Ansyen Testaman 2022
9 Janvye. Kijan Bondye Vle Pou M Pran Swen Kreyasyon L yo, ak Kò Pa m Tou? Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5


9 Janvye. Kijan Bondye Vle Pou M Pran Swen Kreyasyon L yo, ak Kò Pa m Tou? Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

9 Janvye. Kijan Bondye Vle Pou M Pran Swen Kreyasyon L yo, ak Kò Pa m Tou? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Yon jènjan k ap mache bò yon lak

9 Janvye

Kijan Bondye Vle Pou M Pran Swen Kreyasyon L yo, ak Kò Pa m Tou?

Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraam 4–5

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an ansanm. Apresa, itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba yo oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon konsènan travay sali a ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou yo aplike sa w diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, epi ki envitasyon oubyen angajman ki te fèt? Kisa nou te fè pou nou reponn a envitasyon oswa angajman sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou kapab di oswa fè pou nou lonje men bay moun ki ka santi yo poukont yo oswa lwen Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki fason nou kapab ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki ide nou youn ka pataje avèk lòt pou ede ranfòse fanmi nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Aprann Ansanm

Pou w ede jèn yo panse sou sa yo kapab fè pou yo pran swen kreyasyon Bondye yo pi byen, ekri tit sa yo sou tablo a: Kreyatè a, Kreyasyon an, ak Responsablite nou. Mande yo pou yo revize Jenèz 1–2 epi ekri sa yo aprann konsènan Kreyatè a ak Kreyasyon an. Kisa nou aprann konsènan responsablite nou? (gade espesyalman Jenèz 1:26–28; 2:15). Ide sa yo kapab ede jèn yo diskite sou responsablite nou pou pran swen kreyasyon Bondye yo.

  • Kijan ou kapab ede moun w ap anseye yo konprann ke kò yo se kreyasyon sakre Bondye. Paregzanp, ou ta ka mande yo kisa nou aprann konsènan kò nou nan 1 Korentyen 6:19–20; Moyiz 2:26–27; Abraam 4:26–27. Kisa mo “imaj” and “resanblans” yo vle di? Travay ansanm pou nou fè yon lis kèk bagay nou kapab fè pou nou pran swen kò nou. (Gade “Sante Fizik ak Emosyonèl,” nan Pou Fòs Jèn yo [bwochi, 2011], 25–27.)

  • Jèn moun yo souvan konfwonte avèk mesaj ki klaoz yo santi yo pa konfòtab konsènan kò yo. Envite jèn yo gade videyo “God’s Greatest Creation” an nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo chèche mesaj ki ede yo santi rekonesans pou kò yo (gade tou Russell M. Nelson, “Kò Nou: Yon Bèl Kado pou nou Cheri,” New Era, Out 2019, 2–7). Kisa nou kapab pataje pou ede yon zanmi oswa yon manm fanmi ki santi li pa konfòtab konsènan kò li?

  • Envite jèn yo li an silans youn oswa plizyè nan vèsè sa yo, pou yo chèche ide sou rezon k fè Bondye te kreye tè a ak kijan li vle pou nou pran swen li: Jenèz 1:26–28; 2:15; 1 Nefi 17:36; Doktrin ak Alyans 49:19–21; 59:15–20; 104:13–18; Moyiz 2:26–31; 3:15. Mande yo pou yo pataje panse yo sou chak pasaj ekriti. Apresa mande yo pou yo kreye yon lis bagay yo kapab fè endividyèlman oswa an gwoup pou ranpli responsablite yo pou pran swen tè a (gade ide ki nan seksyon “Resous pou Sipò” a). Ki chanjman nou bezwen fè nan panse nou ak nan aksyon nou yo pou nou pran swen tè a pi byen?

  • Panse envite manm klas yo oswa manm kowòm yo pou yo vini nan reyinyon an avèk yon bagay ki montre bote tè Bondye te kreye a, tankou yon desen, yon foto, oubyen yon powèm. Envite yo pataje sa yo te pote a ak santiman yo genyen pou kreyasyon Bondye yo. Pase videyo “Fwaye Nou” an nan (ChurchofJesusChrist.org), epi mande yo pou yo koute bagay ki montre kijan Bondye santi l konsènan tè a epi ki enspire yo pou yo pran swen li.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo panse sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Fason nou kapab pran swen tè a:

  • Plante kèk semans, pyebwa, oubyen yon jaden.

  • Ranmase fatra nan kominote nou.

  • Òganize yon netwayaj nan katye a oswa yon pwojè resiklaj.

  • Ale mache nan lanati epi medite sou bagay ki fè nou rekonesan pou yo.

  • Kreye bagay atistik avèk bagay ou t ap voye jete, epi ekspoze l nan yon gwoup cho atistik.

  • Detèmine ki fason w ka konsève enèji ak dlo.

Anseye nan Fason Sovè a

Bay manm klas la oswa manm kowòm yo anpil opòtinite pou youn anseye lòt nan klas la, paske yo souvan aprann pi byen youn nan men lòt ak nan eksperyans anseye a tou.