2014
Misyon divin Jezikri: Sèvi
June 2014


Mesaj vizit nan fwaye, Jen 2014

Misyon divin Jezikri: Sèvi

Nan lapriyè, etidye materyèl sa a epi chèche konnen kisa pou ou pataje. Nan ki jan konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa ou nan li e beni moun w ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Lè nou sèvi lòt moun, nou vin vrè disip Jezikri, ki te etabli egzanp lan pou nou an. Prezidan Thomas S. Monson di: “Nou antoure pa moun ki nan bezwen. …Nou se men Senyè a isit sou tè a, avèk manda pou nou sèvi ak edifye pitit li yo.”1

Linda K. Burton, prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te anseye: “Avèk pratik, nou chak kapab vin plis tankou Sovè a lè nou sèvi pitit li yo. Pou ede nou youn pi byen [sèvi] lòt, mwen ta renmen sigjere kat mo pou nou sonje: ‘Obsève toudabò, epi sèvi.’ … Si nou fè sa, n ap kenbe alyans nou yo, epi sèvis nou, tankou sèvis Prezidan Monson, se ap prèv ke nou se disip toutbon vre.”2

Nou ka priye chak maten pou n rekonèt opòtinite pou nou sèvi lòt moun. David L. Beck, prezidan jeneral Jènjan yo di: “Papa nou ki nan syèl la ap gide nou, epi zanj yo ap ede nou. N ap resevwa pouvwa pou beni lavi ak sove nanm.”3

Nan ekriti yo

Matye 20:25–28; 1 Nefi 11:27–28; 3 Nefi 28:18

Nan Istwa Nou

Nan konferans jeneral Oktòb 1856 la, Prezidan Brigham Young (1801–77) te anonse charyo pyonye yo te toujou ap travèse plèn yo epi tout moun te dwe ede rasanble bagay pou yo imedyatman. Lucy Meserve Smith te ekri ke fi yo “te retire jipon yo [gwo jip anba rad yo], ba yo, ak tout sa yo te ka bay, la menm nan Tabènak la, epi yo te anpile [yo] nan wagon yo.”

Lè pyonye yo t al sove yo te kòmanse rive nan Vil Salt Lake, Lucy te ekri: “Mwen pa t janm pran otan … plezi konsa nan tout travay m te janm fè nan lavi m, paske te gen yon santiman solidarite ki te egziste. M te gen sèlman pou m al nan yon magazen epi fè konnen sa m te bezwen; si sete twal mwen te bezwen, yo te mezire ak koupe twal sa a ban mwen san m pa t peye anyen pou li.”4

Prezidan George Albert Smith (1870–1951) te di konsènan sèvi lòt moun: “Bonè etènèl nou ap egal ak fason nou devwe tèt nou pou ede lòt moun.”5

Panse sou sa

  1. Kijan lapriyè kapab fè nou tounen enstriman nan men Senyè a?

  2. Kijan sèvi lòt moun kapab ede nou kenbe alyans nou?

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “What Have I Done for Someone Today?” Liahona, Nov. 2009, 86.

  2. Linda K. Burton, “First Observe, Then Serve,” Liahona, Nov. 2012, 78, 80.

  3. David L. Beck, “Your Sacred Duty to Minister,” Liahona, Me 2013, 56.

  4. Lucy Meserve Smith, nan Filles dans mon royaume: l’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 36–37.

  5. George Albert Smith, nan Filles dans mon royaume, 77.