Nouvo Testaman 2023
17–23 Avril Matye 18; Lik 10: “Kisa M Dwe Fè pou M Eritye Lavi Etènèl?”


“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa M Dwe Fè pou M Eritye Lavi Etènèl?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Bon Samariten an

Bon Samariten an, pa Dan Burr

17–23 Avril

Matye 18; Lik 10

“Kisa M Dwe Fè pou M Eritye Lavi Etènèl?”

Pandan w ap li ak medite nan lapriyè sou Matye 18 ak Lik 10, pote atansyon a enspirasyon pezib Sentespri a ba ou yo. L ap di w kijan ansèyman ak istwa sa yo aplike pou ou. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Lè w poze Senyè a yon kesyon, ou gendwa resevwa yon repons ou pa t ap atann. Kiyès ki pwochen mwen? Nenpòt moun ki bezwen èd ou ak lanmou ou. Kimoun ki pi gran nan wayom syèl la? Yon timoun. Èske sa ase pou padone yon moun ki ofanse w sèt fwa? Non, ou dwe padone swasanndisèt fwa sèt fwa. (Gade Lik 10:29–37; Matye 18:4, 21–22.) Repons sanzatann nan men Senyè a ka envite nou pou chanje fason nou panse, santi ak aji. Si w ap chèche volonte Senyè a, paske ou vrèman vle aprann de Li, Senyè a ap anseye ou kijan pou viv yon fason ki mennen nan lavi etènèl avèk Li.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 18:21–35

Mwen dwe padone lòt moun si m bezwen resevwa padon nan men Senyè a.

Sigjesyon Pyè a ke l ka padone yon moun sèt fwa a gendwa parèt trè jenere, men Jezi te anseye yon lwa siperyè. Repons li: “Mwen pa di w jiska sèt fwa: men, jiska swasanndis fwa sèt fwa,” (vèsè 22),se pat yon ansèyman konsènan chif men sete pito konsènan devlope atitid padon nan fason Kris la. Pandan w ap li parabòl sèvitè enpitwayab la, medite sou okazyon kote w te santi mizèrikòd ak konpasyon Bondye. Èske gen yon moun ki bezwen santi mizèrikòd ak konpasyon ou?

Eldè David E. Sorensen te bay avètisman enpòtan sa a: “Malgre nou dwe padone yon pwochen ki blese nou, nou ta dwe toujou travay yon fason konstriktif pou evite ke domaj sa repete. … Padon pa mande pou nou aksepte oswa tolere mal. … Men lè n ap batay kont peche, nou pa dwe kite lahèn oswa kòlè kontwole panse oswa aksyon nou yo” (“Padon Pral Chanje Amètim an Lanmou,” Lyawona, Me 2003, 12).

Lik 10:1–20

Kiyès Swasanndis yo ye?

Si n suiv yon modèl ki te etabli nan epòk Ansyen Testaman an (gade Egzòd 24:1; Resansman 11:16), Jezikri te “chwazi lòt swasanndis,” anplis Douz Apot li yo, pou temwaye konsènan li, preche levanjil li a, ak ede l nan travay li a. Modèl sa a kontinye nan Legliz retabli a. Swasanndis aple pou asiste Douz yo nan misyon yo kòm temwen espesyal Jezikri nan tout mond lan.

Gade tou Doktrin ak Alyans 107:25–26, 33–34, 97.

Lik 10:25–37

Pou m jwenn lavi etènèl, mwen dwe renmen Bondye epi renmen pwochen m tankou tèt mwen.

Li ta bon pou w sonje ke parabòl bon Samariten an sete fason Jezi pou l te reponn kesyon: “Kisa M Pral Fè pou M Eritye lavi etènèl?” la ak “Kiyès ki se pwochen m?” nan. (Lik 10:25, 29). Pandan w ap li parabòl sa a, kenbe kesyon sa yo nan tèt ou. Ki repons ou jwenn?

Nan epòk Jezi a, animozite ant Juif yo ak Samariten yo te egziste depi dè syèk. Samariten yo sete desandan Juif ki t ap viv nan Samari ki te marye avèk Janti yo. Juif yo te santi ke Samariten yo te vin kowonpi paske yo te asosye yo avèk Janti yo epi yo te tonbe nan apostazi. Yo te konn fè detou sou plizyè kilomèt pou yo te ka evite pase nan Samari. (Gade tou Lik 9:52–54; 17:11–18; Jan 4:9; 8:48.)

Poukisa ou panse Sovè a te chwazi yon Samariten, yon moun Juif yo te rayi, kòm egzanp konpasyon ak lanmou pou pwochen nou? Kisa parabòl sa a enspire w pou w fè ?

Gade tou Mozya 2:17; “Parabòl Bon Samariten an” (videyo, ChurchofJesusChrist.org

Lik 10:38–42

Nou chwazi “bon pati sa a” si chak jou nou fè chwa ki mennen nan lavi etènèl.

Nan Lik 10:38–42, Jezi te jantiman envite Marta pou panse diferaman konsènan fason li tap itilize tan li. Apre l site vèsè sa yo, Sè Carol F. McConkie te anseye: “Si nou gen pou n sen, nou dwe aprann pou nou chita nan pye Moun Sen Izrayèl la epi konsakre tan pou sentete. Èske nou mete telefòn, lis aktivite saan fen yo, ak sousi mond lan akote? Priyè, etid, ak pote atansyon a pawòl Bondye a envite lanmou netwayan ak gerisè li nan nam nou. Se pou nou pran tan pou nou sanktifye, pou nou ka ranpli avèk Lespri sakre ak sanktifyan Li a” (“Bote nan Sentete,” Lyawona, Me 2017, 11). Ou gendwa vle egzaminen fason ou pase tan ou—menm nan bon bagay yo. Èske gen yon bagay “nesesè” (vèsè 42) ki plis bezwen atansyon ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 18:1–11.Poukisa Jezi ta renmen nou vin tankou yon timoun piti? Ki kalite timoun yo genyen ke nou ka devlope pou vin plis tankou Kris la? (gade Mozya 3:19).

Imaj
Jezi avèk timoun yo

Jezi vle disip li yo vin tankou timoun piti.

Matye 18:15.Kijan nou ka aplike konsèy ki nan Matthew 18:15 nan entèraksyon ak fanmi nou? Kijan fanmi ou tap beni si ou ta fè sa?

Matye 18:21–35.Kisa parabòl sa a anseye nou konsènan Jezikri? Kisa li anseye nou konsènan fason pou nou trete lòt moun?

Lik 10:25–37.Manm fanmi yo gen dwa kontan mete kostim ak monte teyat avèk parabòl sa a. Kijan pafwa nou tankou diferant moun yo ki nan parabòl la? Kijan Sovè a tankou bon Samariten an? Kijan nou ka tankou bon Samariten an?

Ou gendwa anvizaje chante ansanm yon kantik oswa chan pou timoun ki sipòte verite yo ki nan parabòl sa a. Yon egzanp se “Seigneur, Je te Suivrai” (Kantik, no. 220), men gen anpil lòt. Manm fanmi yo gendwa kontan chèche jwenn yon kantik oswa chan epi eksplike kijan li gen rapò avèk parabòl la.

Lik 10:38–42.Èske l pafwa difisil anpil pou n antre bagay espirityèl yo nan orè fanmi ou? Istwa Mari ak Mat la ta ka enspire w yon konsèy familyal oubyen yon sware familyal sou fason pou w fè sa pi byen. Kòm yon fanmi, ou ta ka fè yon lis sou fason pou chwazi “bon pati sa a” (Lik 10:42).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Aimez chacun,” Chants pour les enfants,, 61.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje yon anbyans lanmou. Fason manm fanmi yo santi yo youn pou lòt ak trete youn lòt ka enfliyanse pwofondeman espri ki nan fwaye w. Ede tout manm fanmi an fè pati pa yo pou etabli yon fwaye lanmou ak respè pou tout moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans, kesyon, ak temwayaj yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,15.)

Imaj
Kris la avèk Mari ak Mat

Kris la lakay Mari ak Mat, tablo Walter Rane