Vètman Sakre Tanp

Depi nan tan ansyen yo, gason ak fi te anbrase mizik sakre, diferan fòm priyè, abiman relijye ki chaje senbolis, rityèl, ak seremoni pou eksprime santiman pi pwofon yo konsènan devosyon nan Bondye.

Varyete fòm ekspresyon sa yo osi laj ak divèsifye ke fanmi imèn nan. Men tout genyen menm objektif final la: pou konekte kwayan an avèk objè devosyon l la nan fason ki pi pèsonèl la—pou rapwoche Bondye.

Pou moun ki pa adopte yon kwayans patikilye yo, seremoni ak rad yo gendwa pa sanble familye. Men pou patisipan yo, yo ka soulve santiman ki pi pwofon nan nanm yo, motive yo pou yo fè sa ki byen, epi menm fòje yon modèl pou tout yon lavi sèvis.

Rad relijye mè yo. Soutàn prèt la. Chal priyè Juif la. Chapo Mizilman an. Wòb safran pou monk Boudis yo. Tout fè pati yon tapistri rich devosyon imèn pou Bondye a.

Se pa tout kalite abiman relijye sa yo ki afiche pou piblik la. Gen kèk vètman ki sèlman vizib nan plas adorasyon spesyal. Pa egzanp, wòb tanp yo nan Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo, ke nou konnen kòm wòb sent prètriz la, nou sèlman mete yo andedan tanp Sen Dènye jou yo epi yo rezève pou seremoni ki pi sakre nan lafwa nou yo. Rad blan senp la senbolize purte ak egalite. Dirijan Legliz ki pi aje a ak manm ki pi nouvo a pa diferan youn ak lòt lè yo abiye menm fason an. Gason ak fi yo abiye ak menm rad yo, sa ki demontre senbolis reliye ki raple pratik tanp yo ki dekri nan Ansyen Testaman an.

Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, pa gen okenn rad spesyal pou kouvri kò nan sèvis adorasyon regilye jou Dimanch yo.

Sepandan, anpil Sen Dènye jou fidèl pote yon gaman anba rad yo ki genyen siyifikasyon relijye pwofon. Souvètman modès sa a vini an de pyès epi yo souvan fè referans avèk li kòm “gaman tanp.”

Gen kèk moun ki enkòrèkteman fè referans a gaman tanp yo kòm yon bagay majik oswa kòm “souvètman majik.” Pawòl sa yo non sèlman pa kòrèk, men tou, yo se yon ofans pou manm nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye yo. Pa genyen anyen majik ni mistik konsènan gaman tanp yo, epi manm Legliz yo mande menm nivo respè ak sansiblite ke moun t ap demontre pou nenpòt lòt kwayans pa moun ki gen bòn volonte.

Gaman tanp yo se souvètman ke manm adilt yo nan Legliz Kris la pote apre yo fin fè pwomès sakre nan tanp lan pou yo kenbe kòmandman Bondye yo epi viv levanjil Jezikri a.

Pou manm Legliz yo, gaman sakre tanp modès ke yo mete anba rad nòmal yo a ak wòb senbolik yo mete pandan adorasyon nan tanp yo reprezante yon aspè sakre ak pèsonèl nan relasyon yo avèk Bondye ak angajman yo pou viv bon lavi, ki onorab.