2018
Toujou Sonje Li
February 2018


Mesaj Premye Prezidans lan, Fevriye 2018

Toujou Sonje Li

Èske ou kapab imajine avèk mwen lè pwofèt Mowoni t ap ekri pawòl final Liv Mòmon yo sou plak lò yo ? Li te poukont li. Li te wè nasyon l lan, pèp li a, ak fanmi l tonbe. Tè sa a sete “yon chenn” asasina ak masak (Mòmon 8:8). Malgre sa, li te gen esperans, paske li te wè epòk nou an! E nan pami tout bagay li ta kapab ekri, li te envite nou pou nou sonje (gade Mowoni 10:3).

Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te renmen ansenye ke mo ki pi enpòtan nan diksyonè a se ta petèt sonje. Paske nou te fè alyans ak Bondye, li te di, “pi gwo bezwen nou se pou nou sonje” yo.1

Nou kapab jwenn mo sonje a atravè ekriti yo. Lè Nefi te avèti frè l yo, souvan li te konn envite yo pou sonje pawòl Senyè a epi pou yo sonje jan Bondye te sove zansèt yo (gade 1 Nefi 15:11, 25; 17:40).

Nan gran mesaj orevwa l la, Wa Benjemen te itilize mo sonje a sèt fwa. Li te espere ke pèp li a t ap sonje “grandè Bondye … ak bonte Li ak pasyans Li” anvè yo (Mozya 4:11; gade tou 2:41; 4:28, 30; 5:11–12).

Lè Sovè a te tabli sentsèn nan, Li te envite disip Li yo pou pran anblèm yo “an souvni sakrifis Li a” (Lik 22:19). Nan chak priyè sentsèn ou menm avèk mwen tande, mo toujou a vini avan mo sonje a (gade D&A 20:77, 79).

Mesaj mwen an se yon envitasyon, menm yon egzòtasyon, pou nou sonje. Men twa sijesyon konsènan kisa n kapab sonje chak semèn lè n ap pran anblèm sakre sentsèn yo. Mwen espere y ap itil nou, menm jan yo te itil mwen an.

Sonje Jezikri

Premyèman, sonje Sovè a. Sonje kiyès Li te ye pandan Li te sou tè a, jan li te pale ak lòt moun, epi jan li te montre jantiyès nan sa l te fè yo. Sonje avèk kiyès Li te konn pase tan epi kisa Li te ansenye. Sovè a te “mache fè byen” (Travay 10:38). Li te vizite moun malad. Li te angaje pou fè volonte Papa L.

Sitou, nou kapab sonje gran pri li te peye, nan lanmou L pou nou, pou retire tach peche nou yo. Lè nou sonje L, dezi nou pou nou suiv Li ap grandi. N ap anvi vin yon tijan pi janti, pi padonan, epi n ap gen plis dezi pou chèche konn volonte Bondye epi fè l.

Sonje Kisa W Bezwen Fè Pi Byen

Li difisil pou nou panse ak Sovè a—pite L ak pèfeksyon L—san nou pa panse sou kijan nou plen defo e kijan nou enpafè tou, an konparezon. Nou te fè alyans pou nou obeyi kòmandman L yo, men plizyè fwa nou pa alowotè nivo elve sa a. Men Sovè a te konnen sa t ap rive, se poutèt sa Li bannou òdonans sentsèn nan.

Sentsèn nan gen rasin li nan pratik Ansyen Testaman an pou ofri sakrifis, ki te gen ladan l yon konfesyon peche (gade Levitik 5:5). Nou pa sakrifye bèt ankò, men nou kapab toujou abandone peche nou yo. Ekriti yo rele sa yon sakrifis “yon kè brize, ak yon lespri kontri” (3 Nefi 9:20). Vini nan sentsèn nan avèk yon kè repantan (gade D&A 59:12; Mowoni 6:2). Lè nou fè sa, n ap resevwa padon pou peche nou epi nou p ap kite chemen ki mennen tounen al jwenn Bondye a.

Sonje Pwogrè Nou N Ap Fè

Lè nou egzamine lavi nou pandan òdonans sentsèn nan, m swete panse nou santre non sèlman sou sa nou te fè ki pa t bon men sou sa nou te fè ki bon tou—moman kote nou te santi Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a te kontan avèk nou. Nou kapab menm pran yon moman pandan sentsèn nan pou mande Bondye pou ede nou wè bagay sa yo. Si nou fè sa, mwen pwomèt n ap santi yon bagay. N ap santi espwa.

Lè mwen m te fè sa, Lespri a te ban m asirans ke menmsi m toujou lwen pèfeksyon, mwen pi bon jodi a pase jan mwen m te ye yè. Epi sa ban m konfyans ke, gras ak Sovè a, mwen kapab pi bon toujou demen.

Toujou siyifi anpil tan, epi li vle di fè anpil efò ki konsantre. Nou konnen pa eksperyans kòman sa difisil pou panse pwofondeman ak yon sèl bagay tout tan. Men kèlkeswa fason nou kenbe pwomès pou nou toujou sonje L la, Limenm li toujou sonje nou.

Sovè a konnen pwoblèm nou. Li konnen konn kisa sa vle di pou gen presyon lavi a sou nou. Li konnen kann nan ki pwen nou bezwen benediksyon ki vini lè nou toujou sonje L epi obeyi L la—“pou [nou] kapab toujou gen Lespri L avèk [nou]” (D&A 20:77; italik ajoute).

Konsa, Li swete w byenveni sou tab sentsèn nan chak semèn, yon fwa ankò pou ofri w chans pou w temwanye devan Li ke w ap toujou sonje Li.

Nòt

  1. Spencer W. Kimball, “Sèk Egzaltasyon” (diskou enstriktè relijyon Sistèm Edikatif Legliz la, 28 Jen, 1968), 5