Vini, Suiv Mwen
14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adore li


“14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adore li,” Vini, Suiv Mwen—Po Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Wa Maj k ap vwayaje sou chamo

Annou adore li pa Dana Mario Wood

14–20 Janvye.

Lik 2; Matye 2

Nou vini pou n adore li

Kòmanse li Matye 2 ak Lik 2. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak fanmi yo a kapab ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba ou ide pou ansèyman ou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo di kisa yo sonje sou nesans Jezikri. Ki pati yo pi renmen nan istwa a?

Imaj
senbòl ansyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Lik 2:1–14

Jezi te fèt.

Jezi te kite lakay li avèk Papa nou ki nan Syèl la pou l te vin fèt sou tè a pou l te ka vin Sovè nou. Kijan w ka ede timoun yo sonje istwa nesans Kris la?

Aktivite posib

  • Pandan w ap li istwa nesans Kris la, envite timoun yo pou yo mime istwa a yomenm oubyen itilize paj aktivite semèn sa a. Gade “Chapit 5: Jezikri fèt,” Istwa Nouvo Testaman, 13–15 tou, oubyen videyo korespondan an (LDS.org).

  • Si w gen yon krèch, pote li epi envite timoun yo pou yo mete pyès yo nan plas apwopriye yo pandan w ap rakonte istwa nesans Jezikri a. Ou gen dwa montre yo yon foto Nativite a tou (gade, paregzanp, plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Endike yo diferant moun nan Nativite yo epi envite yo pou yo di sa yo konnen sou yo chak.

  • Chante kantik timoun yo pi renmen sou nesans Jezi yo ansanm. Pandan w ap fè sa, chèche opòtinite pou w rann temwayaj ou konsènan Sovè a epi envite yo pou yo di poukisa yo renmen Jezi.

Matye 2: 1–12

Mwen ka bay Jezi bon kado.

Wa Maj yo te bay Jezi lò, lansan, ak la myrrhe kòm kado. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo ke yo ka bay Jezi kado tou—kado tankou lanmou, sèvis, ak obeyisans?

Aktivite posib

  • Montre yon foto Wa Maj yo pandan w ap repase istwa yo a, ki nan Matye 2:1–12 la avèk timoun yo. Ou gen dwa montre foto Wa Maj yo k ap prezante kado yo (LDS.org).

  • Vlope foto oubyen objè ki reprezante kado nou ka bay Jezi nan papye kado. Envite timoun yo pou yo ede w louvri kado yo epi diskite sou fason nou bay Sovè a kado sa yo.

  • Ede chak timoun desine oubyen ekri yon lis kado yo ka bay Jezi, tankou “rete yon bon zanmi” oubyen “priye.” Envite yo pou yo pataje lis yo a avèk klas la epi chwazi youn ladan yo pou travay sou li semèn sa a.

Lik 2:40–52

Jezi te yon timoun menmjan avèk mwen.

Aprann sou anfans Sovè a kapab ede timoun w ap anseye yo idantifye yo avèk li. Mande yo kisa yo ka aprann nan vèsè sa yo sou fason yo ka vin menmjan avèk Jezi kounyeya.

Aktivite posib

  • Envite youn nan jèn yo nan pawas la pou l vizite klas la epi pataje istwa Jezi k ap anseye nan tanp lan lè l te yon jènjan an.

  • Mande plizyè alavans pou yo pote foto yomenm kòm tibebe pou yo pataje. Mande yo kisa ki montre ke yo grandi. Pataje kèk nan fason Jezi te grandi (gade Lik 2:40, 52). Chante avèk timoun yo “Jésus enfant,” Chants pour les enfants, 34, oubyen yon lòt chan sou Sovè a.

  • Li Lik 2:52 epi eksplike kisa “sajès” ak “wotè” vledi. Ou gen dwa mande timoun yo pou yo fè jès ki montre kisa savle di pou yon moun grandi an sajès ak nan wotè devan Bondye ak lòt moun. Paregzanp, yo gen dwa fè jès tankou y ap li yon liv oubyen y ap ede yon moun ki nan bezwen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Lik 2:1–21; Matye 2:1–2

Ansyen pwofèt yo te predi nesans Sovè a.

Pwofèt yo ak kwayan yo t ap tann nesans Sovè a avèk enpasyans pandan dè syèk. Konprann verite sa a kapab ede timoun yo akeri yon pi gwo apresyasyon pou lavi ak misyon Sovè a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pale sou evenman y ap tann, tankou yon nesans oubyen yon jou fèt. Fè yo li Elaman 14:2–5 pou yo ka jwenn yon bagay pwofèt yo t ap tann avèk enpasyans.

  • Li kèk pwofesi sou nesans Sovè a ansanm (gade Ezayi 7:14; 9:6; 1 Nefi 11:18; Elaman 14:5). Ede timoun yo fè lis sou detay ki nan pwofesi sa yo epi chèche wè si yo te akonpli nan Lik 2:1–21 ak Matye 2:1–2.

  • Envite yo pou yo desine Nativite a epi di poukisa yo rekonesan dèske Jezi te fèt.

Imaj
Mari, Joseph, ak Simeyon avèk tibebe Jezi

Simeon ap adore Kris, ti bebe a, pa Greg K. Olsen

Luke 2:40, 52

Jezi te yon timoun menmjan avèk mwen yon fwa.

Menmjan ak Jezi, timoun w ap anseye yo gen yon misyon enpòtan pou yo prepare tèt yo pou yo fè. Kisa yo ka aprann nan egzanp Jezi a?

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Lik 2:40, 52 a, mande timoun yo pou yo koute kisa Jezi te fè. Envite yo pou yo eksplike nan ki fason yo grandi depi yo te tou piti a. Di yo kijan ou te aprann levanjil la tikal pa tikal; epi apresa rann temwayaj ou.

  • Fè aktivite ki ilistre fraz nan Lik 2:40, 52 yo. Paregzanp, ou gen dwa mezire wotè chak timoun (“Jezi te grandi nan ... Wotè”) oubyen fè yo pataje ekriti prefere yo (“li te fòtifye nan lespri”). Ede timoun yo note ki fason y ap grandi epi pataje l avèk fanmi yo.

  • Apre yo fin repase Lik 2:40, 52 la, envite yo pou yo di kijan yo panse Jezi te ye lè l te gen laj yo. Kijan l te trete manman l? Frè l ak sè l yo?

Lik 2:41–52

M ka suiv egzanp Jezikri.

Menm lè l te yon jèn gason, Jezi te anseye ansyen yo nan tanp lan. Menmjan tou, timoun nan klas ou yo gen anpil bagay yo ka anseye moun bò kote yo.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l vini prepare pou fè rezime istwa a ki nan Lik 2:41–52 la. Pou ede timoun yo konprann istwa a, anseye yo kisa “travay Papa a” vledi. Paregzanp, ou gen dwa di yo ki metye oumenm oubyen paran w genyen. Kisa k te metye oubyen “travay” Joseph, papa terès Jezi a? (gade nan Matye 13:55 Kisa k te biznis Pè Selès li? (gade Lik 2:46–49; gade Moyiz 1:39 tou.

  • Avèk timoun yo, li Lik 2:46–49 epi mande yo “Kijan Jezi t ap fè ‘travay Papa’ l la? Ede yo fè lis oubyen desine sou tablo a fason yo ka ede fè travay Pè Selès la tou.

  • Pou ede timoun yo bati konfyans ke yomenm tou, tankou Jezi lè l te tigason an, yo ka anseye levanjil la, ede yo fè pratik pou youn anseye lòt yon prensip nan bwochi Pou fòs jèn yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo anseye fanmi yo yon bagay yo te aprann sou nesans Kris la.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen kiryozite epi yo aprann nan plizyè fason. Timoun renmen aprann apati nouvo eksperyans ki varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26.)