Konferans Jeneral
Èske Pa Gen Remèd Nan Peyi Galarad?
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Èske Pa Gen Remèd Nan Peyi Galarad?

Pouvwa gerizon Sovè a se pa t jis kapasite pou L geri kò nou, men petèt menm pi enpòtan, se kapasite Li pou geri kè nou.

Yon ti tan apre misyon m, pandan ke m te yon etidyan nan BYU, mwen te resevwa yon apèl de papa m. Li te di m ke yo te dekouvri ke l te fè kansè nan poumon epi, byenke chans pou l te siviv yo pa t anpil, li te detèmine pou l te geri epi retounen nan aktivite nòmal lavi yo. Apèl telefòn nan te vin yon moman refleksyon pou mwen. Papa m sete evèk mwen, zanmi m, ak konseye mwen. Lè manman m, frè m ak sè m yo, avèk mwen t ap anvizaje lavni, li te parèt nwa. Ti frè m nan Dave t ap sèvi yon misyon nan New York epi li te patisipe de lwen nan evenman familyal difisil sa yo.

Pwofesyonèl lasante yo nan jou a te sigjere pou te opere l pou te eseye kanpe kansè a pou l pa t pwopaje. Fanmi nou te jene ak priye avèk yon kè sensè pou yon mirak. Mwen te santi ke nou te gen ase lafwa pou papa m ta kapab geri. Jis anvan operasyon an, gran frè m nan Norm avèk mwen te bay papa m yon benediksyon. Avèk tout lafwa nou te kapab rasanble, nou te priye pou l te ka geri.

Operasyon an te pwograme pou l te dire anpil tan, men apre yon ti bout tan, doktè a te vini nan sal datant la pou l te rankontre avèk fanmi nou. Li te di nou pandan yo te kòmanse operasyon an, yo te kapab wè kansè a te gaye nan tout kò papa m. Daprè sa yo te obsève, papa m te jis gen kèk mwa pou l te viv. Nou te devaste.

Lè papa m te reveye anba operasyon an, li te bezwen byen vit konnen si operasyon an te reyisi. Nou te pataje move nouvèl la avèk li.

Nou te kontinye priye ak jene pou yon mirak. Pandan sante papa m t ap diminye byen rapid, nou te kòmanse lapriyè pou l te kapab libere anba doulè a. Finalman, lè kondisyon l t ap vin pi mal, nou te mande Senyè a pou L te pèmèt li mouri pi rapid ke posib. Ekzakteman kèlke mwa apre operasyon an, jan chirijyen an te prevwa a, papa m te mouri.

Anpil lanmou avèk anpil swen te devèse sou fanmi nou pa manm yo nan pawas la avèk zanmi fanmi an. Nou te gen yon bèl fineray ki te onore lavi papa m. Sepandan, pandan tan t ap pase, epi nou t ap santi doulè absans papa m nan, mwen te kòmanse ap mande poukisa papa m pa t geri. Mwen te mande si lafwa m pa t ase fò. Poukisa kèk fanmi resevwa yon mirak, men pa fanmi pa nou an? Mwen te aprann pandan misyon m pou m te ale nan ekriti yo pou jwenn repons, konsa, mwen te kòmanse fouye nan ekriti yo.

Ansyen Testaman ansenye konsènan yon epis oubyen yon luil ki gen bon odè, ke yo te konn itilize pou geri blese, epi ki te fèt apati yon bwa ki te grandi nan Galarad. Nan epòk Ansyen Testaman an, yo te vin rele onksyon an “Remèd Galarad la.”1 Pwofèt Jeremi te kriye sou kalamite li te obsève nan mitan pèp li a epi li t ap tann gerizon. Jeremi te poze kesyon sa a, “Èske pa gen remèd nan Galarad; èske pa gen doktè ankò laba a?”2 Atravè literati, mizik, avèk atizana, yo te toujou fè referans a Sovè a ,Jezikri, kòm Remèd Galarad la akoz pouvwa gerizon remakab Li. Menmjan ak Jeremi, mwen t ap mande,“Èske pa gen Remèd Galarad pou fanmi Nielson?”

Nan Mak chapit 2 nan Nouvo Testaman an, nou jwenn Sovè a nan Kapenawòm. Pawòl pouvwa gerizon Senyè a te pwopaje nan tout peyi a, epi anpil moun te vwayaje al Kapenawòm pou Sovè a te geri a. Te sitèlman gen anpil moun ki te rasanble nan alantou kay kote Sovè a te ye a ke pa t gen plas pou Li te resevwa yo tout. Kat gason te pote yon nonm malad ki te paralize pou Sovè a te geri. Yo pat kapab jwenn wout pami foul la, konsa, yo te louvri fetay kay la epi yo te desann nonm nan pou l te ka rankontre Sovè a.

Pandan m t ap li istwa sa a, mwen te sezi pou sa Sovè a te di lè Li te rankontre nonm lan: “Pitit mwen, peche w yo padone.”3 Mwen te panse ke si m te youn nan kat mesye sa yo ki te pote nonm sa a, mwen petèt t ap di Sovè a, “Se pou w geri li ki fè nou pote l la a.” Mwen panse ke Sovè a petèt t ap reponn, “Mwen geri li.” Èske sa posib ke m pa t totalman konprann—ke pouvwa gerizon Sovè a se pa t jis kapasite L pou L geri kò nou, men petèt menm pi enpòtan, kapasite Li pou L te geri kè nou avèk kè fanmi m ki te brize a?

Sovè a te ansenye yon leson enpòtan atravè eksperyans sa a pandan Li te finalman geri nonm sa a fizikman. Sa te vin klè pou mwen ke mesaj Li a sete ke Li te ka touche je moun ki te avèg yo epi yo te vin kapab wè. Li te ka touche zòrèy moun ki te soud yo epi yo te vin kapab tande. Li te ka touche janm moun ki pa t ka mache yo epi yo te vin kapab mache. Li kapab geri je nou avèk zòrèy nou avèk janm nou, men sa k pi enpòtan nan tout, Li ka geri kè nou pandan L ap pirifye peche nou yo epi soulaje nou nan eprèv difisil yo.

Lè Sovè a te parèt devan moun yo nan Liv Mòmon an apre Rezirèksyon L lan, Li te pale ankò de pouvwa gerizon L la. Nefit yo te tande vwa Li ki te soti nan Syèl la ki te di, “Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, e repanti nan peche nou, epi vin konvèti pou m kapab geri nou?”4 Nan apre, Sovè a te ansenye, “Paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo5 Sovè a pa t fè referans avèk yon gerizon fizik men okontrè yon gerizon espirityèl pou nanm yo.

Mowoni pote yon konpreyansyon anplis lè l pataje pawòl papa l yo, Mòmon. Apre li te pale konsènan mirak yo, Mòmon eksplike, “Epi Kris la te di konsa: Si nou gen lafwa nan mwen, n ap gen pouvwa pou nou fè nenpòt bagay m jije nesesè.”6 Mwen te aprann ke objektif lafwa m te dwe Jezikri, epi mwen te bezwen aksepte sa ki te konvenab pou Li pandan m t ap egzèse lafwa nan Li. Kounyea, mwen konprann ke lanmò papa m te konvenab nan plan Bondye a. Kounyeya, lè m poze men m sou tèt yon moun pou ba l yon benediksyon, lafwa m se nan Jezikri li ye, epi mwen konprann ke yon moun kapab epi l ap geri fizikman, si sa konvenab pou Kris la.

Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, ki rann disponib pouvwa redanmtè Li ak pouvwa siprèm Li a, se pi gwo benediksyon Jezikri a ofri tout moun. Lè nou repanti avèk tout entansyon kè nou, Sovè a pirifye nou anba peche nou yo. Lè nou soumèt volonte nou ak kè kontan bay Papa a, menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo, Sovè a ap soulaje fado nou yo epi l ap fè yo vin lejè.7

Men, m pral di nou pi gwo leson m te aprann. Mwen te panse pa erè ke pouvwa gerizon Senyè a pa t mache pou fanmi m. Men lè m gade dèyè avèk yon je ki gen plis matirite, mwen wè ke pouvwa gerizon Sovè a te evidan nan lavi chak grenn manm nan fanmi mwen. Mwen te sitèlman konsantre sou yon gerizon fizik ke m pa wè mirak ki te fèt yo. Senyè a te fòtifye manman e ba l sipò odela kapasite pa l atravè eprèv difisil sa a, epi li te viv anpil tan epi lavi l te pote anpil fwi. Li te gen yon enflyans pozitif enkwayab sou pitit li yo ak pitit pitit li yo. Senyè a te beni mwenmenm avèk frè m ak sèm yo avèk lanmou, inite, lafwa, avèk rezistans ki te vin yon pati enpòtan nan lavi nou e ki kontinye jiska jounen jodia.

Men e konsènan papa m? Menmjan avèk tout moun ki repanti, li te geri espirityèlman pandan li te chèche epi resevwa benediksyon ki te disponib pou li gras ak Sakrifis Ekspiyatwa Sovè a. Li te resevwa yon remisyon pou peche li epi kounyea l ap tann mirak Rezirèksyon an. Apot Pòl te anseye: “Menmjan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris tout moun pral rejwenn lavi.”8 Nou wè, mwen t ap di Senyè a, “Nou te pote papa m ba ou pou ou geri l,” epi Sovè a te rann klè pou mwen kounyeya ke L i te geri li toutbon. Remèd Galarad la te mache pou fanmi Nielson—pa nan fason nou te sipoze a, men nan yon fason ki menm pi siyifikatif, ki te beni epi k ap kontinye beni lavi nou.

Nan Jan chapit 6 nan Nouvo Testaman an, Sovè a te fè yon mirak pi enteresan ankò. Avèk jis kèk pwason avèk kèk ti pen, Sovè a te bay 5.000 moun manje. Mwen te li istwa sa a plizyè fwa, men gen yon pati nan eksperyans sa a ke m te rate, ki kounyeya gen yon gwo siyifikasyon pou mwen. Apre Sovè a te fin bay 5.000 moun yo manje, Li te mande disip Li yo pou yo te ranmase tout ti moso ki te rete yo, rès manje yo, ki te ranpli 12 panye. Mwen te mande poukisa Senyè a te pran tan pou fè sa. Sa te vin klè pou mwen ke yon leson nou ka aprann konsènan okazyon sa a sete sa a: Li te bay 5.000 moun manje epi te gen rès manje. “Lagras mwen ase pou tout moun.”9 Pouvwa gerizon ak redanmsyon Sovè a kapab kouvri nenpòt peche, blese, oswa eprèv, kèlkeswa gwosè l oswa jan l difisil—epi gen rès k ap rete. Gras Li sifi.

Avèk konesans sa a, nou kapab avanse devan avèk lafwa, paske nou konnen ke lè moman difisil yo vini—e se sèten y ap vini—oubyen lè peche ranpli lavi nou, Sovè a kanpe ak “gerizon nan zèl li,”10 ap envite nou pou nou vin jwenn Li.

Mwen rann nou temwanyaj mwen konsènan Remèd Galarad la, Sovè a, Jezikri, Redanmtè nou, avèk pouvwa gerizon mèvèye L la. Mwen rann temwanyaj mwen konsènan dezi Li pou geri nou. Nan non Jezikri, amèn.