Ansyen Testaman 2022
10 Avril. Kijan m Ka Ranfòse Lafwa m nan Jezikri Chak Jou? Egzòd 14–17


“10 Avril. Kijan Mwen Kapab Ranfòse Lafwa Mwen nan Jezikri Chak Jou? Egzòd 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 2021)

“10 Avril. Kijan m ka Ranfòse Lafwa m nan Jezikri Chak Jou?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Jezikri

10 Avril.

Kijan m ka Ranfòse Lafwa m nan Jezikri Chak Jou?

Egzòd 14–17

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, anplis de fè reyinyon konsèy ansanm sou bezwen espesifik kowòm nan oswa klas la, ou ta gen dwa diskite sou enpresyon ak tèm ki soti nan konferans jeneral la. Kesyon sa yo ka ede:

  • Ki tèm oubyen mesaj ki te enpresyone nou? Kisa ki ranfòse lafwa nou nan Jezikri?

  • Kisa ki ranfòse temwayaj nou de pwofèt vivan yo? Kisa nou te santi nou pouse pou nou fè akoz de sa nou te aprann oswa santi yo.

  • Kisa nou bezwen fè antanke kowòm oswa klas pou nou sonje ak aplike konsèy nou te tande nan konferans jeneral yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Pou yo te ka siviv nan dezè a, pitit Izrayèl yo te bezwen aprann kijan pou yo te konte sou Senyè a. Yo te konte sou Li pou mirak ki te sove lavi yo, tankou separasyon Lanmè Rouj la, ak pou mirak pou l te sove yo nan grangou, tankou lamàn ki te tonbe soti nan syèl la. Se menm bagay la sa ye pou moun w ap anseye yo tou. Si yo bezwen siviv vwayaj espirityèl yo a nan dezè mòtalite a, yo dwe egzèse lafwa nan Jezikri. E yo dwe egzèse lafwa sa a chak jou, pa sèlman pa okazyon. Kèk nan moun w ap anseye yo gen dwa pa santi ke lafwa yo solid ase. Ou kapab ede yo wè ke lafwa grandi gradyèlman, jou apre jou. Li nouri atavè ti bagay piti ak senp ke nou fè tout tan. Medite sou bagay sa yo lè w ap etidye Egzòd 14–17 la semèn sa a. Ou ta ka etidye mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la tou “Ti Bagay Senp Yo” (Liahona, Me 2018, 89–92).

Imaj
Klas jènfi

Nou kapab ranfòse lafwa nou chak jou nan fason ki piti ak senp.

Aprann Ansanm

Pou w kòmanse yon diskisyon, ou kapab mande jèn yo pou yo pataje kèk nan abitid yo genyen chak jou ki ede yo fè bagay ki byen. Bagay sa yo ta ka enkli rete an sante oswa ranfòse temwayaj yo. Kisa k ta ka rive si nou pa t kenbe abitid sa yo? Kijan efò nou pou nou fè bon bagay chak jou yo ka konpare avèk enstriksyon Senyè a te bay Izrayelit yo pou yo te rasanble lamàn nan (gade Egzòd 16:16–21). Ou ta ka ede klas la oswa kowòm nan konpare eksperyans Izrayelit yo avèk efò pa nou pou nou ranfòse lafwa nou nan Jezikri chak jou. Paregzanp, kisa Senyè a banou ki sanble avèk lamàn Li te bay Izrayelit yo chak jou a? Kisa nou ka fè ki sanble avèk ranmase lamàn? Pou w kontinye diskisyon an, itilize youn oswa plizyè nan aktivite anba yo oswa pwòp aktivite pa w.

  • Li ansanm Alma 37:6–7. Antanke klas oswa kowòm, ekri yon lis sou tablo a sou “ti bagay senp” ke Senyè a envite nou pou nou fè chak jou pou nou kapab vin jwenn Li. Apresa moun w ap anseye yo ta ka revize mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Ti Bagay Sen yo” pou yo jwenn lòt ti bagay anplis ki kapab gen yon gwo enfliyans sou lavi nou. Ki enpak bagay sa yo kapab genyen? Ki enspirasyon nou jwenn pou nou fè bagay sa yo vin yon pati pi aktif nan lavi nou chak jou?

  • Ak kisa lafwa nan Jezikri bezwen nouri chak jou? Pou ede manm yo pi byen konprann sa, ou ta kapab montre youn oswa plizyè nan videyo ki nann lis anba la a nan seksyon “Resous pou Sipò” a. Nan videyo sa a yo, Èldè D. Todd Christofferson te anseye sou nesesite efò chak jou pou soutni lafwa nou. Envite moun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo te aprann ki enspire yo pou agrandi lafwa yo nan Jezikri chak jou.

  • Toujou fè efò chak jou se meyè mwayen pou ranfòse lafwa nou nan Kris la. Pou diskite ide sa a, li ansanm twazyèm sigjiesyon Èldè David A. Bednar la nan mesaj li a “Pi Dilijan ak Pi Sousye Lakay” la nan (Liahona, Nov. 2009, 17–20). Ki leson nou kapab aprann nan fason li dekri tablo ki nan biwo l la? Kijan leson sa yo aplike a efò nou pou nou bati lafwa nou nan Jezikri? Li ansanm Alma 32:21, 26–43 ka pote plis nan diskisyon w lan. Ki ide nou jwenn sou fason pou nou ranfòse lafwa nou nan Jezikri?

  • Nou kapab ogmante lafwa nou lè nou chwazi aprann nan eksperyans ki teste l la. Ou gen dwa pase videyo “Toubiyon spirityèl” (ChurchofJesusChrist.org). Diskite ansanm sou sa nou kapab fè pandan yon eprèv pou ranfòse lafwa nou. (Gade Neil L. Andersen, “Toubiyon Espirityèl,” Lyawona, Me 2014, 18–21.) Ou ta ka mande manm klas la oswa manm kowòm yo pou yo pataje moman kote yo te santi ke lafwa yo nan Kris la te teste epi kisa yo te fè pou yo te ranfòse lafwa yo pandan moman sa yo. Fè yo remake ke Egzòd 14–17 dekri anpil bougonnen, oswa plenyen, pami Izrayelit yo lè yo te rankontre eprèv. Kijan bougonnen pandan eprèv kapab febli lafwa nou? Ki diferans ki genyen ant bougonnen ak eksprime pwoblèm nou bay Papa nou ki nan Syèl la pandan moman difisil?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo panse sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Ede manm klas yo oswa manm kowòm yo konprann kijan yo kapab envite Lespri a vin prezan nan diskisyon yo. Yo kapab fè sa atravè “atitid yo … , fason yo youn ap trete lòt, ak fason yo santi yo apwopo levanjil la” (Anseye nan Fason Sovè a, 15).