Ansyen Testaman 2022
23 Janvye. Kijan Senyè a ka Ede M Sèvi avèk Plis Fidelite? Jenèz 5; Moyiz 6


“23 Janvye. Kijan Senyè a ka Ede M Sèvi avèk Plis Fidelite? Jenèz 5; Moyiz 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“23 Janvye. Kijan Senyè a ka Ede M Sèvi avèk Plis Fidelite?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Jezikri ak foul la k ap mache

23 Janvye.

Kijan Senyè a ka Ede M Sèvi avèk Plis Fidelite?

Jenèz 5; Moyiz 6

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon konsènan travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou yo? Kisa nou santi nou dwe fè pou ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Nan ki fason nou ka yon limyè pou manm fanmi ak zanmi ki pa pataje kwayans nou yo?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Nan ki fason nou ka montre plis lanmou ak sipò pou fanmi nou epi fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Lè Enòk te resevwa apèl pou l te sèvi Senyè a, li te santi l konplètman pa alawotè (gade Moyiz 6:31). Men Senyè a pa t annik voye Enòk al fè travay Li a; Li te pwomèt Enòk ke L t ap pwoteje ak ede l tou (gade Moyiz 6:32-34).

Petèt ou ka fè koneksyon ant santiman enkapasite Enòk yo ak santiman enkapasite nan pwòp efò pa w pou w sèvi. Se pa mwayen apèl nan Legliz la ke nou bay kèk nan sèvis nou yo. Lòt lè, nou tou senpleman wè yon bezwen epi nou santi Lespri a enspire nou pou nou montre lanmou ak sipò. Kèlkeswa jan opòtinite an vini an, nou kapab pran kouraj, jan Enòk te fè a, pou nou konnen ke Senyè a ap ede nou lè nou aksepte envitasyon L pou nou “mache avèk mwen” (Moyiz 6:34)

Pandan w ap prepare w pou ou ansenye sou èd nou ka resevwa nan men Senyè a lè n ap sèvi lòt moun, repase Moyiz 6 epi reflechi sou eksperyans ou te fè lè w te sèvi lòt moun. Kijan Senyè a te ede w nan efò w yo? Kisa w ta renmen manm klas oubyen kowòm ou yo aprann de ekzanp Enòk la ak lòt yo? Ou ta ka li youn nan mesaj sa yo Prezidan Henry B. Eyring te bay: “Mache Avèk Mwen” (Liahona, Me 2017, 82-85) oubyen “Fi Alyans kòm Patnè Bondye” (Liahona, Nov. 2019, 70–73).

Imaj
Manman ak pitit fi nan kuizin

Nou ka suiv ekzanp Sovè a lè nou sèvi kòm yon pati nan lavi chak jou nou.

Aprann Ansanm

Sèvi lòt moun bay yon opòtinite pou nou “mache avèk [Bondye],” epi n ap resevwa èd Li pandan n ap sèvi a (Moyiz 6:34). Pou ede manm klas oubyen kowòm ou yo kòmanse fè yon diskisyon konsènan sa, ou ta ka mande yo pou yo li nan Moyiz 6:32-39 epi chèche fason Senyè a te avèk Enòk nan sèvis li. Kijan Senyè a beni nou lè nou sèvi L? Ide sa yo ka ede nou mennen yon diskisyon konsènan èd diven nou ka resevwa lè nou sèvi lòt moun.

  • Ekriti yo chaje avèk ansèyman sou sèvis (gade, pa egzanp, Matye 25:31–40; Lik 10:25–37; Mozya 2:17). Panse pou w envite moun w ap ansenye yo pou yo pataje pasaj ekriti ki enspire yo pou yo sèvi lòt moun. Ou ta ka mande yo davans pou yo vini tou pare pou yo pataje pasaj ekriti konsènan sèvis oubyen egzanp sèvis. Si yo bezwen èd, ankouraje yo pou yo chèche nan “Sèvis” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou santi n enspire pou nou fè akoz sa nou li yo?

  • Sovè a te sèvi pandan tout ministè L la. Kisa nou ka aprann nan egzanp Li ki ka ede nou lè n ap sèvi? Pou reponn kesyon sa a, chak manm klas oubyen kowòm ta ka li youn nan ekriti sa yo, ap chèche yon bagay li ansenye sou egzanp sèvis Sovè a: Matye 14:13–21; Jan 9:1–11, 35–38; 13:4–5, 12–17; 3 Nefi 17:5–9. Envite chak moun pataje sa yo jwenn. Bay chak moun tan pou yo reflechi a yon moun yo ka sèvi ak kijan y ap suiv egzanp Sovè a nan sèvis yo a.

  • Pafwa nou panse sèvis vle di fè yon gwo bagay ki pran anpil tan. Se kapab youn nan rezon ki fè kèk nan nou pa sèvi osi souvan ke nou ta dwe fè. Ou ta ka fè yo wè ke Sovè a te souvan sèvi moun ke L te remake pandan lavi kourant Li (gade pa egzanp Matye 12:9–13; Mak 5:21–34; Lik19:1–10; Jan 4:3–26). Pou ede Manm klas oubyen kowòm ou yo panse a kèk fason senp yo ka sèvi lòt moun nan lavi kourant yo, ou ta ka montre yo youn nan videyo sa yo: “Lè Nou Nan Sèvis—JJ” oubyen “Lè Nou Nan Sèvis—JF” (ChurchofJesusChrist.org). Mande jèn yo pou yo pataje ide yo. Ki ti zak sèvis piti nou te wè lòt moun ap fè? Kisa w santi w enspire pou w fè? Envite chak moun pou yo ekri fason yo ka konplete fraz sa a: “M ka … pou sèvi lòt moun” epi “m ap … pou m chèche èd Senyè a nan efò m pou m sèvi” Apresa mande plizyè ladan yo pou yo pataje sa yo te ekri.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi a ki fason aji sou enpresyon yo resevwa yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Anplis ede moun yo santi ak rekonèt Lespri a, ede yo aji selon enspirasyon yo resevwa yo tou” (Anseye nan Fason Sovè a, [2016], 10).