Ansyen Testaman 2022
7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl: “M ap Renmen Yo Libreman”


“7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl: ‘M ap Renmen Yo Libreman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
madanm ak mari nan lakou tanp la

7–13 Novanm.

Oze 1–6; 10–14; Jowèl

“M ap Renmen Yo Libreman”

Pandan w ap etidye ak prepare semèn sa a, konsidere kilès nan bèl mesaj edifyan ki nan liv Oze ak Joel yo ki ta ka ede satisfè bezwen moun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa yo te aprann semèn sa a, ou ta ka envite yo ekri sou tablo a yon mo oswa yon fraz ki te enspire yo pandan etid yo. Apresa yo kapab eksplike poukisa mo oswa fraz sa a enpòtan pou yo. Mo ak fraz sa yo kapab ede gide rès diskisyon w lan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Oze 1–3; 14

Senyè a envite nou pou nou retounen vin jwenn Li

  • Ou ka kòmanse yon diskisyon sou Oze 1-3 nan ekri maryaj sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo fè yon lis mo ke yo asosye avèk maryaj. Kijan fè yon alyans avèk Senyè a se tankou fè yon maryaj? Kòman kraze alyans sa a se menmjan ak enfidelite anvè yon konjwen? (gade Oze 2: 5–7,13). Apresa, klas la ka pale sou kijan relasyon ant Oze ak Gomè a senbolize relasyon ant Senyè a ak pèp Li a. Kisa Oze 2:14–23 ak Oze14 anseye nou sou lanmou ak mizèrikòd Senyè a? Kijan nou ka montre Senyè a lanmou nou ak fidelite nou anvè li?

  • Oze14 dekri anpil bèl pwomès Senyè a te fè a avèk kay Izrayèl la si yo ta retounen vin jwenn Li. Petèt manm klas yo ka chèche pwomès sa yo nan chapit sa a. Kisa Senyè a te di L ap fè? Kisa fraz “renmen yo libreman” an ka vle di? (vèsè4). Kisa reprezantasyon plant yo nan vèsè 5–8 yo anseye nou sou benediksyon Senyè a bannou, ansanm ak benediksyon repantans yo?

    Imaj
    yon fi ki chita atè a avèk yon mesye ki mete men sou tèt li

    Senyè a te ofri redanmsyon bay Gomè, ki reprezante Izrayèl, pou peche l yo. Ilistrasyon Deb Minnard, lisansye nan goodsalt.com

Oze 6:6; Joel 2:12–13

Nou dwe santi devosyon pou Bondye andedan nou, pa sèlman eksprime l aleksteryè.

  • Oze 6:6 ak Jowèl 2:12–13 fè referans a sakrifis bèt ak rad chire yo kòm siy remò. Pandan ke pratik sa yo pa familye jodi a, vèsè sa yo ka mennen nan yon diskisyon sou sa ki pi enpòtan pou Senyè a. Nou ta ka li ansanm Oze 6:6 epi diskite sou kisa vèsè sa a ka vle di. Envite kèk manm klas pou li Matye 9:10–13 ak kèk lòt pou li Matye 12:1–8. Apresa, manm klas yo youn te ka anseye lòt kijan evenman sa yo nan ministè Sovè a ede nou konprann prensip ki anseye nan Oze 6:6 la. Kijan nou ka viv prensip sa a nan epòk pa nou an?

    Ou te kapab li ansanm Jowèl 2:12–13 tou epi diskite kisa sa ta ka vle di pou nou dechire kè nou e pa sèlman rad nou. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou sa sa vle di pou nou vrè disip Jezikri?

Jowèl2

“M ap devèse lespri m sou tout chè.”

  • Pou w kòmanse yon diskisyon sou Jowèl2a, ou ta ka eksplike klas la sa Mowoni te di sou pwofesi sa a lè l te vizite Joseph Smith an 1823 a (gade Istwa—Joseph Smith 1:41). Manm klas yo ka eksplike kijan yo santi pwofesi nan Jowèl 2:28–32 yo ap akonpli nan epòk pa nou an. Ou ta ka diskite tou kijan pawòl Eldè DavidA. Bednar yo nan “Resous Adisyonèl” la gen rapò avèk pwofesi Jowèl la. Manm klas yo ta ka diskite kisa sa vle di pou yo santi yon devèsman Sentespri a nan lavi yo chak jou. Kisa nou ka fè si nou santi nou pa p resevwa devèsman sa a. Kijan nou kapab ede “pitit gason [nou] yo ak pitit fi [nou] yo” resevwa li? (vèsè28).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Nou kapab konte sou Sentespri a pou gide nou.”

Èldè DavidA. Bednar te anseye:

“Nou souvan rann sa difisil pou tèt nou pou nou resevwa revelasyon pèsonèl. Lè m di sa a, mwen vle di ke pwomès alyans la sèke pandan n ap onore alyans nou yo, nou kapab toujou gen Sentespri a kòm konpanyon konstan nou. Men nou pale de li epi nou trete l kòmsi tande vwa Senyè a atravè Lespri L la se yon evenman ra. … [Lespri a] dwe avèk nou tout tan. Se pa tout ti segond, men si yon moun ap fè tout sa l kapab—ou pa bezwen pafè—men si oumenm ak mwenmenm ap fè tout sa nou kapab epi nou pa komèt gwo transgresyon, enben, nou kapab konte sou Sentespri a pou gide nou.…

“.…Nou sanble kwè ke Sentespri a dramatik, gran epi souden, alòske li trankil, li piti epi pwogrese avèk letan. Ou pa bezwen rekonèt ke w ap resevwa revelasyon nan moman w ap resevwa revelasyon an” (Èldè DavidA. Diskisyon Bednar” [sware avèk yon Otorite Jeneral, 7Fev., 2020], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore Ansèyman Nou

Nou dwe akeyan. Moun k ap aprann yo bezwen konnen ke ou sousye pou yo ak pou pwogresyon espirityèl yo. Yon bon fason pou montre yo sa se nan byen akeyi yo lè yo rive nan klas la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)