2018
Twa Bagay Pou Sonje
February 2018


Jèn yo

Twa Bagay Pou Nou Sonje

Mo sonje a parèt plizyè fwa nan Liv Mòmon an. Nefi te ankouraje frè l yo pou yo sonje kijan Bondye te sove zansèt yo. Wa Benjamen te mande pèp li a pou yo sonje grandè Bondye. Epi Mowoni te bay lektè l yo lòd pou yo sonje kijan Senyè a plen mizèrikòd.

Li esansyèl pou nou sonje Sovè a—nou menm fè alyans pou nou sonje L chak fwa nou pran sentsèn. Prezidan Eyring envite nou pou nou sonje twa bagay sa yo pandan sentsèn nan:

  1. Sonje Jezikri: Li ekriti konsènan kijan Sovè a te sèvi epi montre lanmou pou lòt moun. Kijan w santi lanmou L? Kijan w kapab sèvi epi montre lanmou pou lòt moun jan Sovè a te fè a?

  2. Sonje kisa w bezwen fè pou w amelyore: Reflechi sou semèn pase a avèk yon kè repantan. Chwazi yon bagay ou kapab chanje, epi ekri kijan w pral fè amelyorasyon sa a. Mete bi w la yon kote w ap wè l souvan.

  3. Sonje pwogrè w ap fè: Mande Bondye pou ede w wè bon pwogrè w ap fè. Ekri sa w santi.

Nou pa pafè, men Sovè a konn sa. Se poutèt sa Li mande nou pou nou sonje L. Lè nou sonje L, sa ban nou espwa epi sa ede nou gen dezi pou n amelyore. Menm lè nou pa sonje L, Prezidan Eyring di, “Li toujou sonje nou.”