Ansyen Testaman 2022
13 Fevriye. Kijan Nou ka Rete Fidèl a Sovè a nan yon Mond Mechan? Jenèz 12–17; Abraram 1–2


“13 Fevriye. Kijan Nou ka Rete Fidèl a Sovè a nan yon Mond Mechan? Jenèz 12–17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“13 Fevriye. Kijan Nou ka Rete Fidèl a Sovè a nan yon Mond Mechan? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
yon jènfi ki ap etidye

13 Fevriye

Kijan Nou ka Rete Fidèl a Sovè a nan yon Mond Mechan?

Jenèz 12–17; Abraram 1–2

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou nou aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Nan ki fason nou te vin pi pwòch Sovè a? Nan ki fason n ap eseye vin plis tankou Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki nan lespri nou sèjousi? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka reponn kesyon zanmi nou yo konsènan Legliz la nan yon fason ki fòtifye lafwa yo nan Sovè a?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Nan ki fason nou ka pi byen konekte avèk manm fanmi elwaye nou, tankou granparan ak kouzen?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo ki te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Viv ak lajistis nan yon mond mechan pa t janm fasil. Pou Abraram, presyon pou vire do bay Bondye a pa t soti nan mond deyò a sèlman—menm papa Abraram te abandone Senyè a (gade Abraram 1:5; 2:5). Abraram ak Sara te fè fas ak difikilte, men yo te fè pwomès Senyè a konfyans “ e yo te pèsyade, yo te anbrase yo, e yo te konfese ke yo te etranje ak vwayaje sou tè a” (Ebre 11:13).

Nan ki fason nou ka ede manm klas oubyen kowòm yo rete fidèl lè yo santi yo tankou “etranje ak vwayajè” nan mond lan paske y ap viv selon prensip Senyè a? Kijan ou ka enspire yo pou yo pran kouraj lè y ap viv fidèl anvè Senyè a? Pandan w ap prepare w pou w ansenye a, konsidere revize Jan 15:18-20 ak mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Simonte Mond Lan” (Liahona, Me 2017, 58-62).

Imaj
Jènjan k ap gade yon lak

Disip Jezikri yo ka jwenn lapè pandan y ap viv fidèlman malgre opozisyon.

Aprann Ansanm

Manm klas oubyen kowòm ou yo te petèt enspire pa ekzanp Abraram nan semèn sa a pandan yo t ap etidye Jenèz 12-17 ak Abraram 1-2a. Ou gen dwa envite yo repase Abraram 1:1-19 epi pataje sa k te enspire yo nan ekzanp Abraram nan. Ki similarite nou wè ant pwoblèm Abraram te fè fas yo ak sa n ap fè fas yo jodi a? Chwazi youn oubyen plis nan aktivite sa yo pou ankouraje yon diskisyon sou fason nou ka rete fidèl a Jezikri nan tout sikonstans.

  • Senyè a ak pwofèt Li yo souvan te mande moun yo te ansenye yo pou yo viv fidèlman malgre mechanste ki te antoure yo. Nan ki fason Satan tante jèn moun yo pou yo dezobeyi kòmandman Bondye yo jodi a? Moun w ap anseye yo ta ka li kèk nan ekriti ki nan “Resous pou Sipò” yo tou. Envite yo diskite sa yo te aprann osijè rete fidèl a Jezikri lè mond lan tante nou pou nou fè lekontrè oubyen lè yo moke nou. Yo ta ka pataje fason yo te jwenn pou yo te viv fidèlman lè lòt moun pa p viv fidèlman. Kilè noumenm oubyen lòt moun nou konnen te ka fè sa? Ou ta kapab pase youn ou plis nan videyo nou jwenn nan “Resous Adisyonèl” yo tou.

  • Pou ede manm klas oubyen kowòm ou yo pi byen konprann kijan pou yo simonte mond lan e resevwa benediksyon ki vini lè yo fè sa a, ekri sou tablo a Simonte mond lan se … ak Simonte mond lan fè… Apresa ou ta ka mande jèn yo pou yo repase mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Simonte Mond Lan.” Envite yo pou yo chèche fason pou yo fini fraz sa yo, ekri sa yo aprann yo sou tablo a. Diskite sa yo jwenn yo. Envite youn moun davans pou l vini tou prepare pou pataje yon istwa ki montre kijan Jezikri te rete fidèl a Papa L malgre opozisyon (gade, pa ekzanp, Matye 4:1–11; Lik 22:39–44). Kisa ekzanp Sovè a ede nou konprann konsènan simonte mond lan? (gade Jan 16:33).

  • Disip Jezikri yo dwe “nan mond lan pandan ke yo pa fè pati mond lan.” Lè “nou nan mond lan” sa ka vle di nou fè fas ak opozisyon lè n ap viv selon prensip nou yo. Men sa ka vle di ke nou enfliyanse lòt moun pou byen tou. Pou ansenye prensip sa a, ou ta ka mande yon moun pou vin nan klas la tou prepare pou l pataje youn oubyen plis nan istwa ki nan mesaj Prezidan Bonnie H. Cordon nan “Pou Yo Ka Wè” (Liahona, Me 2020, 78–80). Kisa nou aprann de istwa sa yo konsènan fason pou nou itilize limyè nou pou nou ede lòt moun vin pi pre Jezikri? Envite manm klas oubyen kowòm nan pou yo li mesaj Prezidan Cordon nan epi chèche fraz ki enspire yo pou yo vin yon limyè pou lòt moun nan yon mond mechan. Envite yo pou yo li fraz yo awotvwa epi pataje sa yo santi yo enspire pou yo fè.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia. Si yo vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo resevwa yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè te envite Pyè pou L temwaye lè L te mande l “Kiyès ou di M ye?” Matye 16:15. Lè Pyè te reponn, temwayaj li te fòtifye. Ki kesyon ki pral envite moun w ap ansenye yo temwaye pou Lespri a ka fòtifye temwayaj yo?