Manyèl yo ak Apèl yo
20. Aktivite


“20. Aktivite,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“20. Aktivite,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
yon jènfi avèk yon awozwa dlo

20.

Aktivite

20.1

Objektif

Aktivite Legliz yo mennen manm Legliz yo ak lòt moun ansanm kòm “konsitwayen sen yo” (Efezyen 2:19). Objektif pou aktivite yo ka gen bagay sa yo ladann:

  • Bati lafwa nan Jezikri.

  • Pote amizman epi ankouraje inite.

  • Bay opòtinite pou devlopman pèsonèl.

  • Fòtifye moun yo ak fanmi yo.

  • Ede manm yo patisipe nan travay sali ak egzaltasyon an (gade 1.2).

20.2

Planifikasyon Aktivite

Anvan yo planifye yon aktivite, dirijan yo konsidere bezwen espirityèl ak tanporèl manm yo. Dirijan yo chèche gidans Lespri a lè y ap deside ki kalite aktivite ki ap ede satisfè bezwen sa yo.

20.2.1

Responsablite pou Planifikasyon Aktivite

Aktivite pawas yo ka planifye nan nenpòt nan fason sa yo, baze sou bezwen lokal yo:

  • Konsèy pawas la ta kapab sipèvize planifikasyon an.

  • Konsèy pawas la ta kapab bay kèk òganizasyon tach espesifik pou ede planifye youn oswa plizyè aktivite.

  • Lè sa nesesè epi kote ki gen ase manm, evèk la gen dwa òganize yon komite aktivite pawas.

Pou enfòmasyon sou planifikasyon aktivite pou jèn yo nan yon pawas, gade 10.2.1.3 ak 11.2.1.3.

20.2.2

Envite Tout Moun pou Patisipe

Moun ki planifye aktivite yo ta dwe kontakte tout moun, espesyalman nouvo manm, manm ki inaktif, jèn yo, adilt sèl, moun ki gen andikap, ak moun lòt relijyon.

Aktivite yo pa ta dwe mete fado ki pa nesesè sou dirijan yo ak manm yo.

20.2.3

Prensip

Aktivite Legliz yo ta dwe edifyan epi yo dwe mete aksan sou sa ki “gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj” (Atik Lafwa 1:13). Aktivite yo pa dwe gen ladan yo anyen ki kontrè ak ansèyman Legliz yo.

20.2.6

Finansman pou Aktivite yo

Pifò aktivite yo ta dwe senp epi yo ta dwe koute ti kras lajan oubyen pa koute anyen ditou. Nenpòt depans dwe apwouve davans pa episkopa a oswa prezidans pieu a.

An jeneral, manm yo pa dwe peye pou yo patisipe nan aktivite yo. Pou règleman ak direksyon sou finanse aktivite, gade 20.6.

20.4

Konferans Jèn yo

Apati mwa Janvye nan ane a yo vire 14 zan an, jènjan yo ak jènfi yo envite pou yo patisipe ansanm nan yon konferans jèn. Konferans jenès yo an jeneral fèt yon fwa chak ane nan nivo pawas oswa pieu. Yo ka fèt nan nivo miltipieu iswa entèrejyon tou. Nan ane kote jèn yo asiyen pou yo ale nan yon konferans FSY, pieu yo ak pawas yo pa ta dwe fè konferans jèn.

Konferans jèn pawas yo dwe planifye epi reyalize pa konsèy jèn pawas la, sou direksyon episkopa a (gade 29.2.6). Episkopa a dwe jwenn apwobasyon prezidans pieu a pou plan pou yon konferans jèn.

Lè dirijan yo ak jèn yo ap planifye yon konferans jèn, yo dwe obsève règleman yo ki nan chapit sa a ak direksyon sa yo:

  • Yo ka itilize tèm anyèl Legliz la bay pou jèn yo kòm tèm konferans lan.

  • Planifye aktivite ki konsistan avèk tèm nan.

  • Jwenn apwobasyon episkopa a oswa prezidans pieu a pou tout moun k ap pale ak pou tout aktivite yo.

  • Asire ke gen sipèvizyon grandèt adekwat pandan tout tan an (gade 20.7.1).

20.5

Règleman ak Direksyon pou Chwazi ak Planifye Aktivite

20.5.1

Aktivite Komèsyal oswa Politik

Aktivite ki fèt pou nenpòt rezon komèsyal oswa politik pa pèmi (gade 35.5.2).

20.5.2

Dans ak Mizik

Nan tout dans yo, rad, aparans, ekleraj, estil danse, pawòl , ak mizik yo ta dwe kontribye pou bay yon atmosfè kote Lespri Senyè a kapab prezan.

20.5.3

Lendi Swa

Yo ankouraje manm yo pou fè aktivite familyal jou Lendi oswa nan lòt moman. Pa gen okenn aktivite Legliz, reyinyon, oswa sèvis batèm ki ta dwe fèt apre 6:00 p.m. nan jou Lendi yo.

20.5.5

Aktivite Lannuit

Aktivite Legliz lannuit pou gwoup konbine jènjan ak jènfi yo dwe apwouve pa evèk la ak prezidan pieu a. Se menm bagay la tou pou aktivite pou manm gason ak fi selibatè yo.

Aktivite lannuit nan chapèl oswa nan lakou chapèl yo nan Legliz la pa apwouve.

20.5.8

Respè Jou Saba a

Nan Legliz la, pa dwe gen kan, aktivite spòtif, oswa rekreyatif ki ta dwe pwograme pou jou Dimanch. Ni tou, pa ta dwe gen gwoup jèn ak lòt ki ap vwayaje ale oubyen soti nan kan oswa nan konferans jèn yo nan jou Dimanch.

20.5.10

Vizit nan Tanp

Vizit tanp yo òganize nan nivo pawas oswa nivo pieu nan distri tanp ki asiyen an.

20.6

Règleman ak Direksyon pou Finansman Aktivite

20.6.1

Yo Dwe Itilize Fon Bidjè Pawas la oswa Pieu a pou Peye pou Aktivite yo

Lajan ki nan bidjè pawas oswa pieu a ta dwe itilize pou peye pou tout aktivite—aleksepsyon sa ki nan lis ki nan 20.6.2yo.

20.6.2

Fon pou Kan Jèn yo

Si bidjè pawas la oswa bidjè pieu a pa gen ase lajan pou aktivite ki nan lis ki anba a, dirijan yo ka mande patisipan yo pou yo peye pou yon pati ladan yo oswa pou tout:

  • Yon kan anyèl Prètriz Aawon ki pwolonje oswa yon aktivite menm jan an.

  • Yon kan anyèl Jènfi ki pwolonje oswa yon aktivite menm jan an.

  • Yon jounen kan anyèl oswa yon aktivite similè pou timoun Primè ki gen laj 8 rive 11 an.

Depans oswa vwayaj pou yon kan anyèl pa ta dwe twòp. Mank lajan pèsonèl pa ta dwe anpeche yon manm patisipe.

20.6.3

Fon pou Konferans FSY yo

Yo ka mande jèn yo pou yo kontribye yon frè pou yo asiste nan konferans Pou Fòs Jèn (FSY) yo. Si pri a ta anpeche yon jèn patisipe, evèk la gen dwa itilize fon nan bidjè pawas la pou peye pou tout oubyen pou yon pati nan frè sa a. Gade FSY.ChurchofJesusChrist.org.

20.6.5

Aktivite pou Ranmase Lajan

Depans pou aktivite pieu ak pawas yo anjeneral peye avèk fon bidjè yo. Sepandan, yon prezidan pieu oswa yon evèk ka otorize yon aktivite pou ranmase lajan chak ane pou rezon sa yo sèlman:

  • Pou ede peye pou aktivite ki nan lis ki nan 20.6.2yo.

  • Pou ede achte ekipman ke inite a bezwen pou kan anyèl yo.

20.7

Règleman Sekirite ak Direksyon pou Aktivite

20.7.1

Sipèvizyon Adilt

Omwen de adilt dwe prezan nan tout aktivite Legliz la ke timoun ak jèn ap asiste. Ou ka bezwen plis adilt selon gwosè gwoup la, talan yo mande pou aktivite a, oswa pou lòt faktè. Yo ankouraje paran yo pou yo ede.

Tout moun ki travay avèk timoun ak jèn yo dwe konplete fòmasyon pou pwoteksyon timoun yo ak jèn yo. Gade ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org.

20.7.2

Kondisyon Laj pou Patisipasyon nan Aktivite Jèn yo

Avèk apwobasyon paran yo, jèn yo ka asiste nan kan lannuit kòmanse nan mwa janvye nan ane yo vin gen 12 zan an. Yo ka patisipe nan dans, konferans jèn yo, ak konferans FSY yo kòmanse an janvye nan ane a yo vin gen 14 zan.

20.7.4

Pèmisyon Paran

Timoun yo ak jèn yo pa ka patisipe nan yon aktivite Legliz la san pèmisyon paran yo oswa gadyen yo. Pou aktivite Legliz ki enkli rete lannuit, vwayaj long, oswa risk ki pi elve pase sa ki òdinè yo, yon konsantman ekri nesesè.

Paran yo ak gadyen yo dwe bay konsantman sa a nan siyen fòm Pèmisyon ak Apwobasyon Medikalla.

20.7.5

Rapò sou Abi

Nenpòt abi ki rive pandan yon aktivite Legliz la ta dwe rapòte bay otorite sivil yo. Yo ta dwe kontakte evèk la imedyatman. Enstriksyon pou manm yo nan 38.6.2.7. Enstriksyon pou evèk yo nan 38.6.2.1.

20.7.6

Prekosyon Sekirite, Reyaksyon nan Aksidan, ak Rapòte Aksidan

20.7.6.1

Prekosyon Sekirite

Dirijan yo ak patisipan yo dwe evalye aktivite yo avèk anpil atansyon pou asire risk minimòm nan blese oswa maladi. Aktivite yo ta dwe enplike risk minim nan domaj nan pwopriyete. Pandan aktivite yo, dirijan yo dwe fè tout efò yo pou asire sekirite.

20.7.6.2

Reyaksyon nan Aksidan

Si yon aksidan oswa yon blese rive sou pwopriyete Legliz la oubyen pandan yon aktivite Legliz la, dirijan yo dwe obsève direksyon sa yo, jan sa aplikab:

  • Bay premye swen. Si yon moun bezwen swen medikal adisyonèl, kontakte sèvis medikal ijans yo. Epitou kontakte paran, gadyen, oswa lòt moun responsab la ak evèk la oswa prezidan pieu a.

  • Si yon moun pèdi oubyen li mouri, imedyatman avize lapolis lokal la.

  • Bay sipò emosyonèl.

  • Pa ankouraje oswa dekouraje aksyon legal. Pa pran angajman nan non Legliz la.

  • Rasanble epi kenbe non temwen, enfòmasyon pou kontake yo, resi sou sa k te pase a, ak foto.

  • Rapòte aksidan an (gade 20.7.6.3).

20.7.6.3

Rapò sou Aksidan

Sitiyasyon sa yo ta dwe rapòte sou entènèt nan incidents.ChurchofJesusChrist.org.

  • Yon aksidan oswa yon blesi ki rive sou pwopriyete Legliz la oubyen pandan yon aktivite Legliz.

  • Yon moun ki te patisipe nan yon aktivite Legliz la pèdi.

  • Pwopriyete prive, piblik, oswa pwopriyete Legliz la domaje pandan yon aktivite Legliz.

  • Menas oswa Antisipasyon aksyon lega.

Si yon aktivite lakoz yon blesi grav, mòtalite, oubyen moun ki pèdi prezidan pieu a, evèk la, oswa manm li deziyenan dwe imedyatman avize biwo entèrejyon an.

20.7.6.4

Asirans ak Kesyon

Si yon aksidan rive pandan yon aktivite Legliz, dirijan yo dwe detèmine si pwogram Asistans Medikal pou Aktivite Legliz la aplike.

Nan kèk ka, prezidan pieu a oswa evèk la ka gen kesyon sou pwoblèm sekirite oswa reklamasyon kont Legliz la. Prezidan pieu a (oubyen yon evèk ki sou direksyon li) refere kesyon sa yo bay Divizyon Jesyon Risk la oubyen bay biwo entèrejyon an.

20.7.7

Vwayaj

Vwayaj pou aktivite Legliz yo ta dwe apwouve pa evèk la oswa prezidan pieu a. Vwayaj sa a pa ta dwe mete fado ki pa nesesè sou manm yo. Yo dekouraje vwayaj long distans pou aktivite yo.

Lè sa posib, gwoup Legliz yo ta dwe itilize transpò komèsyal pou vwayaj ki dire lontan. Li dwe gen otorize ak pwoteje pa asirans responsablite.

Lè gwoup nan Legliz la ap vwayaje nan machin pasaje prive, chak machin dwe nan kondisyon pou yo opere san danje. Chak moun dwe itilize yon senti sekirite. Chak chofè ta dwe se yon adilt ki gen lisans, epi ki responsab.