Doktrin ak Alyans 2021
14 Novanm. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan? Doktrin ak Alyans 129–132


“14 Novanm. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan? Doktrin ak Alyans 129–132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“14 Novanm. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
moun ki fèk marye ki devant tanp lan

14 Novanm

Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan?

Doktrin ak Alyans 129–132

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yoansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa yo, epi planifye fason pou nou respekte sa nou diskite yo (ou gen dwa deside nan yon reyinyon prezidans sou kisa n ap diskite):.

  • Kowòm nou an oswa klas nou an. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou? Kisa nou ka fè pou ede yo? Kiyès nou ta dwe envite nan yon aktivite ki ap vini?

  • Devwa nou oswa responsablite nou. Ki tach ki te akonpli? Ki tach nou bezwen bay? Kijan nou te envite lòt moun pou yo vin jwenn Kris la, epi kijan nou ka envite lòt moun kounyeya?

  • Lavi nou. Ki eksperyans resan ki te fòtifye temwayaj nou? Kisa k ap pase nan lavi nou, epi kijan nou youn ka sipòte lòt?

Si sa apwopriye, fini reyinyon an pandan w ap fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt diran reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Lè manm kowòm ou an oswa klas ou a gen temwayaj konsènan maryaj nan tanp pandan yo jèn, yo pi vin gen plis dezi pou prepare yo pou gwo benediksyon sa a. Nan plan bonè Pè Selès la, alyans etènèl maryaj la endispansab pou egzaltasyon (gade nan Dotrin ak Alyans 131:1–4). Men maryaj nan tanp la pa sèlman osijè de sa nou pral resevwa nan lavi ki ap vini apre a—li ka pote gwo benediksyon nan lavi sa a tou. Pa egzanp, alyans sakre avèk Bondye kapab enfliyanse fason yon mari ak yon madanm wè relasyon youn avèk lòt. Epi yon gason ak yon fi, ki sele youn avèk lòt pou letan ak letènite gen asirans ke gras ak Jezikri relasyon yo a ap kontinye etènèlman si yo rete fidèl nan alyans yo.

Kijan w ka ede manm kowòm ou an oswa klas ou a santi yon pi gran dezi pou yo sele nan tanp? Pou prepare w pou anseye sou maryaj nan tanp, ou ta kapab eksplore atik ki pote tit “Apwopo Sèlman nan Tanp” lan nan temples.ChurchofJesusChrist.org oubyen li “Maryaj” nan Ankre Nan Lafwa ([2004], 97–101).

Imaj
paran ki kenbe pitit yo

Fanmi kapab sele etènèlman gras a òdonans tanp yo.

Aprann Ansanm

Pou bay manm kowòm nan oswa klas la yon chans pou yo pataje sa y ap etidye nan ekriti yo semèn sa a, ou ta kapab ekri sou tablo a yon kesyon tankou Poukisa maryaj etènèl nan tanp Bondye a enpòtan? Apre sa, manm Kowòm nan oswa manm klas la ta kapab jwenn yon referans a yon vèsè yo te li nan Doktrin ak Alyans 129–32 a ki ta kapab ede yo reponn kesyon an epi ekri referans lan bòkote kesyon an. (Si sa ede, ou ta kapab dirije yo al nan Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:13–19.) Li kèk nan referans yo ansanm, epi diskite sou sa yo anseye yo. Ou kapab itilize nenpòt nan aktivite sa yo pou ede jèn yo konprann enpòtans maryaj tanp pi byen.

  • Paske maryaj etènèl se yon bagay ki san parèy nan levanjil retabli a, moun w ap anseye yo kapab gen opòtinite pou yo eksplike l a moun ki pa familye avèk li. Pou ede manm kowòn nan oswa klas la fè sa, ou ta kapab imajine yo gen yon zanmi ki mande poukisa Sen Dènye Jou yo kwè ke marye nan tanp enpòtan konsa. Mande yo pou yo li ekriti ki nan “Resous pou Sipò” yo “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” (ChurchofJesusChrist.org), oubyen paj 97–98 nan Ankre nan Lafwa. Yo ta kapab chèche mo, fraz, ak ide yo ta kapab enkli nan yon lèt pou yo voye bay zanmi yo a avèk eksplikasyon sou enpòtans maryaj nan tanp. Yo ta gen dwa gade “Why Is Marriage Sacred to Heavenly Father (Poukisa Maryaj Sakre Konsa pou Pè Selès la)?” nan “Fasafas avèk Eldè ak Sè Renlund” nan nan (devosyon mondyal pou jèn yo, 5 Out 2017, nan FacetoFace.ChurchofJesusChrist.org). Ou ta kapab ba yo tan pou yo ekri yon lèt epi apre sa envite yo pou yo pataje sa yo te ekri a:

  • Wè yon egzanp maryaj fidèl kapab enspire moun w ap anseye yo pou yo chèche benediksyon sa a pou tèt yo. Yon fason pou w fè sa se repase seksyon nan mesaj Èldè L. Whitney Clayton nan “Maryaj: Gade epi Aprann” nan (Liahona, Me 2013, 83–85). Kisa manm kowòm nan oswa klas la aprann nan mesaj sa a sou kijan pou moun bati yon maryaj etènèl ki gen lajwa? Manm klas la ta kapab revize ide ki nan “Rive gen yon maryaj ki gen bonè” a tou nan Ankre Nan Lafwa (paj 99–101). Epitou, yo ta kapab gade “How Did Elder and Sister Bednar Meet (Kijan Èldè ak Sè Bednar te rankontre)?” a nan “Fasafas avèk Eldè ak Sè Bednar” a ([devosyon mondyal pou jèn yo, 12 Me 2015, FacetoFace.ChurchofJesusChrist.org).

  • Mande manm kowòm nan oswa klas la pou yo panse a kèk bagay ki ta kapab anpeche yo sele nan tanp. Kisa nou ka fè kounyeya pou nou ka simonte bagay sa yo? Apre sa yo ta kapab revize “Maryaj Etènèl” nan chapit 3 Preche Levanjil Mwen an ([2019], 89) pou yo ka jwenn prensip ak pratik ki mennen nan maryaj ak fanmi ere. Yo ta kapab fè lis kèk nan bagay yo ka fè kounyeya pou yo prepare yo pou yon maryaj etènèl. Ki wòl Sovè a nan ede nou prepare nou pou ak pou nou reyalize yon maryaj etènèl?

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa manm klas la pou yo medite sou sa epi pou yo ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl ki te fikse yo? Si yo ta vle, manm kowòm nan oswa klas la ta ka pataje ide yo.

Resous pou Sipò

  • Doktrin ak Alyans 49:16–17; 131:1–4; 132:13–19 (Maryaj etènèl esansyèl nan plan Bondye a)

  • Sijè levanjil, “Maryaj,” topics.ChurchofJesusChrist.org

  • Videyo “What Is a Temple Wedding Like?”, temples.ChurchofJesusChrist.org

  • Èldè D. Todd Christofferson te di: “Deklare verite fondamantal konsènan maryaj ak fanmi yo se pa inyore ni diminye sakrifis ak siksè moun ki panse ke ideyal la se pa yon reyalite pou yo kounyeya. … Anpil nan sa ki bon, anpil nan sa ki esansyèl—pafwa menm tout sa ki nesesè pou kounyeya—kapab akonpli nan sitiyasyon ki pa ideyal. Avèk konfyans nou temwaye ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a prevwa epi, alafen, l ap konpanse tout privasyon ak tout pèt pou moun ki mande L èd” (“Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi,” Liahona, Me 2015, 52).

Ansèye nan Fason Sovè a

Poze kesyon ki ap enspire moun w ap anseye yo pou yo reflechi pwofondeman sou maryaj etènèl epi pou yo santi yon dezi pou yo travay pou reyalize bi sa a. Koute repons yo avèk atansyon epi reponn avèk jantiyès selon enspirasyon Lespri a.