Ansyen Testaman 2022
Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou


“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo lakay li

Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou

Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo:

Chèche Verite Konsènan Jezikri

Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwaye konsènan Kris la (gade nan 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, anvizaje note oubyen make vèsè ki anseye konsènan Sovè a ak kijan pou w suiv Li.

Chèche Mo ak Fraz ki Bay Enspirasyon

Ou gen dwa jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi se te pou ou espesyalman yo te ekri yo. Yo gen dwa touche w pèsonèlman e enspire w ak motive w. Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.

Chèche Verite Levanjil yo

Pafwa verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) fòmile dirèkteman, e pafwa yo enplike nan yon egzanp oubyen nan yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”

Koute Lespri a

Se pou w pote atansyon a panse w yo ak santiman w yo, menm si yo pa an rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo gen dwa egzakteman bagay Pè Selès la ta renmen pou w aprann yo.

Konpare Ekriti yo Avèk Lavi W

Reflechi sou fason istwa ak ansèyman w ap li yo aplike ak lavi w. Pa egzanp, ou gen dwa mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li la a?” oubyen “Ki fason m ka suiv egzanp moun sa a nan ekriti yo?”

Poze Kesyon Pandan W ap Fè Etid la

Pandan w ap li ekriti yo, gen kesyon ki ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa an rapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.

Imaj
Yon jèn k ap etidye ekriti yo lakay li

Itilize Èd pou Etid Ekriti yo

Pou w ka jwenn ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize referans yo bay anba paj yo, Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, Gid pou Ekriti yo nan (scriptures.lds.org), ak lòt èd pou etid.

Konsidere Kontèks Ekriti yo

Ou ka jwenn ide siyifikatif konsènan yon ekriti si w konsidere kontèks li—sikonstans oubyen kad ekriti a. Pa egzanp, konnen antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt te pale ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize.

Ekri Panse w yo ak Santiman w yo

Gen anpil fason pou w ekri enpresyon ki vini pandan w ap fè etid yo. Pa egzanp, ou gen dwa make yon mo oubyen yon fraz ki siyifikatif pou ou epi ekri sa k vin nan lespri w yo kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou gen dwa fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou.

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo

Li sa pwofèt ak apot modèn yo anseye sou prensip ou jwenn nan ekriti yo (paregzanp, gade nan conference.ChurchofJesusChrist.org ak nan Church magazines).

Pataje Ide

Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou.

Aplike Sa W Aprann yo

Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou—men sa dwe fè nou chanje fason n ap viv tou. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apresa, pran angajman pou w aplike enspirasyon sa yo.

Èldè David A. Bednar te di: “Nou pa ta dwe atann pou Legliz la kòm òganizasyon anseye oswa di nou tout bagay nou bezwen konnen ak tout bagay nou dwe fè pou nou vin tounen disip devwe epi pèsevere avèk vanyans jiska la fen [gade nan Doktrin ak Alyans 121:29]. Olyede sa, responsablite pèsonèl nou se pou nou aprann sa nou dwe aprann, pou nou viv jan nou konnen nou dwe viv la epi pou nou vin tounen moun Mèt la ta renmen nou vin tounen an. Epi fwaye nou se andwa prensipal pou nou aprann, viv ak vin tounen sa” (“Prepare pou Nou Jwenn Tout Sa Ki Nesesè,” Ensign oswa Lyawona, Me 2019,102).