Manyèl yo ak Apèl yo
38. Règ ak Direksyon nan Legliz la


“38. Règ ak Direksyon nan Legliz la,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“38. Règ ak Direksyon nan Legliz la,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

38.

Règ ak Direksyon nan Legliz la

38.1

Patisipasyon Legliz la

Papa nou ki nan Syèl la Renmen Pitit Li yo. “Tout moun se menm pou Bondye,” epi Li envite tout moun “pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l” (2 Nefi 26:33).

38.1.1

Asistans nan Reyinyon Legliz yo

Tout moun byenveni nan reyinyon sentsèn yo, nan lòt reyinyon Dimanch yo, ak lòt aktivite sosyal nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Ofisye prezidan an responsab pou asire ke tout moun k ap asiste yo respekte anviwònman sakre a.

Moun k ap asiste reyinyon yo dwe evite tout deranjman oswa distraksyon ki kontrè ak adorasyon oswa lòt objektif reyinyon an. Yo dwe respekte laj ak tout kondisyon pou konpòtman nan diferan reyinyon ak aktivite Legliz yo. Sa mande pou pou yo evite manifeste konpòtman womantik ak abiman oswa aparans ki lakoz distraksyon. Sa mande tou pou yo pa fè deklarasyon politik oswa pale de oryantasyon seksyèl oswa lòt karakteristik pèsonèl nan yon fason ki ka anpeche reyinyon yo konsantre sou Sovè a.

Si gen yon moun ki gen konpòtman ki pa apwopriye, evèk la oswa prezidan pieu a ka bay konsèy an prive nan yon lespri lanmou. Li ka ankouraje moun ki gen konpòtman ki pa kòrèk sa yo pou yo konsantre yo sou ede kenbe yon anviwonman sakre pou tout moun ki prezan yo avèk yon atansyon espesyal sou adore Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a.

Chapèl legliz yo rete pwopriyete prive ki anba règleman Legliz yo. Nan yon fason respektab, y ap mande moun ki pa vle suiv direksyon sa yo pou yo pa vini nan reyinyon ak aktivite Legliz yo.

38.2

Règleman pou Òdonans ak Benediksyon

N ap jwenn enfòmasyon jeneral sou òdonans ak benediksyon yo nan chapit 18. N ap jwenn enfòmasyon sou òdonans tanp yo nan chapit 27 ak28. Evèk yo ka kontakte prezidan pieu a si yo gen kesyon. Prezidan pieu yo ka kontakte Prezidans Entèrejyon an si yo gen kesyon.

38.3

Maryaj Sivil

Dirijan legliz yo ankouraje manm yo pou yo kalifye pou maryaj tanp epi pou yo marye epi sele nan yon tanp. Men si lwa lokal yo pèmèt sa, dirijan Legliz yo kapab fè maryaj sivil.

Maryaj sivil yo ta dwe fèt ann akò avèk lwa ki egziste kote maryaj la ap fèt la.

38.3.1

Kimoun ki Kapaba Fè yon Maryaj Sivil

Lè lalwa lokal pèmèt lsa ofisye sa yo ki aktyèlman ap sèvi nan Legliz la ka itilize apèl yo a pou yo fè yon seremoni maryaj sivil:

  • Prezidan Misyon

  • Prezidan Pieu

  • Prezidan Distri

  • Evèk

  • Prezidan Branch

Ofisye sa yo ka fè yon maryaj sivil ant yon gason ak yon fi sèlman. Tout kondisyon sa yo dwe aplike tou:

  • Lamarye a oswa lemarye a dwe se yon manm Legliz la oubyen li gen yon dat batèm.

  • Swa rejis manm lamarye a oswa rejis lemarye a nan inite Legliz la kote ofisye a prezide a oubyen y ap la apre batèm nan.

  • Ofisye Legliz la legalman otorize pou l ofisye nan yon maryaj sivil nan jiridiksyon kote maryaj la ap fèt la.

38.3.4

Maryaj Sivil ki Fèt nan Bilding Legliz yo

Yon seremoni maryaj ka fèt nan yon bilding Legliz la si li pa deranje orè fonksyonman regilye Legliz la. Maryaj pa ta dwe fèt nan jou saba a oswa nan Lendi swa. Maryaj ki fèt nan bilding Legliz yo ta dwe senp epi diy. Mizik la ta dwe sakre, reveran, epi jwaye.

Maryaj yo ka fèt nan chapèl la, nan sal kiltirèl la oswa nan yon lòt sal ki apwopriye. Maryaj yo dwe suiv direkyon yo bay pou itilizasyon kòrèk byen itilize chapèl yo.

38.3.6

Seremoni Maryaj Sivil

Pou fè yon maryaj sivil, ofisye Legliz la adrese koup la epi li di, “Tanpri youn pran men dwat lòt.” Apresa, li di, “[non konplè lemarye a] ak [non konplè lamarye a], nou youn kenbe men dwat lòt kòm siy ve nou pral fè kounyea pou nou antre nan prezans Bondye ak temwen sa yo.” (Koup la ka te gentan chwazi oswa seleksyone temwen sa yo anvan maryaj la.)

Apresa, ofisye a adrese la lemarye a epi l mande, “[Non konplè lemarye a], èske w resevwa [non konplè lamarye a] kòm madan marye ou legalman, epi èske avèk pwòp volonte pa w ak chwa pa w ou promèt solanèlman ke w ap konpayon li ak mari li legalman, ke w ap rete atache avèk li e a okenn lòt moun; ke w ap obsève tout lwa, responsablite, ak obligasyon ki gen rapò avèk eta sakre maryaj la; epi w ap renmen l, onore l, ak cheri li toutotan nou toulède vivan?”

Lemarye a reponn, “Wi” oswa “M ap fè sa.”

Apresa, ofisye Legliz la adrese l a lamarye a epi li mande, “[Non konplè aamarye a], èske w pran [non konplè lemarye a] kòm mari ke w marye legalman, epi èske avèk pwòp volonte pa w ak chwa pa w ou promèt solanèlman ke w ap konpay li ak madan marye li legalman, ke w ap rete atache avèk li e ak okenn lòt moun; ke w ap obsève tout lwa, responsablite, ak obligasyon ki gen rapò avèk eta sakre maryaj la; epi w ap renmen l, onore l, ak cheri li toutotan nou toulède vivan?”

Lamarye a reponn, “Wi” oswa “M ap fè sa”

Apresa, ofisye Legliz la adrese koup la epi li di, “Anvèti otorite legal la ki konfere sou mwen kòm yon ansyen nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, mwen pwononse nou , [non lemarye a] ak [non lamarye a], mari ak madanm, legalman marye selon lalwa pou peryòd lavi mòtèl nou.”

(Men pawòl altènatif yon pastè ki pa p sèvi kòm yon ofisye k ap prezide nan Legliz la ka di: “Anvèti otorite legal ki konfere sou mwen kòm yon pastè nan [branch militè oswa òganizasyon sivil], Mwen pwononse nou, [non lemarye a] ak non [lamarye a], mari ak madanm, legalman marye selon lalwa pou peryòd lavi mòtèl nou.”)

“Ke Bondye beni inyon nou an avèk lajwa nan posterite nou ak yon lavi long nan bonè ansanm, epi ke L beni nou pou n kenbe ve sakre nou fè yo. Mwen envoke benediksyon sa yo sou nou nan non Senyè Jezikri, amèn.”

Envitasyon pou youn bo lòt antanke mari ak madanm nan ochwa, baze sou kilti moun yo.

38.4

Règleman pou Sèlman

Òdonans sèlman tanp yo ini fanmi yo pou letènite pandan manm yo ap fè efò pou yo onore alyans yo fè lè yo resevwa òdonans lan. Òdonans sèlman yo enkli:

  • Sèlman yon mari ak madanm.

  • Sèlman pitit ak paran.

Moun ki kenbe alyans yo ap konsève benediksyon endividyèl sèlman yo bay yo. Sa rete vrè menmsi mari moun nan oswa madanm li kraze alyans yo oswa kite maryaj la.

Timoun fidèl ki sele avèk paran yo oubyen ki fèt nan alyans yo ap konsève benediksyon parantaj etènèl la. Sa rete vrè menm si paran yo anile sèlman maryaj yo a, retire dosye yo kòm manm Legliz la, oswa abandone estati yo kòm manm.

Manm yo ta dwe chèche konseye avèk evèk yo si yo gen kesyon sou règleman sèlman yo. Evèk la kontakte prezidan pieu a si li gen kesyon. Prezidan pieu yo ka kontakte prezidans tanp nan distri tanp yo a, Prezidans Entèrejyon an, oswa Biwo Premye Prezidans lan si yo gen kesyon.

38.5

Rad Tanp ak Gaman

38.5.1

Rad Tanp:

Pandan òdonans dotasyon ak sèlmam nan tanp lan, manm Legliz yo abiye avèk rad blan. Fi yo mete rad blan sa yo: yon rad manch long oswa twaka manch (oswa yon jip ak kòsaj manch long oswa twaka manch), chosèt oswa ba, ak soulye oswa sandal.

Gason mete rad blan sa yo: yon chemiz manch long, kòl oswa brezo, pantalon, chosèt, ak soulye oswa sandal.

Pandan òdonans dotasyon ak sèlman yo, manm yo mete lòt vètman seremoni sou rad blan yo a.

38.5.2

Jwenn Rad Tanp ak Gaman

Dirijan pawas ak pieu yo ankouraje manm ki dote yo pou yo gen pwòp rad tanp pa yo. Ou ka achte rad tanp ak gaman nan yon magazen Distribisyon Legliz la oswa nan store.ChurchofJesusChrist.org. Grefye pieu ak pawas yo ka ede manm yo fè kòmand rad yo.

38.5.5

Mete Gaman ak Pran Swen Gaman

Manm ki resevwa dotasyon an fè yon alyans pou yo mete gaman tanp lan pandan tout lavi yo.

Se yon privilèj sakre pou nou mete gaman tanp lan. Fè sa se yon prèv eksteryè sou yon angajman enteryè pou nou suiv Sovè a, Jezikri.

Gaman an se yon rapèl sou alyans yo nou fè nan tanp lan. Lè nou mete l sou nou kòrèkteman, l ap sèvi kòm yon pwoteksyon.

Nou ta dwe mete gaman an anba rad regilye nou. Se yon kesyon de preferans pèsonèl si nou mete lòt souvètman sou gaman oswa anba gaman tanp lan.

Nou pa ta dwe retire gaman an pou aktivite nou ka rezonableman fè pandan gaman an sou nou. Nou pa ta dwe modifye li pou l mache avèk stil rad nou.

Gaman an sakre epi nou dwe trete l avèk respè. Manm ki dote yo dwe chèche gidans Sentespri a pou reponn kesyon pèsonèl yo genyen konsènan mete gaman.

38.5.7

Jete Gaman ak Rad Seremoni Tanp

Pou jete gaman ki fin ize yo, manm yo ta dwe koupe mak yo epi detwi yo. Apresa, yo kapab koupe rès twa la pou moun pa ka wè se gaman. Nou ka jete rès twal la.

Manm yo ka bay lòt manm ki dote gaman ak rad tanp ki an bon kondisyon.

38.5.8

Rad Tanp pou Antèman

Si sa posib, manm dote ki mouri yo ta dwe antere oswa brile avèk rad tanp lan. Si tradisyon kiltirèl oswa pratik antèman rann li pa apwopriye oswa difisil, nou ka pliye rad la epi mete l akote kò a.

Kò yon gason dwe abiye ak gaman ak rad blan sa yo: yon chemiz manch long, kò oswa brezo, pantalon, chosèt, ak soulye oswa sandal. Yon kò fi dwe abiye avèk gaman ak rad blan sa yo: yon wòb manch long oswa twaka manch (oswa yon jip ak kòsaj manch long oswa twaka manch), chosèt oswa ba, ak soulye oswa sandal.

Yo mete rad seremoni tanp sou kò a jan sa endike nan dotasyon an. Yo mete wòb la sou zepòl dwat la epi mare avèk riban sere nan tay gòch la. Tabliye a tache alantou ren an. Senti a plase alantou ren an epi mare fè yon neu sou ranch gòch la. Jeneralman yo mete bone yon gason bò kote kò li jiskaske li lè pou fèmen sèkèy la oswa bwat la. Apresa yo mete bone a avèk neu a sou zòrèy goch la Vwal yon fi ka vlope sou zòrye a nan dèyè tèt li. Mete vwal sou figi yon fi anvan antèman oswa anvan kremasyon an opsyonèl, selon jan fanmi an deside.

38.6

Règ konsènan Pwoblèm Moral

38.6.1

Avòtman

Senyè a te kòmande, “Nou pa dwe … touye moun, ni fè okenn bagay konsa” (Doktrin ak Alyans 59:6). Legliz la opoze a avòtman volontè pou konvnans pèsonèl oubyen sosyal. Manm yo pa dwe soumèt yo a avòtman, ni fè avòtman, ni pran dispozisyon pou yo fè l, ni pou yo peye pou li, ni dakò avèk avòtman, oubyen ankouraje yon avòtman. Sèl eksepsyon posib se lè:

  • Gwosès la se rezilta vyòl oubyen ensès.

  • Yon doktè konpetan detèmine ke lavi oubyen sante manman an an danje.

  • Yon doktè konpetan detèmine ke fetis la gen bagay ki malfòmasyon ki grav ki pa p pèmèt tibebe a siviv apre nesans li.

Men, menm eksepsyon sa yo pa jistifye yon avòtman otomatikman. Avòtman se yon bagay ki grav anpil. Nou ta dwe konsidere l sèlman apre moun ki responsab la resevwa konfimasyon atravè lapriyè. Manm yo ka pran konsèy nan men evèk yo kòm yon pati nan pwosesis sa a.

38.6.2

Abi

Abi se move tretman oubyen neglijans yon moun fè yon lòt sibi nan yon fason ki lakoz domaj fizik, seksyèl, emosyonèl, oubyen finansye. Pozisyon Legliz la sèke li pa ka tolere abi nan kèlkeswa fason an. Moun ki abize konjwen yo, pitit yo, oubyen lòt manm fanmi yo, oubyen nenpòt lòt moun, yo vyole lwa Bondye ak lwa lèzòm.

Yo ankouraje tout manm, espesyalman paran yo ak dirijan yo, pou yo vijilan ak dilijan epi pou yo fè tout sa yo kapab pou pwoteje timoun yo ak lòt moun kont abi. Si manm yo aprann ke gen abi yon kote, yo dwe rapòte sa bay otorite sivil yo epi al di evèk la sa. Dirijan legliz yo dwe pran rapò sou abi yo oserye epi pa janm inyore yo.

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan yon mwa apre yo fin soutni (gade ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). Yo dwe repete fòmasyon sa a chak twazan.

Lè gen abi, premye ak responsabilite imedya dirijan Legliz yo se ede moun ki te sibi abi yo epi pwoteje moun ki frajil yo kont abi alavni. Dirijan yo pa dwe ankouraje yon moun pou l rete nan yon kay oubyen nan yon sitiyasyon ki gen abi oubyen ki pa gen sekirite.

38.6.2.1

Asistans Telefonik nan Ka Abi

Nan kèk peyi, Legliz la etabli yon liy konfidansyèl pou bay asistans telefonik pou abi pou ede prezidan pieu yo ak evèk yo. Dirijan sa yo dwe rele nimewo telefòn sa a imedyatman nan chak sitiyasyon kote yon moun gendwa te sibi abi—oubyen an risk pou l sibi abi. Yo dwe rele l tou si yo vin aprann ke yon manm ap gade, achte, oubyen distribye pònografi sou timoun.

Nan peyi ki pa gen yon liy telefonik pou èd yo, yon evèk ki aprann yon abi dwe kontakte prezidan pieu li. Prezidan pieu a dwe chèche direksyon nan men konsèy jiridik biwo entèrejyon an.

38.6.2.2

Konsèy nan ka Abi

Souvan viktim abi yo soufri chòk ki grav. Prezidan pieu ak evèk yo dwe reyaji avèk konpasyon sensè ak senserite. Yo dwe bay sipò spirityèl ak konsèy pou ede yo simonte efè destrikè abi yo.

Pafwa viktim yo gen santiman lawont oubyen kilpabilite. Viktim yo pa koupab pou peche a. Dirijan yo dwe ede yomenm avèk fanmi yo konprann lanmou Bondye ak gerizon ki vin atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan (gade Alma 15:8; 3 Nefi 17:9).

Prezidan pieu ak evèk yo ta dwe ede moun ki te komèt abi yo pou yo repanti epi sispann konpòtman abizif yo. Si yon adilt te komèt yon peche seksyèl kont yon timoun, konpòtman an ka trè difisil pou chanje. Pwosesis repantans la ka trè long. Gade 38.6.3.

Anplis resevwa èd enspire nan men dirijan yo nan Legliz la, viktim yo ak fanmi yo gen dwa bezwen konsèy pwofesyonèl tou. Pou enfòmasyon, gade 31.3.6.

38.6.2.3

Abi sou timoun oubyen jèn

Abi sou timoun oubyen jèn yo se yon peche trè grav (gade Lik 17:2). Jan sa a te itilize la a, abi sou timoun oubyen jèn yo enkli bagay sa yo:

  • Abi fizik: Enflije gwo domaj fizik pa mwayen vyolans fizik. Gen kèk domaj ki gendwa pa vizib.

  • Abi seksyèl oubyen eksplwatasyon seksyèl: Lè yon moun gen nenpòt aktivite seksyèl avèk yon timoun oubyen yon jèn oubyen lè l entansyonèlman pèmèt oubyen ede yon lòt moun fè sa. Jan sa itilize la a, abi seksyèl pa enkli aktivite seksyèl ki konsanti ant de minè ki prèske gen menm laj.

  • Abi emosyonèl: Itilize aksyon avèk mo pou gravman detwi sans respè yon timoun oubyen yon jèn gen pou tèt li oubyen fè l santi l pa gen okenn valè. Dabitid sa gen ladann ensilt , manipilasyon, ak kritik konstan e san rete ki imilye moun nan ak minimize li. Sa ka enkli gwo neglijans.

  • Pònografi sou timoun: Gade 38.6.6.

Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann oubyen sispèk abi ki fèt sou yon timoun oubyen yon jèn, li dwe imedyatman suiv enstriksyon yo bay nan seksyon 38.6.2.1yo. Li dwe pran aksyon pou l ede pwoteje kont fiti abi tou.

Yon konsèy manm nan Legliz la avèk yon anotasyon nan rejis moun nan obligatwa si yon manm adilt abize youn timoun oubyen yon jèn jan sa dekri nan seksyon sa a. Gade tou 32.6.1.3.

Si yon minè abize yon timoun, prezidan pieu a dwe kontakte Biwo Premye Prezidans lan pou direksyon.

38.6.2.4

Abi sou yon Konjwen oubyen sou yon Lòt Adilt

Anpil fwa, pa gen yon sèl definisyon abi ki ka aplike nan tout sitiyasyon. Men, gen yon chema gravite nan konpòtman abizif. Chema sa soti nan izaj okazyonèl mo ki file tankou kouto rive nan enfliksyon domaj serye.

Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann yon abi ki fèt sou yon konjwen oubyen yon lòt adilt, li dwe imedyatman suiv enstriksyon ki nan 38.6.2.1yo. Li dwe pran aksyon pou l ede pwoteje kont fiti abi tou.

Dirijan yo dwe chèche direksyon Lespri a pou detèmine si yon konsèy pèsonèl oubyen yon konsèy pou manm se aksyon ki pi apwopriye pou adrese abi a. Yo ka chita an konsèy avèk dirijan prètriz dirèk yo pou prepare li. Men, nenpòt abi sou yon konjwen oubyen sou yon lòt adilt ki rive nan nivo nou pral dekri anba la yo nesesite yon konsèy pou manm.

  • Abi fizik: Enflije gwo domaj fizik pa mwayen vyolans fizik. Gen kèk domaj ki gendwa pa vizib.

  • Abi seksyèl: Gade enstriksyon ki nan seksyon 38.6.18.3a.

  • Abi emosyonèl: Itilizasyon jès ak mo pou gravman retire sans respè ak sans diyite yon moun. Dabitid sa gen ladann ensilt , manipilasyon, ak kritik konstan e san rete ki imilye moun nan ak minimize li.

  • Abi finansye: Pran avantaj sou yon moun finansyèman. Sa ka enkli itilizasyon ilegal san otorizasyon pwopriyete, lajan, oubyen lòt bagay ki gen valè yon moun genyen. Sa ka enkli jwenn pouvwa finansye sou yon moun pa mwayen fwod. Sa ka enkli itilizasyon pouvwa finansye pou fòse yon konpòtman tou.

38.6.2.5

Apèl nan Legliz la, Rekòmandasyon Tanp, ak Anotasyon nan Rejis Manm

Manm ki te abize lòt moun pa ta dwe resevwa apèl nan Legliz la epi yo ka pa gen yon rekòmandasyon tanp jiskaske yo repanti epi restriksyon yo kòm manm nan Legliz la leve.

Si yon moun te abize yon timoun oswa yon jèn seksyèlman, oswa li te abize yon timoun oswa yon jèn fizikman oswa emosyonèlman, y ap mete yon anotasyon nan dosye manm li. Yo pa dwe ba li okenn apèl oswa tach ki gen rapò avèk timoun oswa jèn. Sa enkli tach sèvis pastoral pou yon fanmi ki genyen jèn oswa timoun nan kay la. Sa enkli tou ke l pa dwe genyen yon jèn kòm konpayon sèvis pastoral. Restriksyon sa yo ta dwe rete an plas sof si Premye Prezidans lan otorize pou yo retire anotasyon an.

38.6.2.6

Dirijan Pieu ak Pawas.

Nan reyinyon konsèy pieu ak pawas, prezidans pieu yo ak episkopa yo regilyèman revize règleman ak direksyon Legliz yo sou anpeche ak reyaji devan abi. Dirijan yo ak manm konsèy yo dwe chèche gidans Lespri a pandan y ap anseye epi diskite sou sijè delika sa a.

Manm konsèy yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan tou (gade 38.6.2).

38.6.2.7

Pwoblèm Legal Ki gen Rapò avèk Abi

Si aktivite abizif yon manm vyole lwa ki an vigè yo, evèk la oubyen prezidan pieu a dwe ankouraje manm lan pou l rapòte aktivite sa yo bay pèsonèl ekzekitif lalwa oubyen lòt otorite gouvènman an ki apwopriye.

Dirijan Legliz yo avèk manm yo dwe respekte tout obligasyon legal pou yo rapòte abi bay otorite sivil yo.

38.6.4

Kontwòl Nesans (Planing)

Se privilèj koup marye ki kapab pote timoun yo pou yo dispoze de kò mòtèl yo a pou pitit lespri Bondye yo, ke yo reponsab apresa pou yo nouri yo ak elve yo (gade 2.1.3). Desizyon sou konbyen pitit pou yo genyen ak kilè yo dwe genyen yo trè pèsonèl ak prive. Sa ta dwe rete ant koup la avèk Senyè a.

38.6.5

Chastete ak Fidelite

Lwa chastete Senyè a di:

  • Abstinans nan relasyon seksyèl andeyò maryaj ant yon gason ak yon fi selon lwa Bondye a.

  • Fidelite andedan maryaj.

Entimite fizik ant mari ak madanm se yon bagay ki fèt pou l bèl ak sakre. Se Bondye ki òdone sa pou kreyasyon timoun epi kòm ekspresyon lanmou ant mari ak madanm.

38.6.6

Pònografi Sou Timoun

Legliz la kondane pònografi konsènan timoun sou tout fòm. Si yon evèk oubyen yon prezidan pieu aprann ke yon manm enplike nan pònografi sou timoun, li dwe suiv enstriksyon ki nan 38.6.2.1imedyatman.

38.6.8

Mitilasyon Jenital Fi

Legliz la kondane mitilasyon jenital yon fi.

38.6.10

Ensès

Legliz la kondane tout fòm ensès. Jan sa itilize la a, ensès se relasyon seksyèl ant:

  • Yon paran ak yon timoun.

  • Yon granparan ak yon pitit pitit.

  • Frè ak sè.

  • Yon tonton oubyen matant ak yon nyès oubyen neve.

Jan sa itilize la a, pitit, pitit pitit, frè ak sè, nyès, ak neve a enkli relasyon ki egziste nan lyen byolojik, adoptif, boparan oswa paran responsab.

Lè yon minè se viktim ensès, evèk la oubyen prezidan pieu a dwe rele nimewo èd pou abi Legliz la genyen nan peyi kote sa disponib yo (gade 38.6.2.1). Nan lòt peyi, prezidan pieu a dwe chèche direksyon nan men konsèy jiridik pou zòn nan nan biwo entèrejyon nan. Yo ankouraje l pou l chita an konsèy avèk anplwaye ki nan Sèvis Familyal yo oubyen avèk direktè antrèd ak otonomi nan biwo entèrejyon nan.

Yon konsèy manm legliz ak yon anotasyon nan rejis li nesesè si yon manm komèt ensès. Ensès prèske toujou mande Legliz la pou retire yon moun kòm manm.

Si yon minè komèt ensès, prezidan pieu a dwe kontakte Biwo Premye Prezidans lan pou direksyon.

Souvan viktim ensès yo soufri chòk serye. Dirijan yo dwe reyaji avèk konpasyon ak senpati sensè. Yo dwe bay sipò spirityèl ak konsèy pou ede yo simonte efè destriktè ensès yo.

Pafwa viktim yo gen santiman lawont oubyen kilpabilite. Viktim yo pa koupab pou peche a. Dirijan yo dwe ede yomenm avèk fanmi yo konprann lanmou Bondye ak gerizon ki vin atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan (gade Alma 15:8; 3 Nefi 17:9).

Anplis resevwa èd enspire nan men dirijan yo nan Legliz la, viktim yo ak fanmi yo gen dwa bezwen konsèy pwofesyonèl tou. Pou enfòmasyon, gade 38.6.18.2.

38.6.12

Syans Okilt

Syans okilt konsantre sou fènwa epi li mennen nan twonpri. Li detwi lafwa nan Kris la.

Syans Okilt enkli adorasyon Satan. Li enkli aktivite mistik ki pa an amoni avèk levanjil Jezikri a tou. Aktivite sa yo enkli (men yo pa limite a) bat kat, bay madichon, ak pratik gerizon ki se imitasyon pouvwa prètriz Bondye a (gade Mowoni 7:11–17).

Manm Legliz yo pa dwe angaje yo nan okenn fòm adorasyon Satan ni patisipe nan okenn fason nan syans okilt. Yo pa ta dwe konsantre sou fènwa sa yo nan konvèsasyon oswa nan reyinyon Legliz yo.

38.6.13

Pònografi

Legliz la kondane pònografi sou tout fòm. Itilizasyon pònografi nan nenpòt fòm domaje lavi moun endividyèlman, li deranje fanmi, ak sosyete. Li chase Lespri Senyè a tou. Manm Legliz yo dwe evite pònografi sou tout fòm epi opoze a pwodiksyon, difizyon, ak itilizasyon li.

Konsèy pèsonèl ak restriksyon enfòmèl sou yon manm nan Legliz la dabitid sifi pou ede yon moun repanti de itilizasyon pònografi. Dabitid pa konn gen konsèy manm ki fèt. Men, yon konsèy kapab nesesè pou itilizasyon pònografi nan fason entasif ak san rete, ki lakoz gwo pwoblèm nan maryaj oubyen nan fanmi yon manm (gade 38.6.5). Yon konsèy nesesè si yon manm fè, pataje, posede, oubyen toujou ap gade imaj pònografi ki konsène timoun (gade 38.6.6).

38.6.14

prejije

Tout moun se pitit Bondye. Nou tout se frè ak sè ki fè pati fanmi diven Li (gade “Fanmi : Yon pwoklamasyon pou mond lan”). Bondye “kreye tout nasyon soti nan yon sèl san” (Travay 17:26). “Tout moun se menm” pou Li (2 Nefi 26:33). Chak moun “gen menm enpòtans devan li” (Jakòb 2:21).

Prejije pa mache avèk pawòl revele Bondye a. Jwenn favè oswa pa jwenn favè devan Bondye depann sou devosyon nou pou Li ak pou kòmandman L yo, se pa sou koulè po yon moun ni sou lòt kalite.

Legliz la mande tout moun pou yo abandone atitid ak aksyon prejije anvè nenpòt gwoup oswa endividi. Manm Legliz yo dwe anpremye nan ankouraje respè pou tout pitit Bondye. Manm yo suiv kòmandman Sovè a pou renmen lòt moun nan (gade Matye 22:35–39). Y ap fè efò pou yo vin moun ki gen bòn volonte anvè tout moun, k ap rejte nenpòt kalite prejije. Sa enkli prejije ki baze sou ras, koulè, nasyonalite, tribi, sèks, laj, andikap, eta sosyo-ekonomik, kwayans oswa enkwayans relijye, ak oryantasyon seksyèl.

38.6.15

Atirans Menm Sèks ak Konpòtman Menm Sèks

Legliz la ankouraje fanmi yo ak manm yo pou yo lonje lamen avèk sansiblite, lanmou, ak respè bay moun ki atire pa lòt moun ki gen menm sèks avèk yo. Legliz la ankouraje konpreyansyon nan sosyete a an jeneral ki reflete ansèyman li yo sou jantiyès, enklisivite, lanmou pou lòt moun, ak respè pou tout èt imen tou. Legliz la pa pran okenn pozisyon sou koz atirans menm sèks yo.

Kòmandman Bondye yo entèdi tout konpòtman ki pa chast, keseswa etewoseksyèl oswa menm sèks. Dirijan Legliz yo fè konsèy ak manm ki vyole lwa chastete yo. Dirijan yo ede yo jwenn yon konpreyansyon klè sou lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, sou pwosesis repantans lan, ak sou objektif lavi sou tè a.

Si manm yo santi yo gen atirans pou moun menm sèks avèk yo epi y ap fè efò pou yo viv lwa chastete a, dirijan yo dwe bayo sipò ak ankouraje yo nan rezolisyon yo. Manm sa yo ka resevwa apèl nan Legliz la, yo ka gen rekòmandasyon tanp, epi resevwa òdonans tanp si yo diy. Manm gason yo nan Legliz la kapab resevwa epi egzèse Prètriz la.

Tout manm ki kenbe alyans yo ap resevwa tout benediksyon ki pwomèt nan letènite yo menm si sikonstans yo pèmèt ou pa pou yo resevwa benediksyon maryaj etènèl ak vin paran nan lavi sa a (gade Mozya 2:41).

38.6.16

Maryaj ant Moun Menm Sèks

Antanke yon prensip doktrinal, baze sou ekriti yo, Legliz la afime ke maryaj ant yon gason ak yon fi esansyèl pou plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit Li yo. Legliz la afime tou ke lwa Bondye a defini maryaj kòm yon inyon legal ant yon gason ak yon fi.

38.6.17

Edikasyon Seksyèl

Paran yo gen responsablite prensipal pou edikasyon seksyèl pitit yo. Paran yo dwe onèt, yo dwe klè epi yo dwe gen konvèsasyon kontinyèl avèk pitit yo sou seksyalyte ki dwat ak nòmal.

38.6.18

Abi Seksyèl, Vyòl, ak Lòt Fòm Atak Seksyèl

Legliz la kondane abi seksyèl. Jan sa a itilize la a, abi seksyèl se fòse nenpòt aktivite seksyèl sou yon lòt moun ki pa vle sa. Aktivite seksyèl avèk yon moun ki pa bay oubyen ki pa ka bay konsantman legal li antre nan kategori abi seksyèl. Abi seksyèl ka fèt nan relasyon avèk yon konjwen oubyen yon mennaj tou. Pou plis enfòmasyon konsènan abi seksyèl sou timoun oubyen jèn, gade 38.6.2.3.

Abi seksyèl kouvri yon gwo kantite aksyon, soti nan arasman al nan vyòl ak lòt fòm atak seksyèl. Sa ka fèt fizikman, vèbalman, ak nan lòt fason. Pou direksyon konsènan kijan pou konseye manm ki te sibi abi seksyèl, vyòl, oubyen lòt fòm atak seksyèl, gade 38.6.18.2.

Si yon manm sispèk oubyen vin konnen yon sitiyasyon ki enplike abi seksyèl, yo dwe pran aksyon pou pwoteje viktim yo ak lòt moun osi vit ke posib. Sa enkli rapòte sitiyasyon an bay otorite sivil yo ak alète evèk la ak prezidan pieu a. Si yon timoun te sibi abi, manm yo dwe suiv enstriksyon nan 38.6.2.

38.6.18.2

Konsèy pou Viktim Abi Seksyèl, Kadejak, ak Lòt Fòm Agresyon Seksyèl

Viktim abi seksyèl, vyòl, oswa lòt fòm agresyon seksyèl yo souvan soufri anba chòk grav. Lè yo konfye yo nan yon evèk oswa prezidan pieu, li dwe reponn avèk konpasyon ak charite sensè. Li dwe bay sipò espirityèl ak konsèy pou ede viktim yo simonte efè destriktè abi yo. Li dwe rele liy èd abi Legliz la tou pou gidans, kote li disponib.

Pafwa viktim yo gen santiman lawont oubyen kilpabilite. Viktim yo pa koupab pou peche a. Dirijan yo pa dwe blame viktim nan. Dirijan yo dwe ede viktim yo avèk fanmi yo konprann lanmou Bondye ak gerizon ki vin atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan (gade Alma 15:8; 3 Nefi 17:9).

Pandan ke manm yo ka chwazi pataje enfòmasyon sou abi oswa atak la, dirijan yo pa ta dwe konsantre twòp sou detay yo. Sa ka danjere pou viktim yo.

Anplis resevwa èd enspire nan men dirijan yo nan Legliz la, viktim yo ak fanmi yo gen dwa bezwen konsèy pwofesyonèl tou. Pou enfòmasyon, gade 31.3.6.

38.6.18.3

Konsèy Pou Manm

Yon konsèy pou manm kapab nesesè pou yon moun ki te atake oubyen abize yon moun seksyèlman Yon konsèy manm nesesè si yon manm komèt yon vyòl oubyen li kondane pou yon lòt fòm atak seksyèl

38.6.20

Suisid

Lavi nan mòtalite a se yon kado presye Bondye ban nou—yon kado nou ta dwe bay valè ak pwoteje. Legliz la grandman sipòte prevansyon suisid.

Pifò moun ki panse a suisid vle jwenn soulajman anba doulè fizik, mantal, emosyonèl oswa espirityèl. Moun sa yo bezwen lanmou, èd, ak sipò nan men fanmi yo dirijan Legliz yo, ak pwofesyonèl ki kalifye.

Evèk la bay sipò eklezyastik si yon manm ap konsidere suisid oswa li te eseye li. Li ede manm nan jwenn èd pwofesyonèl imedyatman tou.

Malgre pi bon efò moun ou renmen yo, dirijan yo, ak pwofesyonèl, sa pa toujou anpeche suisid. Sa kite gwo kè brize dèyè, boulvèsman emosyonèl, ak kesyon san repons pou moun ou renmen yo ak lòt moun. Dirijan yo dwe konsèye ak konsole fanmi an. Yo dwe nouri fanmi an epi ba l sipò.

Li pa bon pou yon moun pran pwòp vi li. Sepandan, se sèlman Bondye ki kapab jije panse , aksyon, ak nivo responsablite moun nan (gade 1 Samyèl 16:7; Doktrin ak Alyans 137:9).

Moun ki pèdi yon moun li renmen nan suisid ka jwenn espwa ak gerizon nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan.

38.6.23

Moun Transjandè

Moun transjandè yo fè fas a pwoblèm konplèks. Nou dwe trete manm ak moun ki pa manm ki idantifye yo kòm transjandè—ak fanmi yo ak zanmi yo—avèk sansiblite, jantiyès, konpasyon, ak yon abondans lanmou Kretyen. Tout moun byenveni nan reyinyon sentsèn, nan lòt reyinyon Dimanch yo, ak lòt aktivite sosyal nan Legliz la (gade 38.1.1).

Sèks yon moun se yon karakteristik esansyèl nan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Siyifikasyon Legliz la antann pou sèks yon moun nan Pwoklamasyon sou Fanmi an se sèks byolojik ala nesans. Gen kèk moun ki santi yon santiman kontradiksyon ant sèks byolojik yo avèk idantite seksyèl yo. Kòm rezilta, yo gen dwa idantifye tèt yo kòm transjandè. Legliz la pa pran okenn pozisyon sou koz kote moun ki idantifye tèt yo kòm transjandè.

Pifò nan patisipasyon ak nan kèk òdonans prètriz nan Legliz la pa fè diferans ant sèks moun. Moun ki transjandè yo gen dwa batize ak konfime jan sa dekri nan 38.2.3.14 la. Yo ka pran sentsèn nan e resevwa benediksyon prètriz yo. Sepandan, nou resevwa òdinasyon nan prètriz la ak òdonans tanp yo selon sèks byolojik nou alan nesans.

Dirijan yo nan Legliz la dwe dekonseye tout entèvansyon medikal oubyen chirijikal pou eseye chanje sèks yon moun al nan opoze sèks byolojik moun nan genyen ala nesans li. Dirijan yo dwe avèti moun yo ke si yo fè aksyon sa yo, sa ap lakoz restriksyon nan eta yo kòm manm nan Legliz la.

Dirijan yo dekonseye tranzisyon sosyal tou. Tranzisyon sosyal la enkli chanje abiman oubyen fason moun nan prezante l, chanje non oubyen pwonon, oubyen prezante tèt ou kòm moun yon lòt sèks ki pa sèks byolojik ou ala nesans lan. Dirijan yo dwe avèti manm yo pou fè yo konnen ke moun fè tranzisyon sosyal sa yo ap sibi kèk restriksyon nan eta yo kòm manm nan Legliz la toutotan y ap kontinye pratik sa a.

Restriksyon sa yo ka vledi ke yo p ap kapab resevwa oubyen egzèse prètriz la, resevwa oubyen itilize yon rekòmandasyon tanp, ak resevwa kèk apèl Legliz. Malgre kèk restriksyon sa yo nan kèk nan privilèj moun nan kòm manm nan Legliz la, yo byenveni pou yo patisipe nan lòt bagay nan Legliz la.

Si yon manm deside chanje non abityèl oubyen pwonon li, nou kapab note non li prefere a nan chan non prefere a nan rejis manm nan. Nou gendwa adrese moun nou pa non prefere l la nan pawas la.

Sikonstans yo grandman varye sot nan yon inite ak yon lòt e de yon moun ak yon lòt. Dirijan yo ak manm yo dwe fè konsèy ansanm, nan lapriyè, epi avèk Senyè a. Prezidans Entèrejyon an ap ede dirijan lokal yo lè y ap trete sitiyasyon endividyèl yo avèk sajès. Evèk yo dwe konsilte prezidan pieu a. Prezidan pieu yo ak prezidan misyon yo dwe chèche konsèy nan men Prezidans Entèrejyon an (gade 32.6.3).

38.7

Règleman Medikal ak Sante

38.7.2

Antèman ak Ensinerasyon (Brile Kò a)

Fanmi moun ki mouri an deside si kò li ta dwe antere oswa ensinere. Yo respekte dezi moun nan.

Nan kèk peyi, lalwa mande pou brile kò a. Nan lòt ka, antèman pa pratik oswa abòdab pou fanmi an. Nan tout ka yo, yo dwe trete kò a avèk respè ak reverans. Yo dwe reyasire manm yo ke pouvwa Rezirèksyon an toujou aplike (gade Alma 11:42–45).

Kote sa posib, kò yon moun ki mouri ki te dote ta dwe abiye ak rad seremoni tanp lan lè l ap antere oswa brile (gade 38.5.8).

38.7.3

Timoun ki Mouri Anvan Nesans (Timoun Ki Fèt Tou Mouri ak Foskouch)

Paran yo ka deside si wi ou non yo vle chante antèman oswa sèvis bò tonm nan.

Òdonans tanp yo pa nesesè oubyen akonpli pou timoun ki mouri anvan nesans. Sa pa nye posiblite pou timoun sa yo ka fè pati fanmi an nan letènite yo. Nou ankouraje paran yo pou yo mete konfyans yo nan Senyè a epi chèche rekonfò Li.

38.7.4

Euthanasie (Suisid Asiste)

Lavi mòtèl la se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou. (Euthanasie) oswa Suisid Asiste se mete fen volontè a lavi yon moun k ap soufri anba yon maladi ki pa gen tretman oswa lòt kondisyon. Yon moun ki patisipe nan suisid asiste, enkli ede yon moun pou l mouri pa suisid, li vyole kòmandman Bondye yo epi sa ka vyole lwa lokal yo.

Yo pa konsidere sispann oswa abandone mezi ekstrèm pou sipòte lavi yon moun nan fen lavi l kòm suisid asiste (gade 38.7.11).

38.7.5

Enfeksyon VIH ak SIDA

Nou dwe akeyi manm ki enfekte ak VIH (viris iminodefisyans) oswa ki gen sida (akeri sendwòm iminodefisyans) yo byen nan reyinyon ak aktivite Legliz yo. Asistans yo jwenn se pa yon risk sante pou lòt moun.

38.7.8

Swen Medikal ak Swen Sante

Chèche èd medikal konpetan, egzèse lafwa, epi resevwa benediksyon prètriz yo travay ansanm pou gerizon, selon volonte Senyè a.

Manm yo pa ta dwe itilize oswa ankouraje pratik medikal oswa sante ki kesyonab etikman, espirityèlman, oswa legalman. Moun ki gen pwoblèm sante yo ta dwe konsilte pwofesyonèl medikal konpetan ki gen lisans nan domèn y ap pratike a.

38.7.9

Mariwana Medikal

Legliz la opoze itilizasyon mariwana pou rezon ki pa medikal. (Gade nan 38.7.14.

38.7.11

Pwolonje Lavi (enkli Aparèy pou Sipò Lavi)

Manm yo pa ta dwe santi yo oblije pwolonje lavi mòtèl la pa mwayen ekstrèm. Desizyon sa yo fèt pi byen pa moun nan, si sa posib, oswa pa manm fanmi yo. Yo ta dwe chèche konsèy medikal konpetan ak konsèy divin atravè lapriyè.

38.7.13

Vaksinasyon

Vaksen ki administre pa pwofesyonèl medikal konpetan pwoteje sante e prezève lavi. Nou ankouraje manm Legliz yo pou yo pwoteje tèt yo, pitit yo, ak kominote yo atravè vaksinasyon.

Alafen, moun yo responsab pou yo pran pwòp desizyon pa yo osijè vaksinasyon. Si manm yo gen enkyetid, yo ta dwe chache konsèy nan men pwofesyonèl medikal konpetan epi chèche gidans Sentespri a.

38.7.14

Pawòl Sajès ak Pratik Sante

Pawòl Sajès la se yon kòmandman. Pwofèt yo klarifye ke ansèyman nan Doktrin ak Alyans 89 yo enkli abstinans nan tabak, bwason fò (alkòl), ak bwason cho (te ak kafe).

Gen lòt sibstans danjere ak pratik ki pa espesifye nan Pawòl Sajès la oswa pa dirijan Legliz yo. Manm yo dwe itilize sajès ak bon jijman nan lapriyè lè y ap fè chwa pou ankouraje sante fizik, espirityèl ak emosyonèl.

38.8

Règ Administratif

38.8.1

Adopsyon ak Fanmi Akèy (Foster Care)

Adopte timoun epi bay aksyi timoun nan fwaye yo kapab beni timoun yo ak fanmi yo. Fanmi etènèl ki plen lanmou ka kreye atravè adopsyon. Kit timouyo vini nan yon fanmi atravè adopsyon oswa nesans, yo se yon benediksyon ki egalman presye.

Manm ki ap chèche adopte oswa bay timoun akèy nan fwaye yo ta dwe obeyi tout lwa ki aplikab nan peyi ak gouvènman ki enplike yo.

38.8.4

Otograf ak Foto Otorite Jeneral yo, Ofisye Jeneral yo, ak Swasanndis Entèrejyon yo

Manm Legliz yo pa ta dwe chèche otograf nan men Otorite Jeneral yo, Ofisye Jeneral yo, oswa Swasanndis Entèrejyon yo. Lè yo fè sa, sa nui apèl sakre yo a ak lespri reyinyon yo. Sa ka anpeche yo salye lòt manm yo tou.

Manm yo pa ta dwe pran foto Otorite Jeneral yo, Ofisye Jeneral yo, oswa Swasanndis Entèrejyon yo nan chapèl yo

38.8.7

Revi/Magazin Legliz yo

Revi Legliz yo enkli:

Premye Prezidans lan ankouraje tout manm yo pou yo li revi Legliz yo. Revi yo ka ede manm yo aprann levanjil Jezikri a, etidye ansèyman pwofèt vivan yo, santi yo konekte avèk fanmi Legliz mondyal la, fè fas ak difikilte avèk lafwa, epi vin pi pwòch Bondye.

38.8.8

Non Legliz la, Mak ak Senbòl

Imaj
Mak ak senbòl Legliz la

Non, mak, ak senbòl Legliz yo se identite kle Legliz la

Mak ak senbòl. Mak ak senbòl legliz la (gade ilistrasyon ki anwo a) yo dwe itilize sèlman jan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo apwouve yo. Yo ka pa itilize yo kòm eleman dekoratif. Ni yo pa ka itilize yo nan nenpòt fason pèsonèl, komèsyal oswa pwomosyonèl.

38.8.10

Òdinatè/Konpitè

Òdinatè ak lojisyèl yo itilize nan chapèl Legliz la yo founi epi jere pa katye jeneral Legliz la oswa biwo entèrejyon an. Dirijan yo ak manm yo itilize resous sa yo pou sipòte objektif Legliz la, enkli travay istwa familyal.

Tout lojisyèl sou òdinatè sa yo dwe byen lisansye nan Legliz la.

38.8.12

Materyèl pou Kourikoulòm/Pwogram

Legliz la bay materyèl pou ede manm yo aprann ak viv levanjil Jezikri a. Sa enkli, ekriti yo, mesaj konferans jeneral, revi, manyèl, liv, ak lòt resous. Dirijan yo ankouraje manm yo pou yo itilize ekriti yo ak lòt resous yo lè sa nesesè pou etidye levanjil la lakay yo.

38.8.14

Abiman ak Aparans

Nou ankouraje manm Legliz yo pou yo montre respè pou kò yo nan chwa yo sou abiman ak aparans ki apwopriye. Sa ki apwopriye yo varye atravè kilti ak pou okazyon diferan.

38.8.16

Jou Jèn

Manm yo ka jene nenpòt ki lè. Sepandan, an jeneral, yo obsève premye jou mwa a kòm yon jou jèn.

Yon jou jèn enkli lapriyè, rete san manje ni bwè pou yon peryòd 24 èdtan (si fizikman yo kapab), ak bay yon ofrann jèn jenere. Yon ofrann jèn se yon don pou ede moun ki nan bezwen yo (gade 22.2.2).

Pafwa reyinyon mondyal oswa lokal nan Legliz la konn fèt nan premye Saba nan mwa a. Lè sa rive, prezidans pieu a detèmine yon jou Saba altènatif pou jou jèn.

38.8.17

Jwèt Aza ak Lotri

Legliz la opoze epi konsèye kont jwèt aza nan nenpòt ki fòm. Sa enkli paryaj sou espò ak lotri gouvènman an patwone.

38.8.19

Imigrasyon

Manm ki rete nan peyi natif natal yo souvan gen opòtinite pou yo bati ak ranfòse Legliz la kote yo ye a. Sepandan, imigrasyon nan yon lòt peyi se yon chwa pèsonèl.

Manm ki deplase al nan yon lòt peyi dwe obeyi tout lwa ki aplikab yo (gade Doktrin ak Alyans 58:21).

Misyonè yo pa ta dwe ofri pou patwone imigrasyon lòt moun.

38.8.22

Lwa Peyi a

Manm yo dwe obeyi, onore, epi soutni lwa yo nan nenpòt peyi kote y ap viv oswa vwayaje (gade Doktrin ak Alyans 58:21–22; Atik Lafwa 1:12). Sa enkli lwa ki entèdi pòtapòt.

38.8.25

Kominikasyon Manm yo ak Katye Jeneral Legliz la

Yo pa konseye manm Legliz yo pou yo rele, voye imèl, oswa ekri lèt voye bay Otorite Jeneral yo sou kesyon doktrinal, pwoblèm pèsonèl, oswa demann. Nou ankouraje manm yo pou yo kontakte dirijan lokal yo, enkli prezidant Sosyete Sekou yo oswa prezidan kowòm ansyen yo, lè y ap chèche direksyon espirityèl (gade 31.3).

38.8.27

Manm ki Andikape yo.

Yo ankouraje dirijan yo ak manm yo pou yo reponn a bezwen tout moun k ap viv nan inite yo a. Manm ki andikape yo gen valè epi yo ka kontribye nan bonjan fason. Andikap gen dwa entelektyèl, sosyal, emosyonèl, oswa fizik.

38.8.29

Lòt Relijyon

Nou jwenn anpil bagay ki enspiran, nòb, epi ki merite pigwo respè nan anpil lòt relijyon. Misyonè yo ak lòt manm yo dwe sansib e yo dwe montre respè anvè kwayans ak tradisyon lòt moun.

38.8.30

Aktivite Politik ak Sivik

Yo ankouraje manm legliz yo pou yo patisipe nan zafè politik ak zafè gouvènman yo. Nan anpil peyi, sa ka enkli:

  • Vote.

  • Rantre oswa sèvi nan pati politik yo.

  • Bay sipò finansye.

  • Kominike avèk otorite pati yo ak kandida yo.

  • Sèvi nan biwo moun ki eli oubyen moun ki nome nan gouvènman lokal ak nasyonal.

Yo ankouraje manm yo tou pou yo patisipe nan kòz ki diy pou fè kominote yo vin yon bon kote pou moun viv ak elve fanmi yo.

Dirijan Legliz lokal yo pa ta dwe òganize manm yo pou yo patisipe nan zafè politik. Ni dirijan yo pa ta dwe eseye enfliyanse fason manm yo patisipe.

Dirijan yo ak manm yo ta dwe evite deklarasyon oswa konduit ki ta ka entèprete kòm andòsman Legliz la nan nenpòt pati politik, platfòm, règleman, oswa kandida politik.

38.8.31

Konfidansyalite Manm yo

Dirijan legliz yo oblije pwoteje vi prive manm yo. Yo pa dwe itilize rejis Legliz yo, anyè, ak materyèl ki similè avèk yo pou rezon pèsonèl, komèsyal, oswa politik.

38.8.35

Refijye

Kòm yon pati nan responsablite yo pou pran swen moun ki nan bezwen (gade Mozya 4:26), manm Legliz yo ofri tan yo, talan yo, ak amitye yo pou akeyi refijye yo kòm manm nan kominote yo.

38.8.36

Demann pou Asistans Finansye Legliz

Nou ankouraje manm yo pou yo pale avèk evèk yo olye pou yo kontakte syèj Legliz la oswa mande lòt dirijan ak manm Legliz yo lajan.