Ansyen Testaman 2022
27 Mas. Kiyès Mwen Ye, epi Kiyès Bondye Vle pou m Vin Tounen? Egzòd 1–6


“27 Mas. Kiyès Mwen Ye, epi Kiyès Bondye Vle pou m Vin Tounen? Etè 6-11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“27 Mas. Kiyès Mwen Ye, epi Kiyès Bondye Vle pou m Vin Tounen? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jèn gason k ap jwe gita

27 Mas

Kiyès Mwen Ye, epi Kiyès Bondye Vle pou m Vin Tounen?

Egzòd 1–6

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou jwenn lajwa lè nou suiv Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès nan pawas ou oubyen kominote w la ki bezwen èd ou? Kijan nou ka ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka ede youn lòt prepare pou sèvis misyonè?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou ka kontribye nan efò pawas nou pou nou fè istwa familyal ak travay tanp?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Yon touf bwa dife ki pa p boule t ap yon bagay enpresyonan, e sa te atire atansyon Moyiz. Men sa k te pi enpresyonan an se sa k te pase apresa a. Bondye te pale avèk Moyiz, e Moyiz te aprann wè tèt li jan Bondye te wè l. Avèk pèspektiv sa a, avèk èd Senyè a, Moyiz te akonpli yon bagay ke l te konsidere enposib: li te konfwonte Farawon epi l te delivre pèp Bondye a.

Nou tout bezwen eksperyans ki ka ede nou ranplase dout nou yo pa konpreyansyon Bondye sou kiyès nou ye ak sa nou ka vin tounen. Jèn moun yo, an patikilye, konfwonte avèk fo mesaj sou valè pèsonèl yo. E menm jan avèk Moyiz, Bondye “gen yon travay pou [yo] fè” (Tèm Kowòm Prètriz Aawon an), Yon gen pwòp Farawon yo pou yo konfwonte ak pwòp pèp yo pou yo delivre. Kijan w ap ede yo sonje ke yo se pitit fi ak pitit gason paran selès “avèk yon nati diven ak yon destine etènèl”? (Tèm Jènfi). Medite sou sa pandan w ap li Egzòd 1-6la. Konsidere etidye Doktrin ak Alyans 18:10-15 tou ak mesaj Prezidan Dieter F. Ucthdorf la “Ou Enpòtan Pou Li” (Liahona, Nov. 2011, 19–22).

Imaj
jènfi ki angwoup deyò

Lavi nou ka chanje lè nou konprann vrè idantite nou kòm pitit Bondye.

Aprann Ansanm

Manm klas oubyen kowòm ou yo kapab te li Egzòd 1-6 semèn sa a. Pou ankouraje yo pataje sa yo te li aprann, ou ta ka mande yo kijan Moyiz te santi l apwopo apèl li pou l te delivre pitit Izrayèl yo (gade Egzòd 3:11). Ki benediksyon Senyè a te ansenye Moyiz pou ede chanje pèspektiv li? (gade Egzòd 3:4-15; 4:10–17; gade tou Moyiz 1:3–11). Nan ki fason verite sa yo te ede Moyiz? Kijan yo ka ede nou? Itilize yon aktivite tankou youn nan aktivite sa yo pou ede manm klas oubyen kowòm yo dekouvri sa Bondye te revele konsènan vrè idantite yo, valè yo, ak potansyèl yo.

  • Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di, “Senyè a itilize yon balans ki diferan de mond lan pou l mezire valè yon nanm“ (“Nou Enpòtan Pou Li,” 22). Pou diskite ide sa a, ou ta ka ekri sou tablo a Kijan mond lan montre yon moun ke l gen valè? Envite moun w ap ansenye yo pou yo sigjere kèk repons. Si nou jije valè nou nan fason sa a, kijan santiman sa yo ka afekte chwa nou yo? Apresa ou ta ka ekri sou tablo a Nan ki fason Bondye montre yon moun ke l gen valè? Pandan jèn yo ap pataje repons yo, ankouraje yo pou yo li Jan 3:16; Doktrin ak Alyans 18:10-15; Lik 15:3-6, 11-32. Yo ta ka li dènye seksyon mesaj Prezidan Uchtdorf la tou. Si nou jije valè nou nan fason sa a, kijan santiman sa yo ka afekte chwa nou yo?

  • Etikèt yo enfliyanse jan nou santi nou apwopo de tèt nou ak jan nou trete tèt nou ak lòt moun. Pou ede manm klas oubyen kowòm nan konsidere ki etikèt yo met sou tèt yo, ou ta ka ba yo chak plizyè etikèt ki gen non sou yo. Chak etikèt gen dwa gen “Alo, Mwen rele …” ki ekri sou li. Envite yo reflechi sou plizyè mo oubyen fraz yo ta ka ekri sou etikèt yo a. Si Papa nou ki nan Syèl la t ap ekri sou etikèt yo pou nou, kisa L t ap ekri? Kisa L t ap ekri si etikèt yo te di “Alo, m ka vin …”? Manm klas oubyen kowòm yo ka reflechi a kesyon sa yo pandan y ap li kèk nan ekriti sa yo: 1 Jan 3:1–3; Mowoni 10:32–33; Doktrin ak Alyans 76:69–70; 84:37–38.

  • Mesaj konferans jeneral ki nan seksyon “Resous pou Sipò” yo gen egzanp sou moun lavi yo te chanje paske yo te aprann vrè idantite yo kòm pitit Bondye. Panse pou w bay chak manm klas oubyen kowòm ou yo youn nan egzanp sa yo pou yo medite epi pou yo pataje ak gwoup la. Ou ta gen dwa di yo nan ki fason konesans ou genyen ke w se pitit Bondye a afekte lavi ou. Envite manm klas oubyen kowòm ou yo pou yo fè menm bagay la tou.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle sa, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou ki fason aji selon enpresyon yo resevwa yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Joy D. Jones, “Valè san Mezi,” Liahona, Nov. 2017, 13–15

  • Brian K. Taylor, “Èske m Se Pitit Bondye?Liahona, Me 2018, 111–14.

  • Vrè idantite Nou,” “Kijan m Ka Wè Tèt Mwen Jan Bondye Wè m?” nan “Fas a Fas avèk Èldè Rasband, Sè Oscarson, ak Frè Owen” (videyo), ChurchofJesusChrist.org

  • Eksperyans “Se Apwopo de Mwenmenm” nan FamilySearch.org/discovery

Anseye nan Fason Sovè a

“Si jèn yo santi ou kwè nan yo, konfyans yo nan potansyèl divin yo ap grandi, epi w ap etone wè sa yo ka akonpli” (Anseye Nan Fason Sovè a, 28).