Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22: “Parisyon Legliz Kris la”


“1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22: “Parisyon Legliz Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Kay Peter Whitmer

Kay Peter Whitmer, pa Al Rounds

1–7 Mas.

Doktrin ak Alyans 20-22

“Parisyon Legliz Kris la”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 20–22 a, se pou w suiv enpresyon Sentespri a. Panse pou w ekri yo pou w ka fè referans avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Travay Pwofèt Joseph Smith nan tradiksyon Liv Mòmon an te fini kounyeya. Men travay Retablisman an te apèn kòmanse. Sa te klè apati ansyen revelasyon yo ke, anplis retabli doktrin ak otorite prètriz la, Senyè a te vle retabli yon òganizasyon ofisyèl tou—Legliz li a (gade Doktrin ak Alyans 10:53; 18:5). Konsa, jou 6 Avril 1830 la, plis pase 40 kwayan te andedan ti kay fanmi Whitmer la nan Fayette nan Nouyòk pou yo te temwen òganizasyon Legliz Jezikri a.

Men, kèk moun ap mande, poukisa l nesesè pou yo òganize yon Legliz? N ap jwenn repons la, omwen yon pati ladan l, nan revelasyon ki anrapò avèk premye reyinyon Legliz la an 1830 la. Ladan l, yo dekri benediksyon ki pa t ap posib si vrè Legliz Jezikri a pa t “byen òganize ak byen etabli” nan dènye jou yo (Doktrin ak Alyans 20:1).

Gade tou Sen yo, 1:84–86, ak “Bati sou legliz mwen an,” Revelasyon nan konteks, 29–32.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 20:1–36

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo fonde sou vrè doktrin.

Seksyon 20 an prezante kòm yon “revelasyon sou òganizasyon ak gouvènman Legliz la” (antèt seksyon an). Men, anvan l souliyen règleman Legliz la, ofis prètriz yo, ak pwosedi pou akonpli òdonans yo, revelasyon sa a kòmanse pa anseye doktrin fondamantal la. Pandan w ap lè premye 36 vèsè yo nan revelasyon sa a, mande tèt ou poukisa sa te fèt. Ou gen dwa fè yon lis verite levanjil ou jwenn yo tou. Men kèk sigjesyon:

Poukisa l te enpòtan pou yo te mete aksan sou verite sa yo pandan yo t ap etabli Legliz la?

Doktrin ak Alyans 20:37, 75–79

Òdonans sakre yo se yon pati esansyèl nan Legliz retabli a.

Lè Legliz la te òganize, Senyè a te anseye Sen yo sou òdonans sakre yo, enkli batèm ak sentsèn. Pandan w ap li enstriksyon “konsènan fason pou fè batèm nan” nan vèsè 37 la, panse ak pwòp batèm ou. Èske w te gen youn nan santiman sa yo yo dekri nan vèsè sa a? Èske w genyen yo kounyeya? Medite sou sa w ka fè pou w kenbe “detèminasyon w pou sèvi [Jezikri] jiskalafen” an vibran.

Pandan w ap li osijè sentsèn nan Doktrin ak Alyans 20:75–79 la, eseye li priyè sakre sa yo nan pèspektiv yon moun k ap tande yo pou lapremyè fwa. Ki enpresyon w resevwa sou sentsèn? sou tèt pa w? Kijan enpresyon sa yo ka gen efè sou fason w ap prepare w pou w pran sentsèn chak semèn?

Imaj
dyak k ap distribye Sentsèn

Sentsèn nan se yon òdonans sakre.

Doktrin ak Alyans 20:38–60

Sèvis Prètriz beni manm Legliz yo ak fanmi yo.

Si yon moun ta mande w pou w site devwa yon detantè prètriz, kisa w t ap di? Li Doktrin ak Alyans 20:38–60, ki gen lis devwa ofis varye yo nan prètriz la. Èske gen yon bagay nan vèsè sa yo ki chanje fason w panse a devwa prètriz yo ak fason Sovè a fè travay li? Kijan w te jwenn benediksyon gras ak travay yo dekri nan vèsè sa yo?

Pou aprann kijan fi yo egzèse otorite prètriz la nan travay Legliz la, gade Dallin H. Oaks, “Kle ak Otorite Prètriz yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 49–52.

Doktrin ak Alyans 21

Legliz Jezikri a dirije pa yon pwofèt vivan.

Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 21:4–9 a sou pawòl pwofèt Senyè yo di? Reflechi sou pwomès yo dekri nan vèsè 6 yo pou moun ki resevwa pawòl Senyè a atravè pwofèt li yo. Kisa pwomès sa yo vle di pou ou?

Kijan w ka resevwa pawòl pwofèt vivan yo “kòmsi se nan pwòp bouch [Bondye] yo sòti”? (vèsè 5). Ki konsèy pwofèt jodi yo bay ki ta ka mennen nan benediksyon yo pwomèt nan vèsè 6 yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 20.Kisa nou t ap di si yon moun ta mande nou poukisa nou bezwen Legliz la? Ki repons nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 20 an? Gade D. Todd Christofferson, “Poukisa yon Legliz,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 108–11 tou.

Doktrin ak Alyans 20:69.Kisa sa vle di pou nou “[mache] nan sentese devan Senyè a”? Sa ta ka amizan pou manm fanmi w ta desine oubyen ekri sou kèk moso papye kèk bagay ki ta ka ede yo mache nan sentete oubyen kèk bagay ki ta ka anpeche yo fè sa. Apresa yo ka kreye yon chemen kote y ap itilize papye epi eseye mache sou chemen an, pandan y ap mete pye yo sèlman sou desen ki ap mennen yo al jwenn Kris la.

Doktrin ak Alyans 20:37, 71–74.Si yon moun nan fanmi w poko batize, vèsè sa yo ka mennen yon diskisyon sou kijan pou prepare pou batèm (gade vèsè 37) ak kijan batèm akonpli (gade vèsè 71–74). Manm fanmi yo ta ka pataje foto oubyen souvni de jou batèm yo.

Doktrin ak Alyans 20:75–79.Kijan fanmi w ta ka itilize vèsè sa yo pou prepare yo pou yo fè eksperyans siyifikan plen reverans avèk sentsèn nan? Vèsè sa yo ka sigjere kèk bagay ou ta ka medite sou yo pandan sentsèn nan, epi manm fanmi yo ka chèche oubyen desine bagay sa yo. Si sa apwopriye, ou gen dwa pote foto sa yo nan pwochen reyinyon sentsèn nan kòm yon rapèl sou sa pou w panse pandan sentsèn nan.

Doktrin ak Alyans 21:4–7.Panse pou w envite manm fanmi yo pou yo chèche mo ak fraz nan vèsè 4–5 yo ki anseye sou suiv pwofèt Senyè a. Kisa savle di pou n resevwa pawòl pwofèt yo ak pasyans? nan lafwa? Kilè nou resevwa benediksyon yo pwomèt nan vèsè 6 yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “L’Eglise de Jésus-ChristChants pour les enfants, 77.

Amelyore ansèyman nou

Imite lavi Sovè a. “Pouvwa Sovè a pou anseye ak edifye lòt moun nan te soti nan fason li te viv ak nan kalite moun li te ye a. Plis nou chèche avèk dilijans pou n viv tankou Jezikri, se plis n ap kapab anseye menmjan avèk li” (Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
Oliver Cowdery k ap òdone Joseph Smith

Oliver Cowdery k ap òdone Joseph Smith pa Walter Rane