Doktrin ak Alyans 2021
28 Novanm. Kijan Joseph Smith Te Ede Akonpli Plan Pè Selès la? Doktrin ak Alyans 135-136


“28 Novanm. Kijan Joseph Smith Te Ede Akonpli Plan Pè Selès la? Doktrin ak Alyans 135-136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“28 Novanm. Kijan Joseph Smith Te Ede Akonpli Plan Pè Selès la?” ComeVini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
tablo ki montre Joseph Smith

Frè Joseph, pa David Lindsley

28 Novanm

Kijan Joseph Smith Te Ede Akonpli Plan Pè Selès la?

Doktrin ak Alyans 135-136

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa nou pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside ki sijè pou diskite nan yon reyinyon prezidans):

  • Kowòm nou an oswa klas nou an. Kisa nou ka fè pou nou bati inite pami manm kowòm nan oswa klas la? Sou ki objektif nou ta renmen travay ansanm?

  • Devwa nou oswa responsablite nou yo. Kisa n ap fè pou nou pataje levanjil la? Ki eksperyans nou genyen nan fè travay tanp ak istwa familyal?

  • Lavi nou. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou? Kisa ki enspire nou nan etid ekriti nou semèn sa a?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt diran reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

“Joseph Smith, Pwofèt ak Vwayan Senyè a, fè plis pou sali lèzòm nan mond sa a pase nenpòt lòt moun ki te janm viv sou planèt sa a, eksepte Jezi sèlman ” (Doktrin ak Alyans 135:3). Sa a se yon deklarasyon oze sou wòl Joseph Smith. Èske ou janm reflechi sou siyifikasyon deklarasyon sa a nan lavi w? Ki diferans ki tap genyen nan lavi w si levanjil Jezikri a pa t retabli? Kisa w kapab fè pou ede manm kowòm nan oswa klas la ranfòse temwayaj yo konsènan misyon Joseph Smith la?

Pandan w ap prepare w pou anseye, anplis etidye Doktrin ak Alyans 135 la, anvizaje revize “Joseph Smith” nan Ankre Nan Lafwa ([2004], 89–90) ak mesaj Èldè Neil L. Andersen nan nan “Joseph Smith” (Lyawona, Nov. 2014, 28–31).

Imaj
yon jènfi ak yon jènjan ki ap li Liv Mòmon an

Lavi nou beni pa verite ki retabli pa lentèmedyè Pwofèt Joseph Smith yo.

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou jan Joseph Smith te ede akonpli plan Pè Selès la, ou ta kapab kòmanse pa revize sa manm kowòm nan oswa klas la te aprann konsènan Pwofèt nan li Doktrin ak Alyans 135 la semèn sa a. Pa egzanp, yo ta kapab fè yon lis verite yo konnen konsènan Sovè a ak levanjil Li a gras ak Joseph Smith. Poukisa chak nan verite sa yo enpòtan pou Pè Selès la? Aktivite nou pral wè la yo kapab ede kowòm ou an oswa klas ou a konprann wòl Joseph Smith nan plan sali a pi byen.

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la prepare yo pou yo ede lòt yo konprann enpòtans Pwofèt Joseph Smith, yo ta kapab li “Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a” nan chaptit 3 Preche Levanjil Mwen an ([2019], 36–38). Pandan y ap travay an ti gwoup 2 moun, yo ta kapab idantifye kèk pwen ki sanble yo enpòtan pou yo pataje avèk lòt moun. Apre sa yo ta kapab fè pratik sou pataje eksperyans Joseph Smith lan youn avèk lòt nan pwòp mo pa yo. Mande yo pou yo konsidere sa yo ta kapab fè pou yo pataje mesaj Retablisman an. Petèt yo kapab panse a yon moun patikilye pou yo ta pataje mesaj sa a avèk li. Yo gen dwa vle pataje eksperyans kote yo te ede yon moun aprann enfòmasyon sou Joseph Smith.

  • Mande manm kowòm nan ou klas la pou yo imajine ke youn nan zanmi yo nan legliz ta di: “M pa kwè ke m gen yon temwayaj konsènan Joseph Smith. Kijan w fè konnen li se yon pwofèt?” Kijan nou t ap reponn? Kisa nou aprann de pwòp eksperyans Joseph Smith lan nan Istwa—Joseph Smith 1:8–19 sou fason nou ka akeri oubyen fòtifye temwayaj nou? Mande manm kowòm nan oswa klas la pou yo fè yon lis sou fason pou yo fòtifye temwayaj yo konsènan Pwofèt epi pou yo chak chwazi yon bagay yo ta renmen fè semèn sa a.

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la pi byen konprann travay ke Bondye te akonpli pa lentèmedyè Joseph Smith la, ou ta kapab envite yo pou yo li paj 48–53 nan Enseignments des Présidents de l’Eglise: Gordon B. Hinckley (2016) oubyen gade youn nan videyo ki nan “Resous pou Sipò” yo. Yo ta kapab chwazi youn ou de nan doktrin ak pratik yo prezante nan resous sa yo ki patifikilyèman siyifikatif pou yo. Yo ta kapab eksplike poukisa nou rekonesan dèske Senyè a te retabli bagay sa yo pa lentèmedyè Joseph Smith. Yo ta kapab kontan tou pou yo ekri yon nòt pou eksprime gratitid yo pou jan travay Joseph Smith lan te ede yo vin pi prè Sovè a. Yo ta kapab medite tou sou sa yo kapab fè pou yo pwofite pi konplètman de benediksyon Senyè rann disponib pa lantremiz Joseph Smith yo.

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa manm klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

  • Doktrin ak Alyans 35:17–18 (Pa lentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te retabli plenitid levanjil la)

  • Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: Kisa lavi Nou T ap Ye San Limenm?Lyawona, Nov. 2017, 60–63

  • Video “Teachings of Joseph Smith: The Nature of God (Enseignements de Joseph Smith: La nature de Dieu,” “Ministry of Joseph Smith: The Book of Mormon (Ministè Joseph Smith: Liv Mòmon an),” “Ministry of Joseph Smith: The Organization of the Church (Ministè Joseph Smith: òganizasyon Legliz la),” “Ministry of Joseph Smith: The Restoration of Priesthood Authority (Ministè Joseph Smith: Retablisman Otorite Prètriz la),” “Ministry of Joseph Smith: Temples (Ministè Joseph Smith: Tanp),” videos, ChurchofJesusChrist.org

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te toujou konsantre sou ede disip Li yo viv levanjil la ak tout kè yo. Kijan w ka ede moun ap anseye yo wè kijan temwayaj yo sou Joseph Smith kapab enfliyanse lavi chak jou yo?