Doktrin ak Alyans 2021
25 Jiyè. Poukisa M Dwe Obeyi Kòmandman Bondye yo? Doktrin ak Alyans 81–83


“25 Jiyè. Kisa M Dwe Obeyi Kòmandman Bondye yo? Doktrin ak Alyans 81–83,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“25 Jiyè. Poukisa M Dwe Obeyi Kòmandman Bondye yo?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
jènfi k ap pale

25 Jiyè

Poukisa M Dwe Obeyi Kòmandman Bondye yo?

Doktrin ak Alyans 81–83

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm nou oswa klas nou an. Kisa nou ka fè pou nou bati inite pami manm yo nan kowòm oswa klas la? Sou ki objektif nou ta renmen travay ansanm?

  • Devwa nou yo ou oswa responsablite nou yo. Kisa n ap fè pou nou pataje levanjil la? Ki eksperyans nou genyen nan fè travay tanp ak istwa familyal?

  • Lavi nou. Kijan nou te wè men Senyè a nan lavi nou? Kisa ki te enspire nou nan etid ekriti nou semèn sa a?

Nan fen leson an, si sa apwopropriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ou te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Nou ka santi pafwa ke kòmandman Bondye yo limite libète pèsonèl nou, retire libabit nou, epi limite pwogresyon nou. Verite a sè ke kòmandman yo ogmante libète nou. Nan Doktrin ak Alyans 82:8–10 nou aprann ke kòmandman yo ede nou konprann volonte Bondye, e lè nou obeyi yo, aksyon nou yo ap “tounen pou sali [nou].” An reyalite, lè nou obeyi Bondye, Li “anba obligasyon” pou ban nou tout benediksyon Li pwomèt yo (vèsè 9–10). Kijan Pè Selè la beni w lè w obeyi kòmandman L yo? Pou prepare w pou anseye, ou ta kapab li mesaj Èldè Dale G. Renlund lan “Ranpli avèk benediksyon” (Lyawona, Me 2019, 70–73) oubyen medite sou kèk nan resous ki nan atik Sijè Levanjil la “Obeyisans” (topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
yon jènfi ki ap etidye

Egzanp sèvitè fidèl Bondye yo nan tan ki pase yo kapab enspire nou pou nou viv fidèlman jodi a.

Aprann ansanm

Manm kowòm ou an oswa klas ou a gen dwa gen difikilte pou yo obeyi kèk nan kòmandman yo. Ede yo konprann poukisa obeyisans enpòtan ta ka kapab enspire yo. Ekri tit plan leson sa a sou tablo a, epi envite manm kowòm nan oswa klas la pataje repons yo. Ou ta kapab mande yo pou yo chèche lòt ide nan Doktrin ak Alyans 82:8–10 la, ke yo kapab te etidye semèn sa a. Apre sa, seleksyone youn ou plis nan aktivite sa yo pou ede w konprann pi byen poukisa li toujou enpòtan pou moun obeyi Bondye, men m lè fè sa difisil.

  • Li kapab pi fasil pou nou obeyi kòmandman yo lè nou konprann rezon ki jistifye yo. Pou nou aprann poukisa Bondye ban nou kòmandman yo, manm kowòm nan oswa manm klas la ta kapab revize referans ekriti yo nan “Resous pou Sipò” a (oubyen lòt resous ki pase nan tèt ou). Kijan ekriti sa yo ka ede nou lè nou twouve li difisil pou nou obeyi yon kòmandman? Kòm yon pati nan diskisyon sa a, ou ta gen dwa li avèk yo seksyon ki gen tit “Katriyèmman, pa bliye ‘rezondèt’ levanjil la” la nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la ki rele “Pa Bliye” nan nan (Liahona, Nov. 2011, 122).

  • Lè moun w ap anseye yo konprann egzanp obeyisans pafè Senyè a, yo kapab enspire pou yo obeyi Bondye pi konplètman. Kilè Jezikri te obeyi Papa L, menm nan sikonstans difisil? (gade nan Matye 4:1–11; Lik 22:39–44). Nou ka jwenn egzanp sou gason ak fi ki te obeyisan nan Ebre 11. Petèt kowòm ou an oswa klas ou a ta kapab chwazi youn nan egazanp sa yo—oubyen lòt ke yo konnen, sa enkli nan pwòp fanmi yo—epi pataje sa ki enspire yo konsènan moun sa yo. Poukisa yo te chwazi pou yo obeyi Senyè a? Kijan Senyè ede nou lè nou chwazi pou nou obeyisan?

  • Pou ede kowòm lan oswa klas la wè kòmandman yo kòm benediksyon e non pa kòm fado, ou ta kapab pataje ansèyman Èldè D. Todd Christofferson nan nan “Resous pou Sipò” a. Ou ta kapab afiche ou desine foto yon nechèl epi mande moun w ap anseye yo pou yo mete yon etikèt sou chak ba nechèl la avèk yon kòmandman ki ta kapab difisil pou yon jèn moun konprann oubyen obeyi. Kijan pawòl Èldè Christofferson yo t ap ede yon moun ki gen difikilte pou l respekte kòmandman yo?

  • Nou ka jwenn plizyè videyo ki anseye sou obeyisans sou ChurchofJesusChrist.org ak nan app Bibliyotèk Levanjil la (Gospel Library app) (gade nan “Resous pou Sipò”). Ou ta kapab bay chak manm kowòm nan ou klas la yon responsablite pou yo gade youn nan videyo sa yo anvan reyinyon an epi pou yo vini prepare pou yo pataje sa yo te aprann nan konsènan obeyisans. Petèt kowòm nan oswa klas la ta kapab planifye pwòp videyo pa yo konsènan obeyi kòmandman Bondye yo. Apre sa yo ta kapab òganize yon aktivite pou kreye videyo a epi pataje l sou medya sosyal.

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm oswa manm klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan manm oswa klas la ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

  • 1 Nefi 17:3; Mozya 2:41; Doktrin ak Alyans 130:20–21 (Nou beni pa obeyisans a kòmandman yo)

  • Detewonòm 10:12–13; Jan 14:15; 1 Jan 5:1–3 (Nou obeyi kòmandman yo paske nou renmen Bondye)

  • Doktrin ak Alyans 93:20 (Obeyisans pèmèt nou resevwa plenitid Bondye)

  • Obéissance,” nan chapit 3 Prêchez Mon Évangile (2019), 75

  • Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Kèk moun sèlman wè sakrifis ak limitasyon nan obeyi kòmandman nouvèl alyans etènèl la, men moun ki viv eksperyans lan—ki bay tèt yo libreman e san rezèv nan lavi alyans la—jwenn pi gran libète ak akonplisman. Lè nou vrèman konprann, nou chèche kòmandman pi plis, non pa pi piti. Chak nouvo lwa oswa kòmandman nou aprann ak viv se tankou yon bawo an plis oubyen yon pa an plis sou yon nechèl ki pèmèt nou grenpe pi wo e pi wo ankò. Vrèman, levanjil la se bon lavi a” (“Pouvwa Alyans yo,” Liahona, Me 2009, 23).

  • Video “The Sting of the Scorpion (Pik Eskòpyon an),” “Stay within the Lines (Rete nan Limit yo),” “A Secure Anchor (Yon refij asire),” “Shower of Heavenly Blessings Vide Benediksyon Syèl yo) ,” “Blessed and Happy Are Those Who Keep the Commandments of God (Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo beni epi yo gen kè kontan),” videos, ChurchofJesusChrist.org

Ansèye nan Fason Sovè a

Sovè a te envite disip Li yo pou yo temwaye, e lè yo te fè sa, Lespri a te touche kè yo. Pandan w anseye, envite manm yo nan kowòm nan oswa klas la pou yo pataje temwayaj yo konsènan jan li enpòtan pou moun respekte kòmandman yo.