Doktrin ak Alyans 2021
11 Avril. Kijan M Ka Envite Tout Moun pou yo Vin Jwenn Kris? Doktrin ak Alyans 30-36


“11 Avril. Kijan M Ka Envite Tout Moun pou yo Vin Jwenn Kris? Doktrin ak Alyans 30-36,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“11 Avril. Kijan M Ka Envite Tout Moun pou yo Vin Jwenn Kris?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
jèn gason ki ap gade yon telefòn

11 Avril

Kijan M Ka Envite Tout Moun pou yo Vin Jwenn Kris?

Doktrin ak Alyans 30-36

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan ou prezidan klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, anplis de konsiltasyon konsènan afè espesifik pou kowòm nan oswa klas la, ou ta ka vle diskite enpresyon ak tèm ki soti nan konferans jeneral la. Kesyon sa yo ka ede:

  • Ki sijè oubyen mesaj ki te enpresyonan pou nou?

  • Kisa nou te santi nou pouse pou nou fè akoz de sa nou te aprann oswa santi yo.

  • Kisa nou bezwen fè kòm kowòm oswa klas pou nou aplike konsèy nou te tande yo nan konferans jeneral la?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè sa bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan n reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Sèlman kèlke mwa apre Legliz retabli a te fin òganize le 6 avril 1830 nan Fayette, New York, Senyè a te kòmanse aple misyonè pou yo te rasanble “moun li chwazi yo soti nan kat kwen tè a,” (Doktrin ak Alyans 33:6). Sa ki te kòmanse kòm efò yon ti ponyen nouvo konvèti nan yon zòn jewografik limite te grandi pou l vin tounen yon lame misyonè ki ap pwoklame levanjil la toupatou nan mond lan. Men travay misyonè pa limite a moun ki ap fè misyon aplentan yo. Senyè a vle pou nou chak envite moun ki bò kote nou yo pou yo vin jwenn Li.

Ki eksperyans ou genyen nan envite lòt moun aprann levanjil Sovè a? Kisa w kapab fè pou w enspire manm kowòm nan oswa klas la pou yo ranpli devwa yo pou yo mennen nanm bay Jezikri? Pandan w ap prepare w pou anseye a , anvisaje revize “Quel est mon objectif de missionnaire?” nan Prêchez Mon Évangile ([2019] 1–16) ak mesaj Èldè Dieter F. Uchtdorf la “Travay Misyonè: Pataje sa ki nan kè w,” Lyawona, Me 2019, 15–18).

Imaj
jènfi ki ap ri

Lè nou envite zanmi nou yo pou yo asiste reyinyon oswa aktivite Legliz la, nou ede yo aprann konnen Kris.

Aprann ansanm

Doktrin ak Alyans 30–36 mansyone non plizyè moun ki te resevwa apèl pou yo te ale nan misyon nan kòmansman Legliz la. Kèlke jou avan reyinyon w lan, ou ta kapab bay chak manm kowòm nan oswa klas la youn nan non sa yo (gade nan entwodiksyon seksyon 30–36) epi envite yo pou yo aprann ki konsèy Senyè a te bay pou ede chak moun pataje levanjil la. Kijan nou kapab aplike konsèy sa a a noumenm? Ide ki pi ba la a yo kapab enspire moun w ap anseye yo plis toujou pou yo envite moun ki bò kote vin jwenn Kris la.

  • Èske moun w ap anseye yo konprann sa vin jwenn Kris vle di? Ou ta kapab mande yo pou yo pataje panse yo. Si sa itil, ou gen dwa pataje eksplikasyon sa a: “Pou yo al jwenn Sovè a, moun yo dwe gen lafwa nan Li ki mennen nan repantans—pou yo ka fè chanjman ki nesesè yo pou mete lavi yo ann ankò avèk ansèyman L yo.” (Preche Levanjil mwen an, 2). Manm kowòm oubyen klas la ta kapab li ekriti ki genyen ladan yo fraz tankou tankou “vin jwenn mwen” oubyen “vin jwenn Kris la” tou pou ede yo reponn kesyon sa a—pa egzanp, Matye 11:28–30; Omni 1:26; Mowoni 10:32; Doktrin ak Alyans 20:59. Poukisa nou vle moun vin jwenn Kris la? Ki bagay senp nou ka fè pou ede yo? Manm kowòm nan oswa klas la ta kapab planifye pou yo envite yon moun yo konnen pou l vin pi pre Kris la.

  • Aprann kijan lòt moun pataje levanjil la se yon gwo fason pou nou enspire moun n ap anseye yo. Ou ta kapab pase youn ou plis nan videyo nou jwenn nan “Resous pou Sipò” a oubyen envite manm kowòm nan ou klas la pou yo li konsèy ak egzanp nou jwenn nan mesaj Sè Cristina B. Franco a “Jwenn lajwa nan Pataje Levanjil la” (Lyawona, Nov. 2019, 83–86). Kisa nou aprann nan egzanp sa yo? Diskite ansanm sa kowòm ou an oubyen klas ou a ta kapab fè pou envite lòt yo vin jwenn Kris la.

  • Pandan l t ap pale de pataje levanjil la, Èldè Dieter F. Uchtdorf te di ke kèk nan nou gen dwa “santi yo ensèten konsènan jan pou yo fè l. Oubyen nou ta gen dwa santi nou timid oubyen nou pa nan zòn konfò nou” (“Travay Misyonè: Pataje sa k nan kè w,” Lyawona, Me 2019, 16). Si manm kowòm nan santi yo konsa, senk sigjesyon senp Èldè Dieter F. Uchtdorf te bay nan mesaj li a ta kapab ede yo. Ou ta kapab envite chak manm klas la pou yo li youn nan senk sigjesyon l yo epi pataje sa yo te aprann.

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas la ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

  • 1 Timote 4:12 (Se pou w yon egzanp pou kwayan yo)

  • Alma 17:2–4 (Pitit gason Mozya yo te prepare yo pou yo pataje levanjil la)

  • Doktrin ak Alyans 42:6–7 (Preche levanjil la pa pouvwa Lespri a)

  • Russell M. Nelson ak Wendy Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), sipleman nan New Era ak Ensign, HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org

  • Videyo “Inviter tout le monde à aller au Christ: Faire connaître l’Évangile,” “Invitez-les à venir voir,’” “Invitez-les à venir aider’,’” “Invviter autrui à « Venir et à rester ”, ChurchofJesusChrist.org

Anseye nan Fason Sovè a.

Sovè a te envite lòt moun yo pou yo te temwaye de verite yo pou Lespri a te ka touche kè yo. “Kimoun ou di mwen ye?” Li te mande, Lè Pyè te reponn, temwayaj li te vin ranfòse: “Ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an” (Matye 16:15–16). Kijan pataje levanjil la ka ranfòse temwayaj manm yo nan kowòm nan oswa klas la?