Vini, Suiv Mwen
21–27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a


“21–27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Prim: Nouvo Testaman 2019 (2019)

21–27 Janvye. Jan 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
yon fi k ap pataje levanjil la nan yon estasyon tren

21–27 Janvye.

Jan 1

Nou jwenn Mesi a

Lè w ap li Jan 1 an, ekri enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa a. Aktivite sa yo kapab ba ou ide sou fason pou w ede timoun yo aprann prensip yo ki nan Jan 1 an. Aktivite pou timoun ki pi gran yo kapab adapte pou timoun ki pi piti yo, si bezwen.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede timoun yo pataje sa yo konnen osijè Jezi, ou gen dwa montre yo foto limenm k ap ranpli kèk nan wòl yo dekri nan Jan 1 yo. Apresa mande yo pou yo dekri kisa k pase (tankou kreye tè a oubyen anseye levanjil la).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jan 1:1–2

Jezi te viv avèk Pè Selès la anvan l te fèt.

Jan te anseye ke Jezikri te viv avèk Bondye anvan eksperyans li nan mòtalite a. Nou menm tou nou te viv avèk Bondye anvan nou te fèt (gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129). Kijan w pral anseye timoun yo verite sa a?

Aktivite posib

  • Eksplike ke “Pawòl la” nan Jan 1:1 a fè referans avèk Jezi. Li vèsè a fò, epi mande timoun yo pou yo di “Jezi” chak fwa ou repete mo “Pawòl la.” Montre desen sou Lavi Premòtl la (LDS.org). Eksplike yo ke Jezikri te viv avèk Papa nou ki nan Syl la anvan l te vin sou tè a.

  • Anseye timoun yo ke noumenm tou nou te viv avèk Bondye anvan nou te vin sou tè a. Ou gen dwa itilize “Entwodiksyon: Plan Pè Selès nou an,” Istwa Nouvo Testaman, 1–5; videyo korespondan an (LDS.org); oswa Gid Ekriti yo, “Lavi Premòtèl,” scriptures.lds.org.

  • Envite yon paran pou pote yon tibebe nan klas la, epi itilize sa kòm yon opòtinite pou w anseye ke nou te viv nan syèl la avèk Papa nou ki nan Syèl la antanke pitit espri li anvan nou te vin fèt sou tè a.

Jan 1:3

Jezi te kreye tout bagay.

Anpil timoun tou natirèlman renmen lè yo nan mitan kreyasyon Senyè a fè yo. Konesans sou wòl Kris la antanke Kreyatè a kapab ede pou fè yo vin gen plis reverans pou li.

Aktivite posib

  • Li Jan 1:3 avèk timoun yo, epi montre yo foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Ede timoun yo memorize fraz “se [Jezikri] ki te fè tout bagay” la.

  • Mennen yo al fè yon ti mache deyò a. Fè yo chak pran tan pou dekri yon kreyasyon yo wè, epi mande klas la pou devine sa y ap dekri a.

  • Mande timoun yo pou yo reflechi sou fason yo ta ka pran swen kreyasyon yo ki antoure yo a (paregzanp, montre jantiyès pou bèt yo).

Imaj
leve solèy nan yon forè

Jezikri te kreye mond lan ak tout sa ki ladan l.

Jan 1:35–51

Mwen ka envite lòt moun vin jwenn Jezikri e aprann de li.

Jan 1 gen istwa sou disip ki te envite moun pou yo “vini pou yo wè” ke Jezi se Pitit Bondye. Menm timoun piti yo kapab suiv egzanp sa a.

Aktivite posib

  • Dekri kijan Jan te anseye Andre sou Jezi, epi di kijan Andre limenm te anseye Pyè (gade Jan 1:35–42). Rakonte kijan ou te fè dekouvri Legliz la, oubyen envite yon nouvo manm pou l vin di kijan l te aprann osijè Legliz la.

  • Pataje istwa Filip k ap envite Natanyèl pou l “vini epi gade” a (Jan 1:43–51). Kache yon foto Jezi nan yon bwat, epi envite youn nan timoun yo pou l “vini epi gade” li epi apresa pou l di lòt timoun yo kisa l te wè.

  • Fè timoun yo kolorye imaj ki nan paj aktivite semèn sa a, epi ankouraje yo pou yo itilize l pou envite yon moun vin aprann osijè Jezi.

  • Mande yon timoun pou l pale de yon okazyon kote li te pataje yon bagay, tankou yon jwèt oubyen yon kado, avèk yon moun. Kijan nou ka pataje levanjil la? Rakonte istwa yon timoun ki te pataje levanjil la avèk yon zanmi, tankou istwa Èldè M. Russell Ballard la sou Jozye a (“Fè suivi,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 78–81).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jan 1:1–5

Jezikri te viv avèk Pè Selès la anvan l te fèt.

Menm anvan l te fèt, Jezi te jwe yon wòl enpòtan nan plan Pè Selès la. Pandan w ap li Jan 1:1–5 la, kisa ki enpresyone ou osijè travay Kris la nan lavi premòtèl la?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo si yo konn yon bagay sou sa Jezi te fè anvan l te fèt. Envite yo pou yo chèche repons nan Jan 1:1–5. Sa ka ede tou si w ta gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–5 (nan apendiks Bib la).

  • Li “Entwodiksyon: Plan Pè Selès nou an,” Istwa Nouvo Testaman, 1–5, avèk timoun yo oubyen pase videyo korespondan an (LDS.org). Mande yo kisa yo aprann osijè Jezikri.

  • Envite kèk nan timoun yo pou vin nan klas la tou prepare pou yo montre oubyen dekri yon bagay yo te kreye. Montre yo foto kèk nan kreyasyon Senyè a epi itilize Jan 1:3 pou eksplike ke Jezi te kreye tout bagay.

Jan 1:4–9

Jezikri se limyè mwen.

Senbòl limyè a kapab ede timoun yo konprann Sovè a ak levanjil li a. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo chèche limyè Sovè a lè mond lan sanble l fènwa?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Som 27:1; Jan 1:4–9; Mozya 16:9; ak Doktrin ak Alyans 39:1–2, pandan y ap chèche ki fraz ekriti sa yo genyen ki sanble. Nan ki fason Jezikri tankou yon limyè?

  • Montre yon foto Sovè a ak kèk objè ki bay limyè, tankou yon flach. Kijan Jezikri sanble avèk objè sa yo? Kijan nou ka pataje limyè li avèk lòt moun? Chante ansanm “Christ est ma lumière,” Cantiques, no. 50, oubyen yon lòt kantik osijè limyè levanjil la.

  • Mande timoun yo kisa yo fè lè yo nan fènwa oubyen lè yo pè. Temwaye ke yo ka toujou rele Sovè a lè yo santi yo pè.

Jan 1:35–51

Antanke disip Jezikri, m ap envite lòt moun pou suiv li.

Reflechi sou fason w ka itilize egzanp ki nan Jan 1:35–51 yo pou ankouraje timoun yo pou yo envite lòt moun vin aprann sou Sovè a.

Aktivite posib

  • Ede yo chèche Jan 1:35–51 pou yo ka jwenn kisa kèk moun te konn di pou yo te envite lòt vin aprann sou Sovè a. Fè yo pratike sa yo ta ka di pou envite yon zanmi vin aprann osijè li.

  • Mande yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou fè yon envitasyon yo ka itilize pou envite yon zanmi oubyen yon manm fanmi vin aprann plis sou Jezikri.

  • Bayo opòtinite pou yo pale klas la de yon bagay yo renmen. Ede yo wè kijan pataje levanjil la se ka menm bagay avèk pataje lòt bagay yo renmen. Ou gen dwa pase videyo “Bon bagay pou pataje” a (LDS.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo envite yon moun yo renmen pou l vin aprann osijè Jezikri.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo vizyalize istwa a. Chèche fason pou kreye yon reprezantasyon vizyèl sou istwa a, enkli imaj ilistrasyon levanjil, desen, videyo, maryonèt, oswa teyat.