Konferans Jeneral
“Èske ou Renmen M Plis Pase Moun sa yo?
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Èske ou Renmen Mwen Plis Pase Moun sa yo?

Kisa nou ka fè nan pwòp lavi nou pou n montre ke nou renmen Senyè a toudabò?

An Novanm 2019, fanmi m avèk mwen t al vizite Tè Sent la. Pandan nou te la, nou te reli ak etidye ekriti sou lavi Jezikri yo. Yon jou maten, nou te kanpe bò rivaj nòdwès lanmè Galile a nan yon andwa ki ta ka kote Jezi te vin rankontre disip Li yo apre Rezirèksyon L lan.

Apre Rezirèksyon Jezi a, jan nou li nan Jan, chapit 21, Pyè ak lòt disip yo t al peche pwason tout nuit la san yo pa t pran anyen.1 Nan maten, yo te wè yon moun ki te kanpe sou rivaj la ki te di yo pou yo lage nas yo a sou lòtbò bato a. Yo te etone anpil pou wè nas la te ranpli mirakilezman.2

Yo te imedyatman rekonèt ke mesye sa a sete Senyè a, epi yo te kouri al rankontre LI.

Pandan yo t ap rale nas la vin sou rivaj la, plen pwason, Jezi te di “Vini manje.”3 Jan rapòte ke “lè yo te fin manje, Jezi te di Somon Pyè, Simon, pitit gason Jonas, èske w renmenm plis pase moun sa yo renmen mwen?”4

Pandan m te kanpe sou menm rivaj sa a, mwen te reyalize ke kesyon Sovè a sete youn nan kesyon ki pi enpòtan Li gen dwa poze m yon jou. Mwen te prèske ka tande vwa l k ap mande m “Russell, èske w renmen plis pase moun sa yo?”

Èske nou konn mande nou a kisa Jezi te fè referans lè l te mande Pyè “èske w renmen m plis pase moun sa yo?”

Si n ap aplike kesyon sa a a noumenm nan epòk nou an, Senyè a petèt ap mande nou nan ki pwen nou okipe e poze nou kesyon sou pil enfliyans negatif ou pozitif ki ap goumen pou atire atansyon nou ak tan nou yo. Li petèt ap mande nou chak si nou renmen L plis pase bagay mond sa yo. Sa se petèt yon kesyon sou kisa ki reyèlman gen valè nan lavi a, sou kiyès n ap suiv, ak kijan nou wè relasyon nou avèk fanmi nou ak pwochen nou. Oubyen, petèt L ap mande kisa ki reyèlman pote lajwa ak bonè pou nou?

Èske bagay ki nan mond sa a pote lajwa, bonè, ak lapè Sovè a te ofri disip Li yo epi L ofri nou tou a? Se Limenm sèlman ki kapab pote vrè lajwa, bonè, ak lapè pou nou atravè amou nou pou Li ak suiv ansèyman L yo.

Kijan nou t ap reponn kesyon “èske w renmen plis pase moun sa yo?” a.

Lè nou dekouvri yon sans pi konplè a kesyon sa a, nou ka vin pi bon manm fanmi, pi bon pwochen,pi bon sitwayen, pi bon manm Legliz, ak pi bon pitit gason ak pitit fi Bondye.

Nan laj mwen, mwen asiste anpil antèman. Mwen sèten ke anpil nan nou konn remake sa m remake yoa. Lè n ap selebre lavi yon manm fanmi oubyen yon zanmi ki mouri, se pa fasil moun k ap pale a pale de gwosè kay moun nan, ni kantite machin li te genyen, ni konbyen kòb ki sou kont anbank li. Abityèlman, yo pa pale de sa l te poste sou medya sosyal. Nan pifò antèman, yo fokis sou relasyon imen moun nan, sou sèvis li te rann moun, sou leson ak eksperyans lavi li, ak sou lanmou moun nan pou Jezikri.

Pa mal entèprete sa m ap di a. Mwen pa di ke posede yon bèl kay oubyen yon bèl machin pa bon, ni m pa di itilize medya sosyal se yon move bagay. Sa m ap di sèke, an definitif, bagay sa yo pa konte anpil konpare a renmen Sovè a.

Lè nou renmen Li epi nou suiv Li, nou gen lafwa nan Li. Nou repanti. Nou suiv egzanp Li epi nou batize epi nou resevwa Sentespri a. Nou pèsevere jiskalafen epi nou rete sou chemen alyans lan. Nou padone manm fanmi ak pwochen nou nan bliye rankin nou ka kenbe andedan nou. Nou eseye sensèman pou n respekte kòmandman Bondye yo. Nou fè efò pou nou obeyisan. Nou fè alyans epi nou kenbe yo. Nou onore papa nou ak manman nou. Nou abandone enfliyans negatif mond lan. Nou prepare tèt nou pou Dezyèm Vini L la.

Nan “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” nou li: “[Jezi] ap retounen yon jou sou tè a. … Li pral dirije kòm Wa tout Wa epi renye kòm Senyè tout Senyè, epi tout jenou pral flechi epi tout lang pral pale an adorasyon devan Li. Nou chak pral kanpe pou L jije nou selon zèv nou ak dezi kè nou.”5

Antanke youn nan Apot ki te siyen dokiman “Kris Vivan an”, m ka di ke, konesans ke Jezi “se limyè, lavi, ak lespwa mond lan”6 ban m yon pi gwo dezi pou m renmen L plis chak jou.

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri vivan. Mwen temwaye ke Yo renmen nou. Ekriti yo anseye “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”7 Ekriti yo anseye tou ke Jezi “sitèlman renmen mond lan mond lan ke L te bay pwòp lavi Li, pou tout moun ki kwè nan Li ka vin tounen pitit gason [ak pitit fi] Bondye.”8

Pè Selès la sitèlman renmen nou ke L te prepare plan sali a avèk Sovè a kòm pèsonaj santral. Epi, Jezi sitèlman renmen nou ke nan gran Konsèy nan Syèl la, lè Pè Selès a te mande “Kiyès m ap voye?” Jezi, ki sete Premyene nan tout pitit lespri Papa a, te reponn: “Men mwen, voye m.”9 Li te di Papa a, “Papa, se pou volonte ou fèt, epi se pou ou laglwa a pou tout tan gen tan.”10 Jezi te pòte L volontè pou l te ka Sovè ak Redanmtè nou pou nou te ka vin menmjan avèk Yo epi retounen nan prezans Yo.

De ekriti sa yo anseye tou ke pou nou retounen nan prezans Yo, nou bezwen kwè. Nou bezwen kwè nan Jezi ak nan plan bonè Bondye a. Kwè vledi renmen ak suiv Sovè nou an ak kenbe kòmandman L yo, menm nan mitan eprèv ak konfli.

Mond jodia se yon mond ki enstab. Gen desepsyon, dezakò, detrès, ak distraksyon.

Prezidan Dallin H. Oaks, pandan l t ap pale an 2017, te di bagay sa a: “N ap viv nan yon tan difisil, ki ranpli ak gwo enkyetid, lagè ak bri lagè, epidemi maladi enfektye potansyèl, sechrès, inondasyon, ak rechofman klimatik.”11

Nou pa ka pèdi lanmou nou pou Jezi ni esperans nou nan Li, menm si n ap travèse difikilte ki parèt ensimontab. Pè Selès la ak Jezikri p ap janm bliye nou. Yo renmen nou.

Oktòb ane pase, Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou enpòtans pou nou mete Pè Selès la ak Jezikri anpremye nan lavi nou. Prezidan Nelson te anseye nou ke youn nan siyifikasyon mo Izrayèl la se “kite Bondye gen priyorite.”12

Li te poze nou chak kesyon sa yo: “èske w dispoze pou kite Bondye gen priyorite nan lavi ou? Èske w dispoze pou w kite Bondye vin pi gwo enfliyans nan lavi ou? Èske w ap pèmèt pawòl Li, kòmandman L yo, ak alyans Li yo enfliyanse sa w ap fè chak jou? Èske w ap pèmèt vwa Li gen priyorite sou tout lòt vwa? Èske w dispoze pou w kite tout sa L vle pou w fè pran plas sou nenpòt lòt anbisyon w genyen? Èske w dispoze pou w soumèt volonte w anba volonte pa Li?”13

Nou dwe toujou sonje ke vrè bonè nou depann de relasyon nou avèk Bondye, avèk Jezikri, epi youn ak lòt.

Youn nan fason pou demontre amou nou se ini nou avèk fanmi nou, avèk zanmi nou, ak pwochen nou nan fè ti bagay piti yo pou youn ka pi byen sèvi lòt. Fè bagay ki rann mond sa a yon pi bon kote.

Kisa nou ka fè nan pwòp lavi nou pou montre ke nou renmen Senyè a an premye?

Si nou chèche renmen pwochen nou jan L renmen yo a, n ap kòmanse reyèlman renmen moun ki bò kote nou.14

M ap mande nou ankò, kijan nou t ap reponn kesyon Sovè a ki di “Èske w renmen m plis pase moun sa yo?” a.

Pandan n ap medite sou kesyon sa a, jan m te fè a, mwen priye pou nou ka reponn jan Pyè te reponn sa gen si lontan an, “Wi, Senyè; ou konnen ke mwen renmen ou,”15 epi apresa montre l sa nan renmen ak sèvi Bondye ak moun ki bò kote nou.

Mwen temwaye ke nou beni paske nou gen levanjil Jezikri a pou gide nou nan fason nou dwe viv ak nan fason nou youn dwe trete lòt. Nan Li, n ap dekouvri ke chak pitit fi ak chak pitit gason Bondye presye anpil pou Li.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè byeneme nou. Li se Sèl Pitit Gason Literal Bondye a. Epi, mwen rann temwayaj sa a enbleman, nan non sakre Li, Jezikri, amèn