Vini, Suiv Mwen 2024
20–26 Me: “Nou Te Antre nan yon Alyans avèk Li.” Mozya 18–24


“20–26 Me: ‘Nou Te Antre nan yon Alyans avèk Li.’ Mozya 18–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“20–26 Me. Mozya 18–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Pèp Limi an pran lafuit

Minerva Teichert (1888-1976), Escape of King Limhi and His People (Fuit Wa Limi an ak Pèp Li a)1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 7/8 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

20–26 Me: Nou te Antre nan yon Alyans avèk Li

Mozya 18–24

Istwa Alma ak pèp li a nan Mozya 18; 23–24 montre kisa “antre nan twoupo Bondye a” (Mozya 18:8) vle di. Lè pèp Alma a te batize, yo te fè alyans avèk Bondye pou yo “sèvi l e respekte kòmandman l yo” (Mozya 18:10). Alòske se te yon angajman pèsonèl avèk Bondye, sa te gen pou wè tou avèk fason nou youn trete lòt. Wi, vwayaj pou retounen al jwenn Pè Selès la endividyèl, epi okenn moun pa ka respekte alyans nou yo pou nou, men sa pa vle di ke nou poukont nou. Nou youn bezwen lòt. Antanke manm Legliz Kris la, nou fè alyans pou nou sèvi Bondye lè nou youn ap ede ak sèvi lòt sou chemen an pandan “youn ap [pote] chay lòt” (Mozya 18:8–10). Definitivman, pèp Alma a te gen chay pou yo te pote, menm jan avèk nou tout. Epi, yon fason Senyè a ede nou “pote chay [nou] yo alèz” (Mozya 24:15) se lè L ba nou yon kominote Sen ki pwomèt pou yo kriye avèk nou e konsole nou, menm jan nou pwomèt pou nou fè pou yo a.

Gade tou “Senyè a Delivre Pèp Alyans Alma ak Limi yo” (video), Medyatèk Levanjil.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

Imaj
senbòl seminè

Mozya 18:1–17

Lè m batize, mwen fè yon alyans avèk Bondye.

Konsidere kijan kwayan yo te dekri nan Mozya 18 yo te santi yo fon nan Jezikri. Yo te oblije rankontre an sekrè, nan gwo risk, pou aprann konnen L (gade vèsè 3). Epi lè yo te jwenn chans pou yo te montre angajman yo pa alyans batèm nan, “yo te bat men yo avèk jwa, epi yo te di: Sa se dezi kè nou” (Mozya 18:11).

Lèkti vèsè sa yo ta kapab yon bon opòtinite pou medite sou jan alyans ou yo enpòtan pou ou. Pandan w ap etidye Mozya 18:8–14 an patikilye, konsidere kesyon tankou sa yo:

  • Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan pwomès ou te fè nan batèm yo? Kisa Bondye pwomèt ou? (gade nan vèsè 10, 13).

  • Kijan alyans pou sèvi Bondye a gen rapò avèk efò nou pou youn rann lòt sèvis? (gade vèsè 8–9).

  • Kisa “kanpe kòm [yon temwen] Bondye” vle di pou ou? (vèsè 9).

  • Kijan respekte alyans batèm ou an ede w pou w “ranpli avèk Lespri”? (Mozya 18:14). Kijan Lespri a ede w respekte alyans ou an?

Reponn kesyon sa yo ka fè w medite sou rezon ki fè alyans ak òdonans enpòtan pou Bondye. Ou ta kapab jwenn bon konprann nan mesaj Èldè Gerrit W. Gong lan “Fè Pati” (Lyawona, Nov. 2019, 80–83) oswa mesaj Prezidan Jean B. Bingham lan “Alyans avèk Bondye Fòtifye, Pwoteje, ak Prepare Nou pou Glwa Etènèl” (Lyawona, Me 2022, 66–69). Poukisa w rekonesan pou alyans ou yo? Kisa w ap fè pou respekte pwomès ou yo?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Batèm,” Bibliyotèk Levanjil; “Alma Ansyen an Anseye ak Batize nan Dlo Mòmon yo” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Anseye verite ki soti nan ekriti yo ak nan pwofèt dènye jou yo. Pandan w ap anseye—ak aprann—sonje ke youn nan pi bon fason pou ogmante lafwa nan Kris la se fokis sou ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo (gade nan Mozya 18:19).

Mozya 18:17–30

Bondye kòmande pèp Li a pou yo rasanble, òganize, epi pou yo ini.

Kèk moun ap mande tèt yo, poukisa nou bezwen yon legliz? Chèche nan Mozya 18:17–31, pou jwenn valè pèp Alma a nou jwenn nan rasanble nan “legliz Kris la” (Mozya 18:17). Ki resanblans ou wè nan Legliz Jezikri a nan epòk Alma a ak epòk nou an?

Kijan w tap reponn yon zanmi oswa yon manm fanmi w ki pa kwè yon legliz òganize nesesè? Poukisa nou rekonesan dèske nou fè pati Legliz Jezikri a?

Reflechi sou kisa ou ka fè pou ede manm pawas ou a oswa branch ou an“makonnen ansanm nan inite ak lanmou” (Mozya 18:21).

Gade tou Dallin H. Oaks, “Bezwen pou yon Legliz,” Lyawona, Nov. 2021, 24–26; “Aimez vos Frères,” Cantiques, no.200.

Mozya 21–24

Bondye ede m pote chay mwen yo.

Pèp Limi an ak pèp Alma a te tonbe nan esklavaj, malgre sikonstans yo diferan. Kisa w ka aprann nan konpare istwa pèp Limi an nan Mozya 19–22 avèk pèp Alma a nan Mozya 18; 23–24? Pandan w ap fè sa, chèche mesaj ki aplike ak lavi ou. Pa egzanp, kisa sa vledi pou “pwospere gradyèlman”? (Mozya 21:16). Kijan w ka aplike prensip sa a?

Mozya 23:21–24; 24:8–17

M ka mete konfyans nan Senyè a.

Menm si yo te repanti pou peche yo, Alma ak pèp li a te toujou twouve yo nan esklavaj. Eksperyans yo montre ke mete konfyans nan Senyè a ak viv alyans nou yo pa toujou anpeche pwoblèm, men yo ede nou simonte yo. Pandan w ap li Mozya 23:21–24 ak 24:8–17, note pawòl ak ekspresyon ki ka ede w aprann mete konfyans nan Bondye, kèlkeswa sikonstans ou.

Gade tou David A. Bednar, “Pote Fado yo avèk Fasilite,” Lyawona, Me 2014, 87–90.

Ide pou Anseye Timoun

Mozya 18:7–17

Lè m batize, mwen fè yon alyans avèk Bondye.

  • Youn nan fason ki pi enpòtan pou ede timoun yo prepare yo pou batèm se anseye yo sou alyans yo pral fè lè yo batize a. Sa a ta ka senp tankou montre foto a nan fen plan semèn sa a ak li konsènan alyans lan avèk yo nan Mozya 18:9–10. Anvizaje envite yon timoun ki deja batize pou lanseye timoun ki pi piti yo. Pitit ou yo ka pran plezi tande pale de batèm ou. Kijan respekte alyans ou yo avèk Bondye beni lavi w?

  • Timoun ki te batize yo ta kapab itilize rapèl regilye yo konsènan alyans yo te fè yo ak renouvle chak semèn avèk Sentsèn nan. Petèt timoun yo ta kapab konpare alyans batèm ki dekri nan Mozya 18:8–10 la avèk priyè sentsèn yo (gade Doktrin ak Alyans 20:77,79). Kijan nou ka fè sentsèn nan vin yon moman espesyal plen reverans,menm jan batèm nou yo te ye a?

Imaj
yon tifi ki ap batize

Nou fè yon alyans avèk Bondye lè nou batize.

Mozya 18:17–28

Lè mwen batize, mwen vin tounen yon manm Legliz Jezikri a.

  • Èske timoun ou yo konnen kisa vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo vle di? Anvizaje ede yo jwenn foto ki reprezante bagay manm Legliz la te fè nan Mozya 18:17–28la. Pa egzanp, imaj Òdinasyon nan Prètriz la ak Pèyman Ladim (Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 106113) ta kapab reprezante vèsè 18 ak 27–28. Di yo poukisa ou rekonesan outèt ou se yon manm Legliz Jezikri a.

  • Ede timoun yo santi yo “makònen ansanm nan inite ak nan renmen” (Mozya 18:21) ede yo rete konekte nan Legliz la pandan tout lavi yo. Anvizaje envite timoun ou yo pou yo li Mozya 18:17–28. Kisa manm Legliz Kris la nan epòk Alma a te fè pou youn renmen lòt ak pou youn sèvi lòt? Kijan nou ka fè sa nan pawas no an, branch nou an oswa kominote nou an? Yon chante konsènan lanmou, tankou “Je Viens vers Toi” (Chants pour les Enfants, 78), te kapab ranfòse mesaj sa a.

Mozya 24:8–17

Bondye ka fèchay mwen yo vin lejè.

  • Yon leson pratik senp ka rann aprantisaj la pi memorab. Ranpli yon valiz avèk bagay ki lou (pou reprezante chay), epi envite yon timoun pou l kenbe valiz la. Pandan w ap li Mozya 24:8–17 avèk ti ounou yo, mande yo pou yo retire yon atik nan valiz la chak fwa yo tande pale de yon bagay Alma ak pèp li a te fè pou chèche èd Bondye avèk chay yo. Apre sa ou ta kapab pale avèk yo de fason Papa nou ki nan Syèl la ka fè chay nou yo pi lejè lè nou chèche èd Li.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
moun ki ap batize

The Waters of Mormon (Dlo Mòmon yo), pa Jorge Cocco