Manyèl yo ak Apèl yo
13. Lekòldidimanch


“13. Lekòldidimanch,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

”13. Lekòldidimanch,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
yon fanmi k ap etidye ekriti yo

13.

Lekòldidimanch

13.1

Objektif

Dirijan, enskriktè, ak klas Lekòldidimanch yo:

  • Fòtifye lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri lè l anseye ”doktrin wayòm nan” (Doktrin ak Alyans 88:77).

  • Sipòte ansèyman ak aprantisaj levanjil la ki santre nan fwaye epi sipòte pa Legliz la.

  • Ede manm yo anseye nan fason Sovè a.

13.2

Dirijan Lekòldidimanch Pawas

13.2.1

Episkopa

Episkopa a sipèvize Lekòldidimanch lan. Dabitid evèk la asiyen youn nan konseye l yo pou yo pou akonpli responsablite sa a anba direksyon l.

13.2.2

Prezidan Lekòdidimanch

13.2.2.1

Aple yon Prezidan Lekòldidimanch

Evèk la aple epi mete apa yon detantè Prètriz Mèlkisdèk pou vin prezidan Lekòldidimanch pawas la. Si yo bezwen konseye, e si gen ase gason pou sèvi nan pozisyon sa yo, prezidan Lekòldidimanch la kapab rekòmande youn oubyen de konseye.

13.2.2.2

Responsablite:

  • Sèvi nan konsèy pawas la.

  • Sipèvize efò pou amelyore aprantisaj levanjil ak ansèyman nan fwaye ak nan legliz la.

  • Rekòmande manm adilt bay episkopa a pou sèvi kòm enstriktè lekòldidimanch.

  • Sipòte, ankouraje, ak enstwi enstriktè Lekòldidimanch yo.

  • Dirije reyinyon konsèy enstriktè yo selon gidans evèk

13.2.3

Enstriktè Lekòldidimanch yo

Pou prepare yo pou anseye, enstriktè lekòldidimanch yo itilize ekriti yo, Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo, ak Vini, Suiv Mwen—Pou lekòldidimanch.

13.3

Klas Lekòldidimanch

Klas Lekòldidimanch yo ap fèt nan premye ak twazyèm dimanch nan mwa a.

Avèk apwobasyon episkopa a, prezidan Lekòldidimanch la òganize klas pou adilt ak jèn yo.

Omwen de adilt responsab ta dwe prezan nan chak klas jèn.

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe pran fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan nan mwa apre yo fin sounti yo (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org).

13.4

Amelyore Aprantisaj ak Ansèyman nan Pawas la

Dirijan pawas yo responsab pou amelyore aprantisaj ak ansèyman nan òganizasyon yo. Yo ka mande prezidan lekòldidimanch pawas la pou èd si sa nesesè.

13.5

Amelyore Aprantisaj ak Ansèyman nan Fwaye a

Paran yo gen responsablite pou anseye pitit yo levanjil la. Yo ka mande prezidan Lekòldidimanch la pou ede yo amelyore kòm enstriktè.