2014
Èske m ka renmen Endeksing?
June 2014


Jèn yo

Èske m ka renmen Endeksing?

Otè a ap viv nan Veracruz, nan Meksik.

M te patisipe nan bi pieu nou an pou te endekse 50.000 non. Sa te difisil pou kòmanse. Plizyè fwa gwoup non m te chwazi a te gen ekriti ki te difisil, e pafwa m konn anvi retounen li pou m al pran yon lòt gwoup. Men m te reyalize si chak moun te panse konsa, gwoup non sa yo t ap abandone alafen. M te konn ap imajine pil liy moun k ap tann nan mond espri yo, e m te deside kontinye eseye li non sa yo e retranskri yo san fè erè.

Mwen te aprann renmen moun sa yo. M te konprann ke yo te vrèman bezwen èd, epi nou bezwen èd nan men yo tou. M te vin konprann plan pafè Papa nou ki nan Syèl la pran tout moun an konsiderasyon. Lè nou suiv enspirasyon ak enstriksyon dirijan li chwazi yo, n ap vin konnen mizèrikòd li ak lanmou enfini li.

Endeksing sete yon bèl eksperyans pou mwen. M te aprann apresye ak renmen anpil bagay sou istwa familyal. Mwen te resevwa kado gwo valè tou nan men Senyè a paske m te obeyi yon bagay osi senp tankou patisipe nan endeksing.