Ansyen Testaman 2022
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Pou Kimoun Manyèl sa a ye?

Manyèl sa a destine pou tout moun ak tout fanmi nan Legliz la. Yo prepare l pou ede w aprann levanjil la—keseswa poukont ou oubyen ansanm avèk fanmi ou. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman nan lepase, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w te deja pran bon abitid pou etidye levanjil la, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.

Kijan m Ta Dwe Itilize Manyèl Sa a?

Itilize l nan nenpòt fason k ap itil pou ou. Ou gendwa petèt itilize l kòm yon gid oubyen kòm yon èd pou etid ekriti pèsonèl ak familyal ou. Ou gen dwa itilize l pou sware familyal tou. Plan leson yo souliyen prensip enpòtan w ap jwenn nan Ansyen Testaman an, ki sigjere ide ak aktivite pou moun yo ak fanmi yo, epi ki gen espas ki prepare pou w note enpresyon ou.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pa la pou ranplase ni antre an konpetisyon avèk bon bagay ou deja ap fè yo. Suiv direksyon Lespri a pou w ka detèmine kijan w ap òganize etid ou sou pawòl Bondye a.

Imaj
yon koup k ap li ekriti yo lakay li

Ki Rapò ki Genyen Ant Manyèl sa a Avèk Sa k ap Pase nan Legliz la?

Plan leson yo bay yo nan manyèl sa a òganize selon yon orè lekti chak semèn. Resous Vini, Suiv Mwen pou Primè, pou Lekòl Didimanch, ak pou Kowòm Prètriz Aawon ak klas Jènfi yo suiv mwen orè a. Pou sipòte efò ou pou aprann ak viv levanjil la nan fwaye a, enstriktè w yo nan legliz la pral ba ou opòtinite pou w pataje eksperyans ou, panse ou, ak poze kesyon w genyen sou pasaj ekriti w ap etidye nan fwaye a.

Paske Lekòldidimanch anseye sèlman defwa pa mwa, enstriktè Lekòldididimanch yo gen dwa chwazi pou yo sote oswa konbine plan leson yo pou yo ka rete ajou avèk orè ebdomadè a. Sa ka nesesè tou (pou Lekòldidimanch ak Primè) nan semèn kote reyinyon regilye legliz yo pa p fèt akoz konferas pieu oswa lòt rezon. Pandan semèn sa yo, yo envite nou pou nou kontinye etidye Ansyen Testaman an lakay nou.

Èske m Oblije Suiv Orè pou Etid la?

Orè a ap ede w li seleksyon nan Ansyen Testaman ak Pèl Gran Pri yo rive nan fen ane a . Anplis, suiv menm orè avèk lòt moun ka mennen nan eksperyans siyifikatif nan fwaye a, nan Legliz la, ak tout lòt kote. Men, ou pa dwe santi w oblije suiv orè a oubyen ou oblije li chak vèsè; orè a se sèlman yon gid pou ede ou mezire pwogresyon ou. Sa k pi enpòtan an sèke w ap aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou.

Nòt konsènan Orè Lekti pou Ansyen Testaman an

Orè lekti yo sigjere nan Vini, Suiv Mwen pou ane 2022 a pa enkli chak chapit nan Ansyen Testaman an. Paske Ansyen Testaman an pi long pase lòt liv ekriti yo, nou retire kèk chapit ak kèk liv pou fè orè lekti a pi fasil pou oumenm ak fanmi w jere.

Chapit ak liv yo te seleksyone pou evite repetisyon ak pou souliyen pasaj ki temwaye de Jezikri yo, yo rich an doktrin. Pa egzanp, orè lekti yo sigjere a pa enkli 1ak 2Kwonik paske pifò nan kontni liv sa yo se diplikata materyèl nou jwenn nan 1ak 2Wa yo. Orè a pa enkli Kantik Salomon an nonplis, paske pwofèt Joseph Smith te anseye ke l se pa ekriti enspire (gade Gid Ekriti yo, “Chant de Salomon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Sepandan, sonje ke sa a se jis yon sigjesyon orè etid. Etid ekriti pèsonèl ak familyal ou ta dwe gide pa revelasyon pèsonèl.