Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27–28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”


“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27–28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27–28,” Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans: 2021

Imaj
Joseph Smith

15–21 Mas.

Doktrin ak Alyans 27–28

“Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”

Èldè D. Todd Christofferson te di ke lè w etidye ekriti yo epi w ekri enpresyon ou, “w ap fè plas nan kè w pou pawòl Bondye a, epi l ap pale avèk ou” (“Lè w konvèti,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 11).

Ekri enpresyon ou

Revelasyon te toujou yon konsèp relativman nouvo pou Sen yo pandan Retablisman an t ap kontinye fèt. Pemye manm Legliz yo te konnen ke Pwofèt Joseph Smith te ka resevwa revelasyon pou Legliz la, men èske lòt moun te kapab? Kesyon tankou sa yo te vin kritik lè Hiram Page, youn nan Yuit Temwen plak lò yo, te kwè ke l te resevwa revelasyon pou Legliz la. Anpil Sen fidèl te kwè ke revelasyon sa yo te soti kote Bondye. Senyè a te reponn kote l te anseye ke nan Legliz li a “tout bagay dwe fèt nan lòd” (Doktrin ak Alyans 28:13), ki vledi pou gen yon sèl moun ki “otorize pou resevwa kòmandman ak revelasyon” pou tout Legliz la (Doktrin ak Alyans 28:2). Malgre sa, gen lòt moun ki te ka resevwa revelasyon pèsonèl pou pati pa yo a nan travay Senyè a. Anfèt. pawòl Senyè a te di Oliver Cowdery yo se yon rapèl pou nou tout: “IM ap fè w konnen … kisa pou w fè” (Doktrin ak Alyans 28:15).

Gade “All Things Must Be Done in Order,” Revelations in Context, 50–53 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 27:1–4

Mwen dwe pran sentèn nan avèk yon sèl entansyon pou laglwa Bondye.

Sally Knight ak Emma Smith te batize an Jen 1830, men konfimasyon yo te boulvèse pa yon foul bandi. De mwa apre, Sally ak mari l, Newel, te vin vizite Emma ak Joseph, epi yo te deside ke yo t ap fè konfimasyon an kounyeya epi gwoup la t ap pran sentsèn ansanm. Pandan l te sou wout pou l t achte diven pou sentsèn nan, yon zanj te stope Joseph. Kisa zanj lan te anseye l sou sentsèn? (gade Doktrin ak Alyans 27:1–4).

Kisa vèsè sa yo anseye w sou fason Sovè a vle nou apwoche sentsèn nan? Kisa w santi w enspire pou w fè akoz sa w aprann yo?

Imaj
pen ak kèp sentsèn

Sentsèn raple nou sakrifis Sovè a.

Doktrin ak Alyans 27:15–18

Zam Bondye yo ap ede m kanpe kont mal.

Prezidan M. Russell Ballard te di: “Pa gen okenn gwo bagay gran nou kapab fè pou ame tèt nou spirityèlman. Pouvwa espirityèl sa a chita nan kantite ti zak nou koud ansanm nan yon twa fòtifikasyon spirityèl ki pwoteje nou ak kouvri nou kont tout mal” (“Be Strong in the Lord,” Ensign, Jiyè 2004, 8).

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 27:15–18 la, ou ka kreye yon tablo tankou sa anba a. Kisa w ap fè pou w mete chak pyès nan zam Bondye yo?

Pyès boukliye

Yon pati kò ki pwoteje

Kisa pati kò sa yo ka reprezante

Boukliye lajistis

Dezi ak afeksyon nou

Kaskèt sali

Tèt oubyen lespri

Gade Efezyen 6:11–18; 2 Nefi 1:23 tou.

Doktrin ak Alyans,28

Pwofèt vivan an se pòtpawòl Bondye pou legliz li a.

Imajine kisa sa t ap sanble si tout moun te ka resevwa kòmandman ak revelasyon pou tout Legliz la. Lè Hiram Page te deklare ke l te resevwa kalite revelasyon sa a, te gen konfizyon nan pami manm Legliz yo. Nan Doktrin ak Alyans 28, Senyè a te revele lòd pou revelasyon resevwa nan Lelgliz li a. Kisa w aprann nan seksyon sa a sou wòl espesifik Prezidan Legliz la? Kisa w aprann nan pawòl Senyè a te bay Oliver Cowdery yo nan vèsè 3 a? Kisa w aprann nan seksyon sa a sou fason Bondye ka dirije nou?

Gade DallinH. Oaks, “De liy kominikasyon,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 83–86.

Doktrin ak Alyans 28: 8–9

Poukisa misyon Oliver Cowdery kot Lamanit yo te siyifikan?

Youn nan objektif Liv Mòmon an se “pou Lamanit yo kapab vin gen konesans sou papa yo, pou yo kapab konnen pwomès Senyè a” (Doktrin ak Alyans 3:20). Sa te konsistan avèk pwomès Senyè a te fè anpil nan pwofèt Liv Mòmon yo (gade, paregzanp, 1 Nefi 13:34–41; Enò 1:11–18; Elaman 15:12–13). Premye manm Legliz yo te konsidere Endyen Ameriken yo kòm desandan pèp Liv Mòmon an. (Pozisyon ofisyèl Legliz la jodia sèke Lamanit yo “nan pami zansèt Endyen Ameriken yo” [entwodiksyon Liv Mòmon an].)

Pou n li plis sou misyon Oliver la nan pami tribi Ameriken vwazen yo, gade “Yon misyon kay Lamanit yo” (Revelations in Context, 45–49). Kisa misyon sa a anseye nou sou Senyè a ak travay li a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 27:1–2.Kijan nou ka pi byen sonje sakrifis Sovè a pou nou lè n ap pran Sentsèn nan?

Doktrin ak Alyans 27:5–14.Kisa nou aprann osijè pwofèt yo nan vèsè sa yo? Ou gen dwa chèche enfòmasyon sou yo nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ki benediksyon ki delòk pou nou atravè kle yo detni yo? Pou plis enfòmasyon sou kèk nan kle sa yo, gade Matye 16:16–19; Doktrin ak Alyans 110:11–16.

Doktrin ak Alyans 27:15–18.Petèt fanmi w ta renmen jwe wòl yon batay yo pretann avèk abiman adisyonèl pou reprezante zam Bondye yo, tankou chapo, palto, tabliye, oubyen soulye. Kijan boukliye ede pwoteje nou nan batay? Diskite sou kèk nan enfliyans mal fanmi rankontre ak kisa w ka fè pou mete boukliye espirityèl sou ou. Konsidere pou m pase video “Mete zanm Bondye yo sou ou” a nan (ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 28:2–7Kisa nou aprann nan vèsè sa yo apwopo apèl yon pwofèt? Petèt manm fanmi yo ta ka repase kè mesaj pwofèt vivan nou an te bay epi montre kijan konsèy li ede nou suiv Jezikri.

Doktrin ak Alyans 28:11.Lè nou vle bay yon moun koreksyon, poukisa l enpòtan pou nou jere sa “ant limenm avèk nou sèlman”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Viens écouter la voix de Dieu,” Cantiques, no. 12.

Amelyore etid pèsonèl nou

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo. Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou prensip w jwenn nan ekriti yo. Panse pou w repase endèk pa sijè konferans jeneral la nan conference.ChurchofJesusChrist.org oubyen nan app Libreri levanjil la.