Ansyen Testaman 2022
Satisfè Bezwen Timoun Piti yo


“Satisfè Bezwen Timoun Piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Satisfè Bezwen Timoun Piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
timoun ki ap leve men yo nan yon sal klas nan legliz la

Satisfè Bezwen Timoun Piti yo

Timoun piti yo pare epi yo anvi aprann levanjil la si yo prezante l ba yo nan fason yo ka konprann. Espesyalman si w ap anseye timoun ki pi piti yo, panse pou w itilize kalite aktivite sa yo pou ede yo aprann.

  • Chante. Cantiques ak chan ki soti nan Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Itilize endèk sou sijè yo ki dèyè Chants pour les enfants an pou w ka jwenn chan ki anrapò avèk prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo ak lavi yo. Paregzanp, ou gen dwa poze kesyon sou pawòl oubyen fraz ki nan tèks kantik yo. Anplis chante a, timoun yo ka fè jès ki mache avèk kantik yo oubyen yo gen dwa jis koute kantik yo kòm fon mizikal pandan y ap fè lòt aktivite. Pou lòt ide, gade nan seksyon “Itilize mizik pou anseye doktrin nan” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo ak Kantik yo” nan “Enstriksyon pou Prezantasyon Mizik nan Peryòd Chante ak Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan manyèl sa a.

  • Koute yon istwa oubyen fè yon senaryo avèk li. Timoun piti yo renmen istwa —ki soti nan ekriti yo, nan lavi w, nan istwa Legliz la, oubyen nan revi Legliz la Church magazines. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa yo. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil la nan istwa w ap rakonte yo.

  • Li yon ekriti. Menm si timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. zOu kapab bezwen konsantre sou yon sèl vèsè, yon ekspresyon oubyen yon mo kle. Pandan w ap li yon ekriti awotvwa, ou kapab envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oswa yon ekspresyon espesifik ou vle aksantye. Yo gen dwa menm kapab memorize ti ekspresyon kout ki soti nan ekriti yo si yo repete yo plizyè fwa. Pandan y ap tande pawòl Bondye a, y ap santi Lespri a.

  • Se pou ou aktif. Paske souvan timoun piti yo plen enèji, planifye pou w fè yo bouje—mache, vole, sote, bese, ak fè kèk lòt aksyon ki gen rapò avèk prensip oswa istwa w ap anseye a. Aksyon sa yo kapab efikas tou lè n ap chante ansanm.

  • Gade yon imaj oubyen gade yon videyo. Lè w montre timoun yo yon foto oubyen yon videyo, poze yo kesyon ki ap ede yo wè ki relasyon ki genyen ant foto oswa videyo sa a e prensip levanjil oswa istwa ki nan ekriti yo w ap anseye a. Pa egzanp, ou gen dwa mande: “Kisa k ap pase nan foto oubyen videyo sa a?” oubyen “Kijan sa fè w santi w?” App Medya Levanjil la, medialibrary.ChurchofJesusChrist.org, ak children.ChurchofJesusChrist.org se bon kote pou w chèche videyo yo.

  • Rakonte eksperyans. Timoun piti yo gen dwa pa gen menm kantite bagay pou yo rakonte avèk pi gran timoun yo, men, si w gide yo avèk presizyon, yo ka pataje sa yo santi ak eksperyans yo sou sa y ap aprann nan.

    Imaj
    yon timoun ki ap kolore nan yon klas nan legliz la
  • Kreye. Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki gen rapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan. Ankouraje yo pou yo pote sa yo kreye a lakay yo pou yo pataje l avèk manm fanmi yo pou ka ede yo sonje sa yo te aprann yo.

  • Patisipe nan leson pratik. Yon leson pratik senp kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou yo konprann. Lè w ap itilize leson pratik, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis nan eksperyans kote y ap aji ansanm ke lè yo senpleman gade yon demonstrasyon.

  • Jwe wòl. Lè timoun yo fè senayo yon sitiyasyon y ap rankontre pwobableman nan lavi reyèl, yo kapab konprann pi byen kijan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

  • Repete aktivite yo. Timoun piti yo gen dwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Pa pè repete istwa yo oswa aktivite yo souvan, menm pandan menm leson an. Pa egzanp, ou ta gen dwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan fason diferan nan yon leson—nan li l nan ekriti yo, rezime l nan pwòp mo pa ou, pase yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, envite yo pou yo jwe wòl istwa a, etsetera. Si yo repete lakay yo touyon aktivite ou te fè nan klas la , repetisyon an ap ede timoun yo aprann ak sonje.

  • Entèraksyon avèk lòt. Timoun yo ap devlope aptitid sosyal yo epi souvan, yo kontan aprann ak jwe avèk zanmi kanmarad yo. Kreye pou yo pou yo pataje, lè tou pa yo rive, epi pou yo kowopere pandan y ap aprann nan.

  • Patisipe nan yon varyete aktivite. Jeneralman, timoun piti yo gen yon yon kapasite konsantrasyon trè kout, epi yo gen estil aprantisaj diferan. Itilize divès tip aktivite, epi prete atansyon s siy ki montre ke timoun yo bezwen w fè chanjman rit. Pa egzanp, ou gen dwa oblije fè chanjman detanzantan ant aktivite trankil ak aktivite anime.

Yon pati nan wòl ou kòm enstriktè timoun piti—anplis anseye prensip levanjil yo—se ede timoun yo aprann kijan pou yo byen patisipe nan yon klas nan Legliz la. Pa egzanp, yo gen dwa bezwen aprann kijan pou yo tann tou pa yo, pou yo pataje, respekte lòt, etsetera. Gen enstriktè ki kreye tablo avèk yon tach pou chak timoun patisipe nan klas la nan yon fason spesifik (tankou fè yon priyè, kenbe yon imaj, oubyen distribye papye). Ou gen dwa chanje tach yo chak semèn. Sa ap ede timoun yo pran tou pa yo epi konsantre sou konpòtman ki kòrèk nan klas la.

Timoun—espesyalman timoun ki pi piti yo—souvan benefisye nan yon woutin regilye ke yo ka prevwa. Paske timoun piti yo gen ti kout atansyon epi pafwa yo gen pwoblèm pou konsantre yo pandan tout dire leson an, òdinèmanli li pi bon si woutin sa a genyen ladan l plizyè tranzisyon ki soti nan yon kalite aktivite pou ale nan yon lòt. Pa egzanp, woutin klas ou a ta gen dwa enkli ti repo tanzantan pou yo kolorye yon imaj, chante yon chan, etsetera.