Ansyen Testaman 2022
24 Avril. Poukisa Bondye ba Nou Kòmandman? Egzòd 18–20


“24 Avril. Poukisa Bondye ba Nou Kòmandman? Ekzòd 18—20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“24 Avril. Poukisa Bondye ba Nou Kòmandman? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Dis Kòmandman

24 Avril

Poukisa Bondye ba Nou Kòmandman?

Egzòd 18–20

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te mennen nou pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Èske gen yon moun ki fèk vin nan pawas la oubyen ki fèk vin manm Legliz la? Nan ki fason nou ka ede akeyi yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Èske gen aktivite k ap vini ke nou ka envite zanmi nou asiste?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki efò nou ka fè pou ekri istwa pèsonèl nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Lekti Egzòd 20 ka fè nou reflechi sou rezon k fè nou gen kòmandman yo. Gen kèk moun ki wè kòmandman yo kòm restriksyon oubyen kòm yon tantativ pou kontwole nou. Men paske nou konnen ke Bondye se yon Papa eman, nou ka gen konfyans ke lwa L yo se pou byen nou, menm si nou pa toujou konn rezon pou yo. Li pwomèt nou ke nou ka konnen kòmandman L yo vrè lè nou ap viv yo (gade Jan 7:17).

Prezidan Russel M. Nelson te ansenye: “Paske Papa a ak Pitit Gason an renmen nou avèk yon lanmou enfini ak pafè e paske Yo konnen nou pa ka wè tout sa Yo wè, Yo te ban nou lwa k pral gide ak pwoteje nou. Gen yon koneksyon solid ant lanmou Bondye ak lwa L yo” (“Lanmou ak Lwa Bondye” [devosyon Inivèsite Brigham Young, 17 Sept., 2019], 2, speeches.byu.edu).

Poukisa w rekonesan pou kòmandman yo? Kisa w ta renmen manm klas oubyen kowòm ou yo konprann sou rezon k fè Bondye bannou kòmandman? Ou ka revize Egzòd 20 ak mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Renmen Lòt Moun e Viv Avèk Diferans yo” (Liahona, Nov. 2014, 25-28) pou prepare w pou w ansenye.

Imaj
jènjan ki ap li ekriti

Nou kapab konnen ke kòmandman Bondye yo vrè lè nou ap viv yo.

Aprann Ansanm

Pou ede manm klas oubyen kowòm yo revize Dis Kòmandman yo, nou ta ka mande yo pou yo fè lis kèk nan dis kòmandman yo ke yo sonje pa kè. Si yo bezwen èd, yo ka gade nan Egzòd 20:3-17. Poukisa Papa nou ki nan Syèl la banou kòmandman? Pou ede nou reponn kesyon sa a, yo ta ka diskite kèk nan Di Kòmandman yo an ti gwoup. Kijan nou ka jwenn lajwa e vin pi pre Bondye lè nou viv kòmandman sa yo. Ide sa yo ka ede moun nou ansenye yo aprann plis sou rezon k fè Bondye bannou kòmandman.

  • Ekriti yo gen repons pou kesyon sa a “Poukisa Bondye bannou kòmandman?” Nou ta ka envite manm klas oubyen kòwòm yo pou yo chèche repons yo nan youn oubyen plis nan ekriti ki nan “Resous pou Sipòyo.” Apresa mande yo pou yo pataje yon bagay yo jwenn. Yo ta ka gade videyo sa a tou pou ide: “Enstriksyon ki Enkli, “ ”Poukisa Bondye Bannou Kòmandman?” (ChurchofJesusChrist).

  • Pou ede manm klas oubyen manm kowòm yo konprann poukisa Bondye bannou kòmandman, ou ta ka konpare kòmandman Bondye yo a eksperyans ke yo ka konprann. Pa egzanp, ou ta ka mande yo pou yo imajine ke y ap kondui bò yon wout ki bò yon falèz e gen yon kloti sou bò wout la. Mande yo pou yo diskite avèk yon lòt moun kesyon tankou kesyon sa yo: Kijan kòmandman Bondye yo menm jan ak kloti a? Nan ki fason obeyi kòmandman yo beni nou? Ki lòt konparezon ki ka ede nou konprann poukisa Bondye bannou kòmandman ak poukisa nou dwe obeyi yo? Pa egzanp, nou ta ka envite yo pou yo revize youn nan mesaj oubyen videyo ki nan “Resous pou Sipò.” Mande yo pou yo pataje konparezon yo jwenn epi diskite sa yo aprann.

  • Diskisyon w lan ka fè manm klas oubyen kowòm nan diskite kijan nou dwe trete moun ki pa kwè oubyen ki pa viv kèk nan kòmandman yo. Ou ta ka envite yo gade nan konsèy mesaj Prezidan Dallin H. Oaks lan “Renmen Lòt Moun epi Viv ak Diferans yo.” Ou ta ka poze kesyon tankou kesyon sa yo: Kijan nou dwe trete moun ki chwazi viv yon lòt fason pase nou? Kijan nou ka wè bonte nan lòt moun lè yo fè chwa ki diferan de chwa nou?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo ap fòtifye relasyon yo ak Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Nan efò w pou w viv ak anseye pi plis tankou Sovè a, li inevitab ke w ap bite pafwa. Pa dekouraje; okontrè, kite erè ak feblès ou yo rapwoche w de Pè Selès la ak Sovè a” (Anseye nan Fason Sovè a, 14).