Ansyen Testaman 2022
Ou Se Yon Enstriktè Timoun


“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi ki kenbe yon imoun

Ou se yon Enstriktè Timoun

Bondye aple w pou anseye pitit Li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite prètriz sen L lan. Menm si w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv yon fason diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Bondye, epi li konn kisa yo bezwen ak pi bon fason pou touche yo. Atravè Sentespri a, Bondye ap gide w pandan w ap prepare w ak pandan w ap anseye. L ap revele w sa w dwe di ak sa w dwe fè (gade nan 2 Nefi 32:5).

Bi esansyèl ansèyman ak aprantisaj levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Objektif ou kòm enstriktè se pou ede moun w ap anseye yo fè tout sa yo kapab pou yo vin konvèti nan levanjil Jezikri a—yon yon efò ki ale pi lwen pase tan w ap pase nan klas la. Envite moun w ap anseye yo pou yo patisipe aktivman nan aprann konnen Jezikri ak levanjil Li a epi pou yo aji selon sa yo aprann yo. Ankouraje yo pou yo fè etid pèsonèl ak etid familyal andeyò klas la vin tounen premye sous yo pou aprantisaj levanjil la. Lè yo aji avèk lafwa nan etidye endividiyèlman epi avèk fanmi yo, y ap envite Lespri a nan lavi yo e se Lespri a ki ap pote vrè konvèsyon. Toutsa ou fè antanke enstriktè dwe ale nan sans objektif sakre sa a.

Anseye sèlman doktrin levanjil retabli Jezikri a jan nou jwenn li nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo. Vrè doktrin nan—verite etènèl, ki pa ap chanje ke Bondye ak sèvitè l yo anseye yo—envite Lespri a epi li gen pouvwa pou chanje lavi.

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e li nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Pè Selès la ki aple w, e Li p ap janm abandone w. Sa a se travay Senyè a, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (Doktrin ak Alyans 4:2), L ap ogmante kapasite w yo don w yo, ak talan w yo, epi sèvis ou ap beni lavi moun w ap anseye yo.