Ansyen Testaman 2022
Yon Modèl Pou Anseye


“Yon Modèl Pou Anseye”, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Yon Modèl Pou Anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
timoun nan klas legliz

Yon Modèl Pou Anseye

Nan resous sa a, w ap jwenn chema twa etap sa a repete nan chak plan leson: envite pataj, anseye doktrin nan, ak ankouraje aprantisaj lakay. Nan plizyè ka, lè w ap anseye, ou gen dwa wè eleman yon chema parèt nan yon lòt oubyen nan yon lòd diferan. Paregzanp, konsidere ke pataj la se yon opotinite pou w anseye doktrin nan, epi anseye doktrin nan dwe gen yon envitasyon pou pataje. Menmjan an tou, ankouraje aprantisaj lakay la kapab fèt pandan yon diskisyon nan klas la. Kite chanjman sa yo fèt tou natirèlman, kote w ap suiv enfliyans Lespri a pou w reponn bezwen moun w ap anseye yo.

Envite Pataj

Kòm yon pati nan klas ou a, envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi, ak ide, ak eksperyans sou prensip w ap anseye yo. Kòmantè yo gen dwa enkli eksperyans aprantisaj yo te fè lakay yo. Ou gen dwa repase sa yo te aprann semèn pase a epi mande yo ki enfliyans sa te genyen nan lavi yo.

Anseye Doktrin nan

Manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w pi byen konprann doktrin w ap anseye timoun yo. Konsidere ki vèsè nan ekriti yo, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon, ak lòt resous ou kapab pataje pou ede timoun yo aprann ak aplike prensip levanjil yo. Ede yo rekonèt enfliyans Sentespri a lè L ap temwaye de verite. Chèche mwayen kreyatif pou ede yo enterese nan sa y ap aprann yo.

Pou ide konsènan fason pou itilize mizik pou ansenye doktrin nan, gade seksyon “Itilize Mizik Pou Ansenye Doktrin” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan ak Kantik Primè yo” nan “Enstriksyon pou Peryòd Echanj ak Prezantasyon Mizik Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan fen manyèl sa a.

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Paske fwaye a se sant aprantisaj levanjil la, youn nan objektif ou kòm enstriktè nan Primè se ankouraje aprantisaj nan fwaye a. Kijan w ka ede timoun yo pataje sa yo aprann nan klas la avèk fanmi yo? Kijan w ka ankouraje timoun yo ak fanmi yo pou yo kontinye aprann nan Ansyen Testaman an lakay yo?

Pou ide konsènan fason pou itilize mizik pou ansenye doktrin nan, gade seksyon “Itilize Mizik Pou Ansenye Doktrin” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan ak Kantik Primè yo” nan “Enstriksyon pou Peryòd Echanj ak Prezantasyon Mizik Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan fen manyèl sa a.