Doktrin ak Alyans 2021
8 Out. Kijan M Ka Patisipe nan Rasanbleman Izrayèl la? Doktrin ak Alyans 85–87


“8 Out. Kijan M Ka Patisipe nan Rasanbleman Izrayèl la? Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“8 Out. Kijan M Ka Patisipe nan Rasanbleman Izrayèl la?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
jènjan devan yon tanp

8 Out

Kijan M Ka Patisipe nan Rasanbleman Izrayèl la?

Doktrin ak Alyans 85–87

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yoansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon presidans sou ki sij pou n diskite:)

  • Kowòm nou an oswa klas nou an. Ki aktivite nou te genyen resamman? Èske yo te reyisi? Kisa ki te pase byen, epi kijan nou ka amelyore yo?

  • Devwa nou yo oswa responsablite nou yo. Kiyès ki bezwen sèvis nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Lavi nou. Sou ki objektif n ap travay endividyèlman? Ki eksperyans nou ka pataje? Ki benediksyon nou te resevwa?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Pwobableman moun ki nan kowòm nou an oswa klas nou an konnen yon bagay konsènan responsablite yo pou yo fè travay misyonè ak travay nan tanp ak istwa familyal. Men si w pale avèk yo konsènan rasanbleman Izrayèl, yo ta kapab pa konnen de kisa w ap pale. Kijan w ka ede yo konprann ke pataje levanjil la, fè rechèch pou istwa famillyal yo, ak fè òdonans nan tanp fè pati yon travay ki pi gwo lontan pou rasanble Izrayèl nan preparasyon pou Dezyèm Vini Sovè a.

Moun w ap anseye yo kapab te etidye parabòl ble ak move zèb la nan Doktrin ak Alyans 86 la, ki anseye sou rasanbleman Izrayèl nan dènye jou yo. Pandan w ap li seksyon sa a, eseye konsidere manm kowòm ou an oswa klas ou a kòm ouvriye nan chan Senyè a. Kijan w pral ede yo fè eksperyans lajwa ki soti nan patisipe nan gwo travay sa a?  Pou w aprann plis sou sijè sa a, etidye mesaj Prezidan Russell M. Nelson ak Sè Wendy W. Nelson yo “Lespwa Izrayèl” ([devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], sipleman nan revi New Era ak Ensign, ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
jènfi ak adilt ki ap gade yon konpitè

Jèn jan ak jèn fi kapab ede rasanble Izrayèl nan fè travay tanp ak istwa familyal.

Aprann ansanm

Ou ta kapab kòmanse pa poze manm klas la kesyon tankou sa yo: Kisa ki te plis enpresyone w lè w te li Doktrin ak Alyans 86 la lakay? Kisa w te aprann konsènan travay rasanbleman pitit Bondye yo nan dènye jou yo? Kisa n ap fè pou nou patisipe nan travay sa a? Pi ba la a w ap jwenn kèk ide adisyonèl pou enspire kowòm ou an oswa klas ou a pou yo patisipe nan rasanbleman Izrayèl la.

  • Mande manm kowòm nan oswa klas la a kisa yo panse de lè yo tande tèm,“rasanble Izrayèl” la. Si yo bezwen èd, sigjere ke yo li definisyon sa a Prezidan Russell M. Nelson te fè: “Finalman, rasanbleman Izrayèl la vle di ofri levanjil Jezikri a sou toulède bò vwal la bay tout pitit Bondye ki pa t ni fè alyans enpòtan yo avèk Bondye ni resevwa òdonans esansyèl yo. Chak Pitit Pè Selès la merite opòtinite pou l chwazi pou l suiv Jezikri, pou l asepte ak resevwa levanjil Li a avèk benediksyon l yo” (“Lespwa Izrayèl,” 11–12). Kijan definisyon sa a afekte fason nou panse a devwa enpòtan sa a?

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la wè kijan parabòl ble ak move zèb la aplike a yomenm, ou ta kapab ekri gwoup mo sa yo ki soti nan Doktrin ak Alyans 86 la sou tablo a. Gwoup mo sa yo ta kapab dekri senbòl ki nan parabòl la—tankou “moun ki t ap simen semans yo,” “move zèb yo toufe ble a,” “tij la monte anlè,” epi “rasanble ble a,” (vèsè 2–4, 7). Fraz yo ta kapab dekri entèpretasyon senbòl sa yo—tankou “Apot yo,” “Apostazi a,” “Retablisman an,” ak “travay misyonè.” Apre sa, manm kowòm oswa klas la ta kapab travay ansanm pou revize seksyon 86 la epi fè senbòl yo koresponn avèk siyifikasyon yo. (Yo ta kapab li tou Matye 13:36–43.) Kisa nou aprann nan parabòl sa a konsènan travay rasanble Izrayèl la? Kisa nou ka fè pou vin “yon limyè” ak “yon sovè” pou pitit Bondye yo? (Doktrin ak Alyans 86:11).

  • Manm kowòm nan oswa klas la ta ka kapab sonje ke nan mesaj “Espwa Izrayèl” la, Prezidan Russell M. Nelson te envite yo fè bagay espesifik pou prepare yo pou yo ede rasanble Izrayèl (gade nan paj 14–17). Mande yo ki envitasyon yo sonje, epi pou yo revize envitasyon yo ansanm selon jan sa nesesè. Kijan bagay sa yo ta kapab rann nou pi efikas nan rasanbleman Izrayèl la? Kisa nou ka fè pou raple nou envitasyon sa yo ak pou nou youn ede lòt satisfè yo? Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la panse nan yon fason kreyatif epi pou yo pataje ide yo.

  • Manm kowòm nan ou klas la ta kapab li entwodiksyon an ak de premye seksyon mesaj Èldè Quentin L. Cook’ la “Yon gran amou pou pitit Pè Selès yo” (Lyawona, Me 2019, 76–79), chèche poukisa lanmou enpòtan konsa nan efò nou yo pou travay misyonè ak travay istwa familyal. Mande yo pou yo pataje sa yo te aprann sou jan lanmou ka fè yon diferans lè nou fè efò pou nou pataje levanjil la avèk moun ki sou toulède bò vwal la. Bay manm kowòm nan oswa klas la tan pou yo ekri yon bagay yo ta renmen fè akozde diskisyon jodi a. Pou ede yo panse a ide yo, ou ta kapab sigjere ke yo panse a moun yo konnen. Kijan Bondye ta kapab lonje men bay moun sa yo? Kijan nou ka ede yo?

Resous pou Sipò

  • Russell M. Nelson, “Le rassemblement d’Israël dispersé,” Liahona, Nov. 2006, 79–82

  •  Church History Topics, “Rasanbleman Izrayèl,” ChurchofJesusChrist.org/study/history/topics

Anseye nan Fason Sovè a

Senyè a te fè moun ki t ap suiv li yo konfyans. Li te prepare yo epi Li te ba yo responsablite enpòtan pou yo anseye, beni, ak sèvi lòt yo (gade nan Anseye nan Fason Senyè a [2016], 28). Ki opòtinite ou ka ofri jèn yo pou youn anseye lòt?