Manyèl yo ak Apèl yo
33. Rejis ak Rapò


“33. Rejis ak Rapò,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“33. Rejis ak Rapò,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
mesye ki ap gade yon konpitè

33.

Rejis ak Rapò

33.0

Entwodiksyon

Kenbe Rejis te toujou enpòtan nan Legliz Senyè a. Pa egzanp:

Adan te kenbe “yon liv souvni” (Moyiz 6:5).

Mowoni te anseye ke non moun ki te batize nan Legliz Kris la te enskri pou “yo te kapab sonje yo ak nouri avèk bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4).

Joseph Smith te anseye ke yo ta dwe aple yon grefye nan chak pawas pou “fè yon rejis ki gen verite devan Senyè a” (Doktrin ak Alyans 128:2).

33.1

Apèsi sou Rejis Legliz yo

Rejis Legliz yo sakre. Enfòmasyon ki landan yo a sansib epi yo ta dwe pwoteje. Sistèm rejis Legliz yo otorize aksè a enfòmasyon manm yo baze sou apèl.

Rejis yo ka ede dirijan yo:

  • Idantifye ki moun ki ka bezwen swen espesyal.

  • Idantifye ki òdonans sali yon moun resevwa oswa li ka bezwen.

  • Lokalize manm yo.

Men tip rejis ke yo kenbe nan inite Legliz yo:

  • Rapò patisipasyon manm (gade 33.5)

  • Rejis manm (gade 33.6)

  • Rejis istorik (gade 33.7)

  • Rejis finansye (gade chapit 34)

33.2

Enstriksyon Jeneral pou Grefye yo

Yo dwe gen yon rekòmandasyon tanp ki valid.

Grefye yo dwe suiv règleman aktyèl pou pwoteje lajan Legliz yo avèk atansyon epi asire yo ke rejis Legliz yo kòrèk. Grefye yo notifye dirijan prètriz yo imedyatman si gen nenpòt bagay ki pa kòrèk. Si gen difikilte ki parèt nan rezoud iregilarite yo, grefye yo dwe kontakte Biwo Rejis Konfidansyèl la nan syèj Legliz la.

Telefòn: 1-801-240-2053 oswa 1-800-453-3860, ekstansyon 2-2053

Toll gratis (telefòn GSD): 855-537-4357

Imel: ConfidentialRecords@ChurchofJesusChrist.org

Dire sèvis grefye yo ta dwe ase pou yo aprann devwa yo epi prezève kontinuite nan travay yo. Paske yo pa manm prezidans pieu a oswa episkopa a, yo pa bezwen relèv lè yon prezidans pieu oswa yon episkopa reyòganize.

33.4

Rejis ak Rapò Pawas

33.4.1

Episkopa

Evèk la sipèvize travay pou kenbe rejis yo nan pawas la.

33.4.2

Grefye Pawas

Chak pawas ta dwe gen yon grefye pawas an fonksyon ki kalifye. Li rekòmande pa episkopa a epi li aple epi mete apa pa yon manm prezidans pieu a oswa yon manm gran konsèy yo asiyen. Li ta dwe detni Prètriz Mèlkisek la epi li dwe gen yon rekòmandasyon tanp valid. Li se yon manm konsèy pawas la. Li asiste reyinyon pawas yo jan sa endike nan 29.2a.

Grefye pawas la enstwi pa episkopa a epi pa grefye pieu yo. Yo ka rele asistan grefye oswa grefye adjwen pawas pou ede.

33.4.2.1

Responsablite Kenbe-Rejis

Grefye pawas la, oswa yon asistan grefye yo asiyen, gen responsablite sa yo:

  • Kenbe yon rejis sou tach ak desizyon ki pran nan reyinyon lidèchip yo.

  • Asire ke rejis ak rapò yo klòrèk epi yo alè.

Grefye pawas la dwe vin familye avèk zouti pou kenbe rejis yo nan Legliz la (gade 33.0). Li itilize zouti sa yo pou ede dirijan yo idantifye:

  • Bezwen manm yo ak òganizasyon yo.

  • Disponiblite resous yo, enkli finans.

Grefye pawas yo ankouraje manm yo pou yo rapòte nenpòt erè nan enfòmasyon yo kòm manm.

Lòt devwa ki genyen nan kenbe rejis yo ka enkli:

  • Asire ke òdonans yo anrejistre kòrèkteman epi tousuit.

  • Prepare Fòm Soutyen Ofisye yo pou konferans pawas.

  • Anrejistre enfòmasyon pou konsèy manm pawas yo.

  • Kenbe rejis finansye (gade 34.2.2).

33.5

Rapò sou Patisipasyon Manm

Rapò sou patisipasyon manm yo ede dirijan yo konsantre sou pwogrè ak bezwen manm yo.

33.5.1

Tip Rapò yo

33.5.1.1

Rapò Prezans

Prezans nan reyinyon Sentsèn ak reyinyon Prètriz ak òganizasyon jou Dimanch yo anrejistre elektwonikman nan itilize LCR oswa Zouti Manm yo.

Reyinyon Sentsèn. Prezans nan reyinyon Sentsèn nan anrejistre chak semèn pa grefye pawas la oswa yon asistan grefye pawas. Kantite a se kantite moun ki asiste nan reyinyon an pèson oswa pa difizyon, enkli vizitè yo.

Reyinyon kowòm ak Òganizasyon jou Dimanch yo Prezans yo anrejistre chak semèn pa sekretè ak konseye kowòm ak òganizasyon yo. Dirijan jèn yo ka ede tou nan anrejistre prezans yo. Kantite a se kantite moun ki asiste nan reyinyon an pèson oswa pa difizyon, enkli vizitè yo. Manm k ap sèvi nan Primè yo oswa kòm dirijan jèn nan pawas la yo enkli tou kòm patisipan.

Grefye pawas la ka anrejistre prezans pou nenpòt òganizasyon.

33.5.1.2

Rapò Entèvyou Sèvis Pastoral

(Gade 21.3.

33.5.1.3

Rapò chak Trimès

Chak nimewo nan yon rapò reprezante yon moun reyyèl ki gen bezwen inik (gade Elaman 15:13).

Rapò Chak Trimès la gen enfòmasyon itil ki ka bay dirijan yo ide pandan y ap chèche enspirasyon sou efò sèvis pastoral yo.

Dirijan pieu ak pawas yo fè referans ak Rapò Chak Trimès la regilyèman pou yo ka revize pwogrè moun yo.

Chak pawas ranpli epi soumèt yon Rpò Chak Trimès bay syèj Legliz la. Grefye a revize rapò a ak evèk la epi lsoumèt li anvan 15 nan mwa a apre fen chak trimès.

33.5.2

Lis Manm yo

Zouti pou kenbe rejis nan Legliz la bay dirijan yo aksè a lis manm yo. Lis sa yo ka ede dirijan yo idantifye:

  • Ki manm ki poko resevwa òdonans yo kalifye pou li yo.

  • Ki jènjan ak jènfi ki kalifye pou sèvi yon misyon.

  • Ki jèn ki pa gen yon rekòmandasyon tanp valid.

  • Ki jèn ki bezwen fikse randevou pou rankontre avèk yon manm episkopa a.

Dirijan kowòm ak òganizasyon yo ta dwe gen aksè a lis moun ki apatni a kowòm oswa òganizasyon yo a.

33.6

Rejis Manm.

Rejis manm yo enkli non manm yo, enfòmasyon pou kontakte yo, detay sou òdonans, ak lòt enfòmasyon enpòtan.

Rejis manm yo ta dwe kenbe nan pawas kote manm lan ap viv la. Eksepsyon, ki ta dwe ra, mande konsantman evèk yo ak prezidan pieu ki enplike yo. Pou mande yon eksepsyon, prezidan pieu a itilize LCR la pou soumèt demann lan bay Biwo Premye Prezidans lan.

Li enpòtan anpil pou bagay sa yo fèt tousuit:

  • Anrejistre enfòmasyon sou òdonans.

  • Deplase rejis manm ki deplase antre oubyen soti nan pawas la.

  • Kreye rejis pou nouvo manm yo ak nouvo timoun paran ki manm yo.

  • Anrejistre lanmò yon manm.

  • Anrejistre maryaj ak enfòmasyon sou fwaye a .

Evèk la oswa prezidan pieu a asire ke gen yon rejis ki egziste pou yon manm nan pawas ki apwopriye a anvan manm lan fè entèvyou pou resevwa:

  • Yon apèl nan Legliz la.

  • Yon rekòmandasyon tanp.

  • Prètriz Mèlkisedèk la oswa pou òdone nan yon ofis nan Prètriz sa a.

Li asire l tou ke rejis la pa gen ladan okenn nan bagay sa yo:

  • Yon anotasyon

  • Yon kòmantè sou restriksyon yon sèlman oswa òdonans.

  • Restriksyon fòmèl manm

Nan okenn sikonstans yo pa dwe bay oswa montre okenn lòt moun rejis manm yo eksepte evèk la oswa yon grefye.

Manm yo ka gade enfòmasyon manm yo pou tèt pa yo ak pou nenpòt timoun depandan ki ap viv lakay yo nan app Zouti Manmlan. Yo ka mande grefye a yon kopi enprime ki gen Rezime Òdonans Endividyèl yo tou. Si yo jwenn erè, grefye a dwe asire l ke yo korije erè a nan rejis manm lan.

33.6.1

Non yo itilize nan Rejis Legliz yo

yo dwe itilize non legal yon moun, jan lwa lokal oswa koutim nan defini l la, nan rejis manm yo ak sou sètifika òdonans yo.

33.6.2

Manm nan Rejis

Moun sa yo se manm ki enskri e yo ta dwe gen yon rejis manm:

  • Moun ki batize ak konfime yo

  • Moun ki poko gen 9 an ki te beni men ki poko batize

  • Moun ki pa responsab akoz andikap entelektyèl, kèlkeswa laj yo

  • Timoun ki poko beni ki gen mwens pase 9 lane lè de nan bagay sa yo aplike:

    • Omwen yon paran oswa yon granparan se yon manm Legliz la.

    • Toulède paran yo bay pèmisyon pou yo kreye yon rejis. (Si se sèlman yon paran ki gen dwa legal sou timoun nan, pèmisyon paran sa a ase.)

Yon moun ki gen laj 9 oswa plis ki gen yon rejis manm, men ki pa t batize ak konfime se pa yon manm enskri. Sepandan, pawas kote moun nan ap viv la kenbe dosye manm lan jiskaske moun nan gen 18 an. Lè sa a, si moun nan chwazi pou l pa batize, evèk la anile rejis manm lan. Pèmisyon pwezidan pieu a obligatwa.

Yo pa anile rejis pou moun ki pa t batize akòz yon andikap entelektyèl sof si moun nan oswa yon responsab legal li, enkli yon paran mande sa.

33.6.3

Rejis Novo Manm Pawas

Grefye pawas la oswa asistan grefye pawas la kontakte nouvo manm pawas yo tousuit aprè rejis manm yo rive pou revize Rezime sou Òdonans Endividyèl la pou presizyon.

33.6.6

Rejis Manm k ap Sèvi Andeyò Pawas Jewografik yo

33.6.6.2

Rejis Misyonè Aplentan yo

Gade 24.6.8.

33.6.13

Rejis Timoun Paran ki Divòse

Tout dosye manm yo itilize non legal yon moun, jan lwa lokal la oswa koutim nan defini l. Sa enkli timoun ki gen paran ki divòse yo.

Timoun ki gen paran ki divòse yo souvan ale nan reyinyon Legliz pawas toulède paran yo. Pandan ke se yon sèl inite ki ka kenbe ak mete ajou rejis ofisyèl manm yon timoun, yo ka kreye yon dosye manm andeyò inite nan lòt pawas li patisipe a. Sa pèmèt non timoun nan ak enfòmasyon pou kontakte timoun nan enskri sou lis pawas yo ak lis klas yo.

Timoun ki gen yon dosye manm andeyò inite yo ka resevwa yon apèl nan inite sa a.

33.6.15

Chanje Restriksyon nan Rejis Manm yo

Si yon manm demenaje pandan ke l gen restriksyon fòmèl oswa yon lòt pwoblèm serye annatant, evèk la oswa yon grefye otorize ka mete yon restriksyon demenajman nan rejis manm lan. Li itilize LCR la pou fè sa.

Yon rejis ki gen yon restriksyon demenajman pa dwe deplase ale nan yon nouvo inite jiskaske dirijan prètriz ki te mete restriksyon an bay otorizasyon pou retire l.

33.6.16

Rejis nan nan Dosye “Adrès Enkoni” yo

Pafwa yo lokalize yon manm apre rejis li fin klase nan “dosye adrès enkoni” nan syèj Legliz la. Nan sitiyasyon sa a, grefye pawas la itilize LCRla pou l mande rejis la.

33.6.17

Anrejistre ak Korije Enfòmasyon sou Òdonans.

Gade chapit 18.

33.6.19

Odit rejis Manm yo

Chak ane grefye pieu a oswa asistan yon asistan grefye pieu asire ke yo fè yon odit rejis manm nan chak pawas, kote y ap itilize LCRla. Odit yo ta dwe konplete anvan 30 Jen chak ane.

33.7

Rejis Istorik

33.7.1

Istwa Pawas ak Pieu

Senyè a kòmande pou “yon istwa tout bagay enpòtan” ki konsène Legliz Li a ekri epi konsève (Doktrin ak Alyans 69:3; gade tou vèsè 5; Alma 37:2).

Chak inite nan Legliz la dwe dokimante tout zafè enpòtan konsènan inite a.

Kenbe yon istwa se yon travay espirityèl k ap fòtifye lafwa moun ki ekri l la e ki ap li l yo.

Grefye pieu a oswa yon asistan grefye pieu prepare istwa pieu a. Evèk la suiv yon apwòch menm jan an pou pawas la. Enstriksyon yo disponib nan Istwa Anyèl Pieu, Distri, ak Misyon nan ChurchofJesusChrist.org.

33.8

Konfidansyalite Rejis yo

Rejis Legliz yo konfidansyèl, keseswa yo egziste sou papye oswa sou fòm dijital. Yo enkli:

  • Rejis Manm yo.

  • Rejis Finansye.

  • Nòt sou reyinyon yo.

  • Fòm ak dokiman ofisyèl (enkli rejis sou konsèy manm yo)

Dirijan yo dwe asire yo ke enfòmasyon yo rasanble nan men manm yo:

  • Limite a sa Legliz la mande.

  • Itilize sèlman pou rezon Legliz ki apwouve.

  • Bay sèlman a moun ki gen otorizasyon pou itilize li.

Enfòmasyon ki sovgade elektwonikman yo dwe konsève an sekirite epi pwoteje kòmsadwa (gade 33.9.1).

33.9

Rejis Jesyon

33.9.1

Pwoteksyon

Tout rejis, rapò, ak done nan Legliz la ta dwe pwoteje kont aksè, chanjman, destriksyon, oswa divilgasyon ki pa otorize. Enfòmasyon sa yota dwe kenbe nan yon kote ki an sekirite.

Si yo ta pèdi oswa vòl aparèy Legliz oswa depo stokaj Legliz la posede, yo dwe rapòte sa tousuit nan incidents.ChurchofJesusChrist.org. Yo dwe rapòte si yon moun mal sèvi avèk enfòmasyon Legliz la genyen tou.

33.9.1.1

Non itilizatè ak Modpas

Prezidan pieu, evèk, ak lòt dirijan pa dwe janm pataje non itilizatè ak modpas yo a nan Legliz la avèk konseye, grefye, sekretè egzekitif, oswa lòt moun.

33.9.1.3

Done Konfidansyèl

Anpil peyi adopte lwa pwoteksyon done ki kontwole tretman done pèsonèl yo. Sa enkli enfòmasyon ki nan rejis manm yo ak lòt rejis nan Legliz la ki idantifye moun. Dirijan ki gen kesyon sou aplikasyon lwa pwoteksyon enfòmasyon nan jesyon lokal rejis Legliz yo ka kontakte biwo enfòmasyon konfidansyèl Legliz la nan DataPrivacyOfficer@ChurchofJesusChrist.org.