Ansyen Testaman 2022
Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou


“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Yon timoun ak yon manman k ap etidye ekriti yo lakay yo

Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou

Etid ekriti familyal regilye se yon mwayen puisan pou ede fanmi w aprann levanjil la. Kantite w li ak dire lekti ou an fanmi an pa osi enpòtan ke konsistans nan efò w yo. Lè w fè etid ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi familyal ou, w ap ede manm fanmi w rapwoche yo de Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri epi bati temwayaj yo sou fondasyon pawòl Bondye a.

Reflechi sou kesyon sa yo:

  • Kijan w ka ankouraje manm fanmi w pou yo etidye ekriti yo pou kont yo?

  • Kisa w ka fè pou ankouraje manm fanmi w pataje sa y ap aprann yo?

  • Kijan w ka mete aksan sou prensip w ap aprann nan Anysen Testaman an nan moman ansèyman chak jou yo?

Sonje ke fwaye a se kote ideyal pou moun aprann levanjil la. Ou ka aprann ak anseye levanjil lakay ou nan fason ki pa posib nan yon sal klas nan Legliz la. Se pou w kreyatif lè w ap panse sou fason pou w ede fanmi w aprann nan ekriti yo. Itilize kèk nan ide sa yo pou anrichi etid ekriti familyal ou,

Itilize mizik.

Chante kantik ki ranfòse prensip yo anseye nan ekriti yo. Gen yon kantik oubyen chan pou timoun yo sigjere nan plan leson pou chak semèn. Ou gen dwa poze manm fanmi yo kesyon sou pawòl oubyen fraz ki nan tèks kantik yo. Anplis de chante, fanmi w ka fè aksyon ki mache avèk kantik yo oubyen koute kantik yo kòm fon mizikal pandan y ap fè lòt aktivite. Pou plis ide, gade “Enkli Mizik Sakre nan Aprantisaj Levanjil Ou a” nan resous sa a.

Pataje Ekriti Siyikatif

Bay manm fanmi w tan pou yo pataje pasaj ekriti yo twouve ki siyifikatif nan etid pèsonèl yo.

Itilize Pwòp Mo Pa w

Envite manm fanmi yo pou yo fè rezime sa yo aprann nan ekriti w ap etidye yo nan pwòp mo pa yo.

Imaj
Yon jèn k ap ede yon timoun piti li ekriti yo

Aplike Ekriti yo nan Lavi W

Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo eksplike ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo.

Poze Yon Kesyon

Envite manm fanmi yo pou yo poze yon kesyon sou levanjil la, epi apre sa, pran tan pou w chèche vèsè ki kapab ede reponn kesyon an.

Afiche yon Ekriti

Chwazi yon vèsè ou twouve ki siyifikatif, epi afiche l kote tout manm fanmi an ka wè l souvan. Envite lòt manm fanmi yo pou yo chak chwazi yon ekriti pou yo afiche lè se tou pa yo tou.

Fè yon lis Ekriti

Antanke fanmi, chwazi plizyè vèsè nou ta renmen diskite pandan semèn k ap vini an.

Memorize Ekriti yo

Chwazi yon pasaj ekriti ki enpòtan pou fanmi w epi mande yo pou yo memorize li kote y ap repete l chak jou oubyen y ap jwe yon jwèt memwa.

Imaj
moun k ap chante ansanm lakay yo

Pataje Objè Leson yo

Chèche objè ki an rapò avèk prensip levanjil ki nan pasaj ekriti nou ap li an fanmi an. Envite manm fanmi yo pou yo di kijan chak objè gen rapò avèk ansèyman nan ekriti yo.

Chwazi yon sijè

Fè chak manm fanmi w yo chwazi yon sijè fanmi an ap etidye ansanm lè tou pa yo rive. Itilize Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, oubyen Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) pou n ka jwenn pasaj ekriti sou sijè a.

Fè yon Desen

Li kèk vèsè an fanmi, epi bay tan pou manm fanmi yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa w ap li a. Pran tan pou nou chak diskite sou desen lòt.

Jwe wòl yon istwa

Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo pou yo fè yon senaryo avèk li. Apre sa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa n ap viv endividyèlman oubyen antanke fanmi.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt ke pandan nou ap travay dilijamman pou nou remodle fwaye nou pou tounen yon sant aprantisaj levanjil la, avèk letan jou Saba yo ap vinl tounen yon delis toutbon. Pitit ou yo pral kontan pou yo aprann ak viv ansèyman Sovè a, epi enfliyans advèsè a nan lavi w ak lakay ou ap diminye. Chanjman yo nan fanmi w ap dramatik e dirab” (“Vin Tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018,113).