Doktrin ak Alyans 2021
24 Oktòb. Kijan M Ka Aksede a “Pouvwa Syèl la” nan Lavi M? Doktrin ak Alyans 121–123


“24 Oktòb. Kijan M Ka Aksede a “Pouvwa Syèl la” an nan Lavi M? Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“24 Oktòb. Kijan M Ka Aksede a “Pouvwa Syèl la” an nan Lavi M?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
Kèk fi k ap mache ansanm

24 Oktòb

Kijan M Ka Aksede a “Pouvwa Syèl la” nan Lavi M?

Doktrin ak Alyans 121–123

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou sijè tankou sa yo, epi planifye fason pou aplike sa w te diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans ki sijè pou diskite):

  • Kowòm nou an oswa klas nou an. Kiyès ki nouvo nan pawas nou an, epi kijan nou ka ede yo santi yo byenveni? Kisa n ap fè pou rann tan nou pase nan reyinyon kowòm nan ou klas la pi siyifikatif?

  • Devwa nou you oswa responsablite nou . Ki devwa ak responsablite nou genyen kòm jènjan ak jènfi? Ki fason nou ka akonpli yo bi byen?

  • Lavi nou. Kisa n ap fè pou nou vin pi plis sanble avèk Jezikri epi resevwa pouvwa L la nan lavi nou? Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Li?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè sa ki pi ba yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt nan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Otorite ak otorite prètriz la se pa menm bagay. Youn moun kapab resevwa otorite prètriz la pa enpozisyon dè men—gason kapab òdone nan yon ofis nan prètriz la, e ni gason ni fi kapab resevwa mizapa pou yon apèl. Men pouvwa prètriz la—pouvwa Bondye, ou “pouvwa syèl la”—kapab itilize sèlman “avèk prensip lajistis.” (Doktrin ak Alyans 121:36), gason tankou fi kapab itilize pouvwa sa a. Si nou vle pou sèvis nou bay lòt yo puisan epi pou l chanje lavi moun, nou dwe diy pou nou fè apèl a pouvwa syèl la.

Èske manm kowòm nan ou klas la konnen kijan pou yo aksede a pouvwa prètriz la? Ki diferans ki ta kapab genyen nan lavi yo ak sèvis yo si yo te gen konpreyansyon sa a? Medite sou kesyon sa pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 121 an. Li t ap bon pou w ta etidye de mesaj Prezidan Russell M. Nelson yo. Youn adrese a dirijan prètriz la yo—“Pri Pouvwa Prètriz la” (Lyawona, Me 2016, 66–69). Lòt la te adrese a sè yo—“Trezò Espirityèl” (Lyawona, Nov. 2019, 76–79).

Imaj
yon jèn gason k ap priye

Pouvwa prètriz la soti nan menmen yon vi jis.

Aprann ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou pouvwa prètriz, ou ta kapab mande manm kowòm nan oswa klas la pou yo pataje yon bagay yo te aprann konsènan pouvwa sa a lè w t ap li Doktrin ak Alyans 121 semèn sa a. Si sa ede, ou ta kapab sigjere ke yo fouye vèsè 34–46 yo pou yo ka jwenn chak kote mo pouvwa a itilize epi pou yo pataje sa yo aprann. Ou kapab itilize aktivite sa yo pou ede manm kowòm nan oswa klas la konprann pi byen kijan yo kapab aksede a pouvwa prètriz Bondye a nan lavi yo.

  • Li ta kapab itil pou montre kontras ki genyen ant fason yo mentni “pouvwa” ak “enfliyans” nan mond lan ak sa Senyè a te anseye nan section 121 an sou fason pou mentni pouvwa prètriz la. Ou ta kapab fè yon dyagram de kolòn sou tablo a avèk kòm tit Pouvwa Mond la ak Pouvwa Syèl la. Manm kowòm nan ou klas la ta kapab ranpli dyagram lan avèk mo ak gwoup mo ki soti nan Doktrin ak Alyans 121:34–46. Kijan konprann vèsè sa yo kapab afekte fason nou chèche enfliyanse lòt moun, enkli zanmi nou yo, manm fanmi nou, ak moun nou ap sèvi yo, pou yo fè byen. Dapre vèsè sa yo, kijan Sentespri a ede nou enfliyanse lòt moun nan fason ki jis?

  • Pou ede detantè Prètriz Aawon yo aprann kijan pou yo pote pouvwa nan sèvis prètriz yo a, ou ta kapab afiche divès objè epi mande manm kowòm nan pou yo devine ki valè chak objè. Poukisa kèk nan nou pi diy pase lòt? Ki bagay ki gen plis valè nan lavi nou, e ki pri nou oblije “peye” pou yo? Apre sa, manm kowòm nan ta kapab fouye nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Pri Pouvwa Prètriz la,” pou yo ka jwenn pri li te di nou dwe peye pou nou resevwa pouvwa prètriz la. Kijan lavi nou ak lavi lòt moun afekte lè nou sèvi avèk plis nan pouvwa Senyè a?

  • Pou ede jènfi yo konprann kijan yo aksede a pouvwa prètriz la, ou ta kapab mande yo pou yo reflechi sou lè yo konn santi pouvwa Bondye nan lavi yo. Eksplike ke prètriz la se pouvwa Bondye. Yo ta kapab fouye nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Trezò Espirityèl” pou yo ka jwenn kèk verite konsènan fi yo ak pouvwa prètriz la. Kisa Prezidan Nelson mande fi yo nan Legliz la pou yo fè pou yo ka “rale pouvwa Sovè a desann liberalman”? (page 77; gade sitou nan kat paragraf ki kòmanse avèk “Chak fi ak chak gason”) yo. Kilè nou rale pouvwa sa a desann pou beni lavi nou ak lavi lòt moun? Kisa Doktrin ak Alyans 121:39–43 anseye nou sou jan pou nou aji avèk pouvwa Senyè a nan lavi nou?

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas la ta ka pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Pandan w ap chèche suiv egzanp Jezikri a epi viv diy pou w aksede a pouvwa L la, w ap kapab anseye avèk pouvwa ak otorite.