2018
Chèche Konnen L ak Fanmi L
February 2018


Prensip vizit nan fwaye, Fevriye 2018

Chèche Konnen Limenm Ak Fanmi Li

Vizit ofwaye la pou nou chèche konnen epi renmen chak sè pou nou kapab ede ranfòse lafwa l epi rann sèvis.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Rita Jeppeson ak sè ki fè vizit ofwaye lakay li a te vin bon zanmi pandan yo t ap fè vizit ak pataje prensip levanjil yo. Men vizit yo toujou enkli jwe jwèt mo ansanm. Se bagay Rita pi renmen nan moun k ap vizite l yo paske l konnen yo se zanmi li epi vizit yo se pa jis pou “tcheke” yon tach kòm konplè nan yon lis. Gen sitèlman anpil bagay sè yo kapab fè pandan yon vizit, tankou al mache ansanm, oubyen rache kèk move zèb nan jaden an pandan timoun yo ap jwe.

Èldè Jeffrey R. Holland nan kolèj Douz Apot yo te di, “Konsidere sa ou kòm anbasadè Senyè a pou pitit Li yo. … Nou espere … ke w ap etabli yon tradisyon sousi sensè ki oryante sou levanjil la pou manm yo, pandan ke youn ap veye sou lòt epi youn ap pran swen lòt, pandan n ap reponn bezwen espirityèl ak tanporèl yo nan tout fason nou kapab.”1

Senyè a te kòmande pitit Izrayèl yo palentèmedyè Moyiz pou “nou aji avèk etranje a menm jan nou aji avèk moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou” (Levitik 19:34). Sè n ap vizite a gen dwa se “etranje” lè nou kòmanse sèvis nou, men lè nou chache konnen l ak fanmi li, n ap gen pi gwo dezi pou nou “youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè” ak pou “ke nou makonnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt” (Mozya 18:8, 21).

Reyna I. Aburto, Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, sonje lè l te yon nouvo manm divòse nan Legliz la. Li te di, ”Sè ki te enstriktris ofwaye m yo te vin lakay mwen epi yo te pote yon santiman chalè ak apatenans ak lanmou nan kè mwen.” 2

Konsidere Sa

Nan fanmi sè w ap vizite yo, ki evènman ki pral rive ke w ta dwe konnen epi sonje ?

Nòt

  1. Jeffrey R. Holland, ”Reprezantan Legliz la,” Liahona,Nov. 2016, 62.

  2. Reyna I. Aburto, ”Kisa Sosyete Sekou te ye Pou Mwen?” Konferans pou fi yo nan Inivèsite Brigham Young, 5 Me 2017, LDS.org.