a pa sanble l osi dramatik oubyen imedyat ke eksperyans pèp Wa Benjamen an. Deklarasyon Èldè D. Todd Christofferson nan nan “Resous Adisyonèl” la reponn kesyon sa a. Kisa nou ka aprann nan men Èldè Christofferson sou konvèsyon?

Mozya 5:5–15

Bondye envite m pou m fè alyans avèk li.

  • Mozya 5:5–15 ka ede manm klas yo konprann benediksyon yo resevevwa lè yo fè ak kenbe alyans avèk Bondye. Ou ka envite yo pou yo repase vèsè sa yo avèk alyans batèm yo ak òdonans sentsèn nan nan panse yo epi pataje sa yo aprann. (Gade DA 20:77, 79 tou.)

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Anpil manm nan klas ou a ka ap fè eksperyans oswa te resaman fè eksperyans yon difikilte oswa eprèv pèsonèl. Di yo ke nan Mozya 7–10 la, yo pral li konsènan yon gwoup moun ki te aprann kijan pou yo te mete konfyans nan Senyè a pandan moman eprèv yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Men videyo ki nan ChurchofJesusChrist.org la osijè “chanjman puisan” (Mozya 5:2).

  • “Pen kotidyen: Chanjman”

  • “Yon chanjman kè”

  • “Yon canjman puisan: Konvèsyon”

Chanjman se souvan yon pwosesis.

Èldè D. Todd Christofferson te pale sou gran chanjman kè yo dekri nan ekriti yo:

“Ou gen dwa mande, Poukisa gran chanjman sa a pa fèt pi rapidman nan mwen? Ou ta dwe sonje ke egzanp remakab pèp Wa Benjamen an, Alma, ak kèk lòt moun nan ekriti yo se egzakteman sa—remakab men pa tipik. Pou majorite nan nou, chanjman yo vini etap pa etap epi sa pran tan. Kontrèman a nesans fizik nou, nedenouvo se plis yon pwosesis ke yon evenman. Epi angaje nan pwosesis sa a se objektif santral mòtalite a.

“An menm tan tou, an nou pa jistifye tèt nou nan yon efò san konviksyon. An nou pa kontante nou kenbe dispozisyon pou nou fè mal. An nou pran sentsèn nan diyman chak semèn epi ann kontinye apiye sou Sentespri a pou derasinen dènye rès enpite ki andedan nou yo. Mwen temwaye ke pandan na p kontinye sou wout renesans espirityèl la, gras ekspyatwa Jezkiri ap retire peche nou ak tach peche sa yo nan nou, tantasyon yo ap pèdi atirans yo, epi atravè Krisla, n ap vin sen, jan limenm ak Papa li sen an” (“Nedenouvo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2008, 78).

Amelyore ansèyman nou

Chèche bon egzanp nan ekriti yo. Pandan w ap li diskou Wa Benjamen te bay pèp li a, chèche leson nan egzanp li ki ka ede w vin yon pi bon enstriktè. Paregzanp, kisa Wa Benjamen te fè pou l te wè si pèp li a te konprann sa l t ap anseye yo?