Doktrin ak Alyans 2021
25 Avril. Kijan M Ka Vin Pi Sanble Avèk Kris Lè M Ap Sèvi Lòt Moun? Doktrin ak Alyans 41-44


“25 Avril. Kijan M Ka Vin Pi Sanble Avèk Kris Lè M Ap Sèvi Lòt Moun? Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“25 Avril. Kijan M Ka Vin Pi Sanble Avèk Kris Lè M Ap Sèvi Lòt Moun?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
Jezi ki ap lave pye Apot yo

Jezi Ki Ap Lave Pye Apot yo pa Del Parson

25 Avril.

Kijan M Ka Vin Pi Sanble Avèk Kris Lè M Ap Sèvi Lòt Moun?

Doktrin ak Alyans 41-44

Imaj
senbòl konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm oswa klas nou. Kiyès ki nouvo nan pawas nou an, epi kijan nou ka ede yo santi yo byenveni? Kisa n ap fè pou rann tan nou pase nan kowòm nan oswa klas la pi siyifikatif?

  • Devwa oswa responsablite nou. Ki devwa ak responsablite nou genyen kòm jènjan ak jènfi? Kijan nou ka ranpli yo pi byen?

  • Lavi nou. Kisa n ap fè pou nou vin pi sanble avèk Jezikri epi pou nou resevwa pouvwa L nan lavi nou? Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Li?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt diran reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare tèt ou espirityèlman

Lè Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te rasanble nan Kirtland, Ohio a, anpil moun te fidèlman kite lakay yo epi yo te vwayaje ale kote sa a. Men demenajman sa a se pa t sèlman pou yo te al viv yon lòt kote—se te pou yo t al viv yon lòt jan tou. Manm kowòm nan oswa klas la te petèt etidye Doktrin ak Alyans 41–44 semèn sa a epi yo te aprann konsènan demenajman Sen yo soti Kirtland nan ak lwa Senyè a te revele ba yo nan kote sa a. Pami lòt bagay, Senyè a te atann pou Sen yo te vin ini pandan youn t ap renmen ak sèvi lòt (gade nan Doktrin ak Alyans 42:30–31, 38–39, 45; 44:6). Ki eksperyans ou ta kapab pataje ki t ap ede kowòm ou an oswa klas ou a santi enpòtans sèvis kretyen?

Pou ede w prepare w pou anseye sèvis kretyen, ou ta kapab revize “Sèvis” nan Pou Fòs Jèn yo ([2011], 32–33) ak mesaj Presidan Russell M. Nelson an “Dezyèm Gwo Kòmandman an” (Lyawona, Nov 2019, 96–100).

Imaj
yon jèn gason ak yon granmoun fi ki ap ri ansanm

Nou kapab sèvi lòt moun jan Sovè a te fè a.

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou sèvis kretyen, ou ta kapab ekri yon tablo “Viv Ansanm nan lanmou” (Doktrin ak Alyans 42:45). Envite kowòm ou an oubyen klas ou a pou yo li Doktrin ak Alyans 42:30–31, 38–39, 45; 44:6 epi fè lis fason Senyè a te vle pou Sen yo aji pou youn te sèvi lòt. Ki opòtinite nou genyen, nan fwaye nou ak andeyò fwaye nou, pou nou sèvi moun ki nan bezwen fizikman, emosyonèlman, ou espirityèlman yo? Chwazi nan ide ki pi ba la a yo pou enspire kowòm ou an oswa klas ou a pou l bay lòt moun yo sèvis kretyen.

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la aprann nan egzanp sèvis Sovè a, ou ta kapab bay chak moun responsablite pou yo li yon pasaj ekriti konsènan Sovè a ki ap sèvi yon moun (gade “Resous pou Sipò”). Chak moun ta kapab rezime pasaj ekriti a epi eksplike sa Sovè a te fè pou l e sèvi lòt moun. Kisa vèsè sa yo anseye sou sa sèvi jan Sovè a te fè a vle di? Ki diferans ki genyen ant sèvi nan fason Sovè a ak lòt fason moun konn sèvi yo? Manm kowòm nan oswa klas la ta kapab pataje eksperyans lè yo te eseye sèvi jan Sovè a te fè l la ak lòt yo te sèvi yo fason sa a.

  • Li ta kapab itil pou kowòm ou an oswa klas ou a revize sa Sovè a ak pwofèt Li yo te anseye konsènan sèvis. Men kèk pasaj ekriti yo ta kapab li ansanm Matye 25:31–46; Lik 10:25–37; Jan 13:34–35; Jak 1:27; Mozya 2:17; 18:8–10. Ankouraje yo pou yo ekri sa yo aprann konsènan sèvi lòt moun epi pataje panse ak eksperyans ki gen rapò a sa yo te aprann yo. Apre sa, yo ta kapab planifye fason pou yo rann sèvis kretyen. (Yo ta kapab jwenn ide si yo gade youn ou plis videyo nan “Resous pou Sipò” a oubyen vizite JustServe.org.)

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la nan efò yo pou yo sèvi lòt, anvizaje revize ansanm mesaj Sè Bonnie H. Cordon an nan “Devenir un berger” (Liahona, Nov. 2018, 74–76). Ou ta kapab kòmanse nan montre kèk foto Sovè a ki sèvi (Sè Cordon te montre kèk ladan nan mesaj li a). Kisa foto sa yo anseye sou jan nou kapab anseye nan fason ki sanble avèk fason Senyè a? Apre sa, anvizaje envite manm kowòm nan oswa klas la pou fè gwoup 2 moun pou yo ka li youn nan seksyon mesaj la epi pou yo pataje sa yo te aprann sou jan pou yo sèvi tankou Sovè a. Yo ta kapab pataje sa y ap aprann konsènan sèvi tankou Kris la pandan y ap fè sèvis pastoral pou lòt moun tou.

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodia. Kijan leson jodi a gen rapò ak bi pèsonèl yo te fikse? Si yo vle, manm nan kowòm oswa klas la ta ka pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Pandan ministè tèrès li a, Jezikri te pase tan L ap sèvi ak ede moun ki bò kote L yo. Vrè disip Jezikri yo dwe fè menm bagay la tou (gade nan Jan 13:35). Chèche opòtinite pou w envite manm kowòm nan oswa klas la pou yo pataje kijan yo te sèvi lòt moun ak sa ki te enspire yo pou yo rann sèvis. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a [2016], 4–5.)