Nouvo Testaman 2023
3–9 Avril. Pak: “O, Tonbo! Kote Viktwa Ou?”


“3–9 Avril. Pak: ‘ “O, Tonbo! Kote Viktwa Ou?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“3–9 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Tonb nan Jaden an

3–9 Avril

Pak

“O, Tonbo! Kote Viktwa Ou?”

Pandan w ap li temwayaj sou Rezirèksyon Sovè a ki nan plan sa a, pran nòt sou sa w santi ak enpresyon ou resevwa nan men Sentespri a.

Ekri Enpresyon wyo

Pandan dènye semèn lavi Sovè a, anpil Juif bò kote li t ap patisipe nan tradisyon Pak yo. Yo te prepare manje, chante kantik, epi rasanble ansanm pou yo te sonje delivrans kay Izrayèl la soti nan esklavay anba men Ejipsyen yo. Fanmi yo t ap koute istwa zanj destriktè a ki pa t touche kay zansèt yo ki te gen mak san timounton an sou pòt yo a. Nan mitan tout selebrasyon ki ranpli avèk senbòl delivrans lan, pa t gen anpil moun ki te konsyan ke Jezikri, Mouton Bondye a, ta pral delivre yo anba esklavaj peche ak lanmò—atravè soufrans li, lanmò li, ak Rezirèksyon li. Malgre sa, te genyen ki te rekonèt Jezi kòm Mesi yo te pwomèt la, Liberatè etènèl yo a. Apati jou sa a, disip Jezikri yo te rann temwayaj bay tout mond lan “ke Kris la te mouri pou peche nou yo … ; epi yo te antere li, epi l te leve ankò nan twazyèm jou a” (1 Korentyen 15:3–4).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 21–28

Jezikri delivre nou anba peche ak lanmò, Li fòtifye nou nan feblès nou, epi li rekonfòte nou nan eprèv nou.

Yon fason pou n konsantre sou benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a yo semèn sa a se pase tan chak jou ap li sou dènye semèn lavi Jezi a (gen yon orè etid yo ba nou la a). Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki ede w santi lanmou Sovè a? Medite sou sa chapit sa yo anseye w konsènan fason Li ka delivre ou anba peche, lanmò, eprèv, ak feblès yo? Kijan w egzèse lafwa nan pouvwa delivrans Li a?

Gade tou Easter.ComeuntoChrist.org.

Imaj
Jezi sou kwa a

Krisifiksyon, pa Louise Parker

Matye 28:1–10; Lik 24:13–35; Jan 20:19–29; 1 Korentyen 15:1–8, 55

Anpil temwen temwaye de Rezirèksyon Jezikri a.

Imajine kijan sa t ap ye pou disip yo t ap gade yo t ap moke Jezi, maltrete li, ak krisifye li. Yo te temwen pouvwa li, yo te santi verite ansèyman l yo, epi yo te gen lafwa ke l sete Pitit Gason Bondye a. Kòm temwen lanmò li sa siman te dwe lakòz disip li yo santi chagren ak konfizyon. Men byen vit yo te vin temwen gwo mirak Rezirèksyon l lan.

Kisa w ka aprann nan resi moun ki te temwen Sovè a Resisite yo? Make oubyen note eksperyans chak moun ki nan Matye 28:1–10; Lik 24:13–35; Jan 20:19–29; ak 1 Korentyen 15:1–8, 55. (Nou ka jwenn lòt temwen Kris resisite a nan 3 Nefi 11; Mòmon 1:15; Etè 12:38–39; Doktrin ak Alyans 76:19–24; 110:1–10; ak Joseph Smith—Istwa 1:15–17.) Kisa ki enpresyone w konsènan temwayaj temwen sa yo? Apre Rezirèksyon Sovè a, gen lòt moun ki te resisite e ki te parèt devan anpil moun (gade Matye 27:52–53; 3 Nefi 23:9). Kijan lafwa ou nan Sovè a ak pwomès rezireksyon an enfliyanse lfason ou viv?

Hade tou “Jezi Resisite,” “Senyè Resisite a te Parèt devan Apot yo,” “Benediksyon pou Moun Ki Pa te Wè epi ki Te Kwè Kanmèm” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

1 Pyè 1:3–11

Jezikri ba n lespwa ak lajwa.

Ki mo oubyen fraz nan 1 Pyè 1:3–11 yo ki ba w esperans gras ak Jezikri? Nan ki okazyon ou te santi eperans sa a?

Eldè Gerrit W te temwaye ke Rezireksyon an “bay lespwa pou moun ki te pèdi manm yo; moun yo ki te pèdi abilite pou wè, tande, oswa mache; oubyen moun ki te panse yo fayi devan maladi, twoub mantal, oswa lòt kapasite redui san pitye. L ap jwenn nou. L ap fè nou antye. … [Epitou] paske ‘Bondye limenm te ekspye pou peche mond lan’ [Alma 42:15], … Li ka pote nou sekou nan enfimite nou yo, avèk mizerikòd. … Nou repanti epi nou fè tout sa n kapab. Li ansèkle nou etènèlman nan bra lanmou li yo’ [2 Nefi 1:15]” (“Hosanna ak Hallelujah—Jezikri Vivan an: Kè Retablisman an ak Pak,” Lyawona, Me 2020, 54).

Gade tou Alma 27:28; 36:1–24; 3 Nefi 9:11–17; Mowoni 7:40–41.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

ComeuntoChrist.org.Easter.ComeuntoChrist.org genyen yon kwonoloji ak deskripsyon sou sa ki te pase chak jou nan dènye semèn lavi Sovè a. Chak jou nan semèn nan, fanmi ou ta ka repase deskripsyon sa yo pou yo wè sa Sovè a te fè jou sa a, oubyen ou ta ka li konsènan dènye semèn Li an nan ekriti yo ak fanmi ou (gade lis yo sigjere nan seksyon “Ide pou etid ekriti pèsonèl la” pi wo a).

Cantiques ak Chants pour les enfants.Panse pou w chante kantik ansanm sou Ekspyasyon ak Rezireksyon Sovè a pandan semèn sa a, ansanm ak kèk kantik ki mwens familye pou ou (Gade end” aboveks sij” above yo nan the topics index of Cantiques oswa Chants pour les Enfants, anba sij” above tankou “Ekspyasyon,” “Pak,” oswa “Rezireksyon.”) Pou ede manm fanmi w yo aprann chan yo, ou gen dwa montre yo imaj ki mache avèk pawòl yo.

“Jezikri” koleksyon nan Libreri Levanjil la.Koleksyon Libreri Levanjil la ki rele “Jezikri” a enkli videyo, pyès atistik ak mizik ki ka ede fanmi ou selebre Rezireksyon Sovè a pou Pak sa a.

“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo.”Kòm yon fanmi, li “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (ChurchofJesusChrist.org). Envite chak manm fanmi an chwazi yon mesaj Pak apati temwayaj sa a pou pataje avèk lòt moun. Pa egzanp, ou gendwa kreye afich pou w pibliye sou rezo sosyal, devan pòt ou, oubyen lakay ou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Jésus est ressuscité,” Chants pour les enfants,70.

Amelyore Etid Pèsonèl

Fikse bi ki reyalizab. Pase menmsi se kèlke minit nan yon jounen ap etidye ekriti yo ka beni lavi ou. Pran angajman pou w etidye chak jou, pou w jwenn yon mwayen pou raple w angajman w lan, ak pou w fè tout sa w kapab pou kenbe li. Si ou bliye, pa dekouraje. Jis rekòmanse.

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Jetsemani,, pa Adam Abram