EnglishConnect for Missionaries
Apendis: Jwèt Konvèsasyon an Gwoup


“Apendis: Konvèsasyon an Gwoup,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Konvèsasyon an Gwoup,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

Appendix

Conversation Group Games

Jwèt Konvèsasyon an Gwoup

Genyen yon lis jwèt amizan pou pratike Anglè ki enkli nan manyèl sa a. Ou ka jwe jwèt sa yo pandan nenpòt reyinyon an gwoup. Itilize modèl yo ak vokabilè ki nan leson ou ladan an oswa yon leson avansa. (Pifò nan jwèt sa yo mande pou ou travay avèk yon patnè oswa yon ti gwoup.)

Questions (10–15 minutes)

Kesyon (10–15 minit)

twa pwen dentèwogasyon

Steps

Etap yo

  1. Chwazi yon kesyon nan lis la. Sonje ou kapab ranplase mo ki souliye yo avèk lòt mo ak fraz.

  2. Pataje repons ou avèk gwoup la.

  3. Youn apre lòt chwazi kesyon yo e pataje repons yo.

Questions to Review Patterns:

Kesyon pou Repase Modèl yo:

  • What do you like doing? Why?

  • Tell me about your extended family.

  • How are you and your sister different?

  • Are you happy? Why or why not?

  • Tell me about where you live.

  • What were you like as a child?

  • Tell me about your weekly routine.

  • What did you do yesterday?

  • Where were you yesterday? Why?

  • When did you finish school?

  • What happened when you moved to the United States?

  • Tell me about shopping in your city.

  • Which phone is better?

  • Tell me about your neighborhood.

  • What will you do tomorrow?

  • Tell me about your favorite holiday.

  • Tell me about your plans for the summer.

  • What do you do when you are sick?

  • Tell me about a time when you got hurt. What happened?

  • Tell me about an event next week.

  • Tell me about your last vacation.

  • What are your future plans?

More Questions:

Plis Kesyon:

  • What’s your favorite thing to do on the weekend?

  • What’s your favorite place to visit?

  • Tell me about your favorite memory from your childhood.

  • Describe your favorite family tradition.

  • Name one great thing about your family.

  • What is something you really want to do in the future?

  • What adjectives best describe you?

  • Where would you like to go on vacation?

  • What is your favorite movie?

  • Tell me about your greatest adventure.

  • Tell me about your favorite food.

  • What is your dream job?

  • Who is your role model? Why?

  • Why do you want to learn English?

  • Tell me about your best friend.

  • What is one of your current goals?

Notes

Remak

  • Ou ka jwe jwèt sa a avèk tout gwoup la oswa nan pi pitti gwoup ki genyen twa rive senk moun.

  • Ou pa limite ak kesyon ki nan lis sa a. Ou ka kreye nouvo kesyon. Ou kapab chanje mo ki souliye yo pou kreye plis kesyon tou.

  • Si w vle rann jwèt sa a pi difisil, youn apre lòt pran tan pou nou pataje repons nou sonje pou chak manm nan gwoup la.

  • Ou kapab itilize kesyon sa yo avèk lòt jwèt, tankou “Chenn Bisiklèt” oswa “Voye Balon.”

Hot Seat (10–20 minutes)

Chèz Cho (10–20 minit)

fi ki chita avèk do l kole sou tablo a

Steps

Etap yo

  1. Divize an de ekip.

  2. Chwazi de etidyan (yon etidyan nan chak ekip). Etidyan sa yo chita anfas gwoup la (nan “chèz cho” a) avèk do yo sou tablo a.

  3. Enstriktè w la ekri yon mo vokabilè oswa fraz sou tablo a. Etidyan yo nan “chèz cho” a pa kapab wè mo a.

  4. Ekip yo genyen de minit pou yo ede manm ekip yo ki nan “chèz cho” a devine mo ki sou tablo a san di mo a.

  5. Moun nan “chèz cho” a ki di mo a anpremye a genyen yon pwen pou ekip li a. Si yon ekip di mo ki sou tablo a pandan l ap eseye ede manm ekip li a devine, yo p ap resevwa yon pwen.

  6. Repete avèk nouvo mo yo.

Notes

Remak

  • Kreye youn rive twa ekip selon dimansyon gwoup la.

  • Si nou ap reyini vityèlman, jwe kòm yon gwoup konplè olye de an ekip. Yon moun chita nan “chèz cho” a. Moun sa a pa konnen mo a. Yon moun la pou “bay endis.” Moun “k ap bay endis” la chwazi yon mo epi bay endis yo pou moun ki nan “chèz cho” ka devine mo a.

Ball Toss (10–15 minutes)

Voye Balon (10–15 minit)

jènfi avèk yon balon

Steps

Etap yo

  1. Jwenn yon balon, yon objè mou, oswa yon moso papye chifonnen.

  2. Poze yon kesyon. (Itilize youn apati yon leson oswa gade “Kesyon yo” nan apendis sa a.)

  3. Poze kesyon an epi voye balon an bay yon etidyan.

  4. Etidyan an atrap balon an epi reponn kesyon an.

  5. Eltidyan an poze kesyon an ankò epi voye balon an bay yon lòt etidyan.

  6. Repete jiskaske chak etidyan nan gwoup ou a fin reponn kesyon an. Apresa kòmanse ankò avèk yon nouvo kesyon.

Notes

Remak

  • Pou rann jwèt sa a pi difisil, chanje kesyon an chak fwa ou voye balon an.

  • Si nou ap reyini vityèlman, site non moun olye ou voye yon balon.

Give One, Get One (10–20 minutes)

Bay youn, Jwenn youn (10–20 minit)

Steps

Etap yo

  1. Chwazi yon sijè pou gwoup la (pa egzanp: fanmi. espò, oswa manje).

  2. Ekri tout kantite mo posib ou konnen konsènan sijè a pandan youn rive de minit.

  3. Kanpe epi mache nan tout sal la. Jwenn yon patnè.

  4. Pataje yon mo nan lis ou a avèk patnè w la. Patnè w la pataje yon mo avèk ou. Si se yon mo nouvo, ajoute mo a nan lis ou a.

  5. Mache nan tout sal la ankò. Jwenn yon nouvo patnè. Repete.

Example

Sijè: fanmi

Patnè A ekri:

  • mom

  • dad

  • sister

  • brother

Patnè B ekri:

  • grandfather

  • grandmother

  • mother

  • father

  • aunt

  • uncle

A: What’s one word from your list?
B: Grandmother.
A: I don’t have that word. I’ll add it to my list.
B: What’s a word from your list?
A: Mom.
B: I have mother. I will write mom next to mother.

Toude etidyan yo ajoute nouvo mo nan lis pa yo a.

Lis patnè A a:

  • mom

  • dad

  • sister

  • brother

  • grandmother

Lis patnè B a:

  • grandfather

  • grandmother

  • mother, mom

  • father

  • aunt

  • uncle

Notes

Remak yo

  • Sa se yon bon fason pou aprann oswa pratike nouvo vokabilè ki pa nan leson an.

  • Si nou ap reyini vityèlman, fè chak moun pataje yon mo nan lis pa yo a avèk tout gwoup la olye yo travay an gwoup de moun.

Speculation—“I think that you …” (15–20 minutes)

Spekilasyon—“I think that you …” (15–20 minit)

de fi ki ap ri

Steps

Etap yo

  1. Panse ak yon vèb.

  2. Di vèb la awotvwa.

  3. Itilize vèb la pou kreye yon vrè fraz konsènan yon lòt etidyan. Di, “I think that you …” pou kòmanse fraz ou a.

  4. Lòt etidyan an di si deklarasyon w la se vrè ou pa.

  5. Si li vrè, ou gen yon pwen. Si li pa vrè, ou pa gen yon pwen.

  6. Premye etidyan an ki rive fè senk pwen an genyen!

  7. Konplete 10 rive 20 wonn. Chanje vèb la pou chak wonn yo.

Example

Etidyan A (pou etidyan B): The verb is like. I think that you like chocolate.

Etidyan B: That’s true! (Etidyan A fè yon pwen.)

Etidyan B (pou etidyan C): I think that you like to play basketball.

Etidyan C: That’s not true! Etidyan B pa fè yon pwen.)

Notes

Remak

  • Kreye gwoup twa rive senk moun.

  • Jwèt sa a pral enkli 10 rive 20 wonn. W ap bezwen yon vèb pou chak wonn yo. Youn apre lòt di yon nouvo vèb chak fwa ou kòmanse yon wonn.

Tell Me a Story! (5–15 minutes)

Rakonte M yon Istwa!

Steps

Etap yo

  1. Travay avèk yon patnè oswa yon ti gwoup.

  2. Yon moun di premye fraz la nan yon istwa envante.

  3. Pwochen moun nan di dezyèm fraz la.

  4. Youn apre lòt di yon fraz nan istwa an jistan istwa a fini.

Example

A: Yesterday, Sara and Mari missed the bus to come to conversation group.
B: They waited for the next bus, but it didn’t come.
C: They started to walk to the church.
A: Luke was driving to conversation group and saw them walking.
B: He stopped so they could go with him.
C: Sara, Mari, and Luke arrived 20 minutes late.
A: Luke was happy to help Sara and Mari.
B: He said it was a blessing in disguise that he was late.
C: They all had a fun time.

Notes

Remak

  • Kreye gwoup twa rive senk moun.

  • Ou ka rann aktivite sa a pi fasil nan montre yon foto pou kòmanse istwa a.

  • Yon lòt fason pou rann aktivite sa a pi fasil se pou fè chak gwoup kòmanse avèk menm fraz la. Pa egzanp, chak gwoup ta ka kòmanse avèk “M te pase yon wikenn terib ” oswa “Sete pi bèl jou nan lavi mwen.”

Two Truths and One Lie (10–15 minutes)

De Verite ak Yon Manti (10–15 minit)

Steps

Etap yo

  1. Panse a de bagay ki vrè konsènan oumenm. Envante yon bagay ki pa vrè. Eseye itilize vokabilè ak fraz nan yon leson.

  2. Li deklarasyon w yo awotvwa pou yon patnè oswa yon ti gwoup twa a senk moun.

  3. Manm gwoup ou yo poze w kesyon pou yo ka devine ki deklarasyon ki pa vrè. Reponn kesyon yo.

Example

Manm gwoup 1: “I like pizza. I like French fries. I like chocolate. Which is not true?

Lòt manm gwoup la poze kesyon:

Q: What is your favorite kind of pizza?
A: I like cheese pizza.
Q: What is your favorite candy bar?
A: I like chocolate and caramel.
Q: Where do you like to get French fries?
A: I don’t have a favorite place.

Lòt manm gwoup la devine: “I think you don’t like French fries.

Manm gwoup 1: “That’s right! I don’t like French fries.

Vocabulary Cards (10–15 minutes)

Kat Vokabilè yo (10–15 minit)

gason k ap koute

Steps

Etap yo

  1. Ekri 5 rive 10 mo vokabilè sou ti moso papye (nòt otokolan yo mache byen). Mete moso papye yo nan yon pil.

  2. Jwenn yon patnè.

  3. Chavire pil mo yo tèt anba pou w pa kapab wè mo yo. Chanje pil yo avèk patvè w la.

  4. Chwazi yon papye. Pa gade mo a. Kenbe papye a anlè devan fwon ou. Patnè w la dekri mo a (oubyen bay yon tradiksyon), pou w ka devine mo ki sou papye a. Si ou devine kòrèkteman, ou gen yon pwen.

  5. Youn apre lòt. Repete pou chak papye nan pil la.

Notes

Remak yo

  • Sa a se yon bon fason pou pratike vokabilè.

  • Si nou ap reyini vityèlman, jwe kòm yon gwoup konplè olye depade. Chak moun ekri yon lis mo. Pa montre gwoup la lis ou a. Youn apre lòt, chwazi yon mo nan lis ou a. Dekri li pou gwoup la san ou pa di mo a. Manm gwoup yo devine mo a.

Dice Game 2 (10–15 minutes)

Jwèt Kib 2 (10–15 minit)

Steps

Etap yo

de kib
  1. Ou bezwen de kib (oswa kat ak nimewo soti 1 rive 6).

  2. Chwazi sis vèb epi ekri yo sou tablo a ak nimewo 1–6.

  3. Chwazi lòt mo yo, pwronon yo, oswa tan yo epi ekri yo sou tablo ak nimewo 1–6.

  4. Travay avèk yon patnè oswa yon ti gwoup twa a senk moun. Woule kib la. Itilize toude nimewo yo ou woule yo pou kreye yon fraz avèk mo korespondan yo. Youn apre lòt.

Example

Enstriktè a ekri vèb sa yo ak tan yo sou tablo a:

Vèb yo

  1. eat

  2. play

  3. talk

  4. laugh

  5. go

  6. buy

Tan yo

  • 1, 3, 5 = past tense

  • 2, 4, 6 = present tense

Etidyan1 an woule kib la epi l jwenn 6 ak 3 Li kreye yon fraz nan itilize achte + tan pase.

  • I bought rice and chicken at the store last night.

Etidyan 1 an woule kib la epi l jwenn 4 ak 6. Li kreye yon fraz nan itilize ri + tan prezan.

  • I always laugh at my dog. He’s so silly.”

Etidyan 3 a woule kib la epi l jwenn 1 ak 3. Li kreye yon fraz nan itilize manje + tan pase.

  • I ate pizza for lunch.

Notes

Remak yo

  • Sa a se yon bon fason pou pratike tan (pase, prezan, fiti) oswa lòt strikti gramè yo (nan itilize avan ak apre, kesyon yo, deklarasyon negatif yo, elatriye).

  • Si nou ap reyini vityèlman, jwe avèk gwoup konplè a. Itilize kib vityèl epi youn apre lòt nan kreye fraz yo.

Bicycle Chain (in person) (10–20 minutes)

Chenn Bisiklèt (an pèsòn) (10–20 minit)

Aktivite sa a travay sèlman pou gwoup ki reyini an pèsòn yo.

Steps

Etap yo

  1. Chwazi yon kesyon. (Itilize youn apati yon leson oswa gade “Kesyon” nan apendis sa a.)

  2. Kanpe an liy nan de liy youn anfas lòt

    dyagram de ranje moun ki kanpe anfas lòt
  3. Moun ki anfas youn lòt yo se patnè.

  4. Patnè yo poze epi reponn kesyon an.

    dyagram sou 2 ranje moun kote chak moun deplase al nan pozisyon moun ki adwat yo a
  5. Deplase an wonn pou chak moun ka gen yon nouvo patnè.

    dyagram ki montre de ranje moun ki anfas nouvo moun diferan de sa yo te kòmanse avèk li a
  6. Patnè yo poze epi reponn kesyon an.

  7. Repete etap 5 ak 6.

Notes

Remak yo

  • Si ou gen yon kantite moun ak chif enpè, kreye yon gwoup twa.

Mingle and Share (in person) (10–15 minutes)

Melanje epi Pataje (an pèsòn) (10–15 minit)

Aktivite sa a travay sèlman pou gwoup ki rankontre an pèsòn.

de moun k ap pale

Steps

Etap yo

  1. Chwazi yon kesyon. (Itilize youn nan yon leson oswa gade nan seksyon “Kesyon” an nan apendis sa a.)

  2. Kanpe epi jwenn yon patnè.

  3. Poze patnè w la kesyon an. Sonje repons patnè w la. Reponn kesyon patnè w la.

  4. Mache nan tout sal la epi jwenn yon nouvo patnè. Poze epi reponn kesyon. Repete plizyè fwa avèk nouvo patnè. Sonje repons tout patnè w yo.

  5. Retounen nan plas ou. Pataje sa w te aprann avèk gwoup la.

Example

Question: What do you like to do?

Etidyan yo mache nan tout sal la ap epi yo reponn kesyon an avèk diferan patnè.

  • Sara: What do you like to do?

    Mei: I like to dance. What do you like to do?

    Sara: I like to go to karaoke.

    Mei: What’s your favorite song to sing?

    Sara: I don’t have a favorite song. I really like to sing with other people.

    Mei: What do you like to do?

    Lee: I like to play video games. What do you like to do?

    Mei: I like to dance. What is your favorite game?

    Lee: I like strategy games.

Etidyan yo pataje sa yo te aprann avèk gwoup la.

  • Teacher: What does Mei like to do?

    Sara: She likes to dance.

    Teacher: What does Lee like to do?

    Mei: He likes to play video games.