2014
Akselere travay la
June 2014


Mesaj Premye Prezidans lan, Jen 2014

Akselere travay la

Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

Èske w reyalize ke legliz retabli a te gen 98 tan anvan l te rive gen 100 pieu? Men, nan mwens pase 30 tan nan apre, Legliz la te òganize dezyèm 100 pieu l yo. Epi nan lespas uitan sèlman apresa, legliz la te vin gen plis pase 300 pieu. Jodia nou gen plis pase 3.000 pieu solid.

Poukisa kwasans sa a ap fèt nan yon vitès akselere konsa? Èske se paske yo pi byen konnen nou? Èske se paske nou gen bèl chapèl?

Bagay sa yo enpòtan, men rezon k fè Legliz la ap grandi konsa jodia sèke Senyè a te di sa t ap fèt. Nan Doktrin ak Alyans, Li di: “Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.”1

Nou menm, antanke pitit espri Papa nou ki nan Syèl la, yo te voye nou sou tè a nan tan sa a pou nou kapab patisipe nan akselere gwo travay sa a.

Selon mwen menm, Senyè a pa janm di travay li a konfine nan lavi sa a sèlman. Men, travay li anbrase letènite. Mwen kwè l ap akselere travay li nan mond lespri a. Mwen kwè Senyè a, atravè sèvitè l yo isit la, ap prepare anpil espri pou resevwa levanjil la tou. Travay nou se chèche mò nou yo epi apresa ale nan tanp pou n akonpli òdonans sakre k ap pote menm opòtinite nou genyen yo bay moun sa yo ki nan lòtbò vwa la.

Prezidan Brigham Young (1801–77) te di ke chak bon Sen Dènye Jou ki nan mond lespri a okipe. “Kisa y ap fè nan kote sa a? Y ap preche, preche tout tan, epi y ap prepare wout pou nou ka akselere travay nou nan bati tanp isit la ak lòt kote.”2

Men, travay istwa familyal la pa fasil. Pou nou menm ki soti Scandinavie yo, mwen pataje fristrasyon nou. Pa egzanp, nan linye pa m nan Suède, non granpapa m sete Nels Monson; non papa li se pa t Monson ditou men sete Mons Okeson. Non papa Mons sete Oke Pederson, epi non papa pa li sete Peter Monson—retounen nan Monson ankò.

Senyè a atann pou ou menm avèk mwen akonpli travay istwa familyal nou byen. M panse premye sa nou ta dwe fè si nou vle akonpli travay nou an byen se chèche gen Lespri Papa nou ki nan Syèl la avèk nou. Lè nou viv osi fidèlman nou konnen kijan pou n viv, l ap louvri chemen pou akonpli benediksyon sa yo nou si onètman ap chèche avèk sitèlman dilijans yo.

N ap gen pou n fè erè, men okenn nan nou pa kapab vin yon ekspè nan travay istwa familyal san l pa yon novis pou kòmanse. Se poutèt sa, nou dwe plonje tèt nou nan travay sa a, epi nou dwe prepare pou n rankontre difikilte pandan n ap fè l la. Se pa yon tach ki fasil, men Senyè a bay ou menm avèk mwen tach la.

Si nou kontinye fè travay istwa familyal la, n apral rankontre difikilte, epi n ap di tèt nou: “Pa gen anyen ankò m ka fè.” Lè nou rive nan pwen sa a, mete nou ajenou epi mande Senyè a pou l louvri wout pou nou, e l ap louvri l pou nou. Mwen temwaye ke se vre.

Papa nou ki nan Syèl la renmen pitit li yo ki nan mond lespri a otan li renmen ou menm avèk mwen an. Konsènan travay pou sove mò nou yo, Pwofèt Joseph Smith te di: “Epi kounyeya, pandan gwo objektif Bondye yo ap akselere rive nan akonplisman yo a, epi bagay Pwofèt yo te pale yo ap akonpli a, pandan ke wayòm Bondye a etabli sou tè a, epi ansyen lòd bagay yo retabli a, Senyè a manifeste devwa sa a ak privilèj sa a pou nou.”3

Konsènan zansèt nou yo ki deja mouri san yo pa konnen levanjil la, Prezidan Joseph F. Smith (1838–1918) te deklare: “Atravè efò nou pou yo, chenn esklavaj yo ap ap kase, epi tenèb ki antoure yo a ap vin klè, pou limyè ka briye sou yo e nan mond lespri a, yo va tande pale de travay pitit yo ap fè pou yo isit la sou tè a, epi yo va rejwi avèk nou nan akonpli devwa sa yo.”4

Gen milyon sou milyon pitit espri Papa nou ki nan Syèl la ki pa t janm tande non Kris la anvan yo te mouri ale nan mond lespri a. Men kounyeya, yo anseye yo levanjil la epi y ap tann jou kote ou menm avèk mwen ap fè rechèch nesesè yo pou klere chemen an pou nou kapab ale nan kay Senyè a pou akonpli pou yo travay la yo pa kapab fè pou tèt pa yo a.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye nou Senyè a ap beni nou si nou aksepte defi sa a epi nou reponn wi.

Ansèyman nan mesaj sa a

Panse ak yon istwa ou renmen nan istwa familyal ou epi pataje istwa sa a avèk moun w ap vizite yo. Ou gen dwa itilize kesyon ki nan seksyon timoun nan nan Mesaj Premye Prezidans lan (paj 6) pou w ankouraje moun w ap vizite yo pou yo pataje istwa yo. Panse pou w li Doktrin ak Alyans 128:15 epi pale sou enpòtans pou akonpli òdonans tanp yo pou zansèt nou yo.

Nòt

  • Doktrin ak Alyans 88:73.

  • Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young (1997), 280.

  • Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 409.

  • Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith (1998), 247.