Ansyen Testaman 2022
31 Oktòb–6Novanm Danyèl 1–6: “Pa Gen Ankenn Lòt Bondye ki Kapab Delivre”


31 Oktòb –6 Novanm Danyèl 1–6 ‘Pa gen Ankenn Lòt Bondye ki Kapab Delivre,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

31 Oktòb –6 Novanm Danyèl 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Danyèl k ap entèprete rèv wa a

Danyèl entèprete Rèv Nebikadneza a, pa Grant Romney Clawson

31 Oktòb–6 Novanm

Danyèl 1–6

“Pa Gen Lòt Bondye ki Kapab Delivre”

Anpil manm nan klas la ap vin familye avèk kèk nan istwa ki nan liv Danyèl la. Pandan w ap etidye epi prepare pou ansenye, chèche gidans Lespri a sou fason w ka ede manm klas yo jwenn sans pèsonèl nan chapit sa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Sa ka petèt ede si w envite manm klas yo pataje kijan y ap pwogrese nan etid pèsonèl oswa familyal yo nan ekriti yo. Lè manm klas yo pataje yon ide konsènan yon bagay Lespri a te ansenye yo semèn sa a, ou ka mande yo kisa yo t ap fè ki te mennen ide sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Danyèl 1; 3; 6

Nou kapab gen konfyans nan Senyè a lè lafwa nou anba eprèv.

  • Pou kòmanse yon diskisyon konsènan kijan Danyèl, Chadrak, Mechak ak AbèdNego te montre lafwa yo nan Senyè a, ou kapab mande kèk manm nan klas la pou yo rezime eprèv kat mesye sa yo te rankontre, ki dekri nan Danyèl 1, 3, ak6. Poukisa li t ap difisil pou rete fidèl nan sitiyasyon sa yo? Ki sitiyasyon n ap rankontre ki mete lafwa nou aleprèv? Manm klas yo ka chèche nan Danyèl 1:10–13; 3:15–18; 6:10, pou wè kòman kat mesye sa yo te reponn ak eprèv sa yo. Kijan egzanp yo a ede nou nan efò n ap fè pou n rete disip fidèl Jezikri?

  • Anpil nan nou, menmjan ak Danyèl ak zanmi l yo, konn santi presyon pou konpwomèt prensip nou yo. Site kèk nan sous presyon sa a nan lavi nou? Pou ede manm klas yo aprann nan egzanp Danyèl ak zanmi l yo, ou ka divize klas la an twa gwoup epi mande chak gwoup pou revize youn nan chapit sa yo: Danyèl1, 3, oswa6. Kijan Senyè a te beni Danyèl, Chadrak, Mechak ak Abèdnego lè yo te chwazi rete fidèl malgre presyon yo te rankontre a? Chak gwoup ka eksplike klas la sa yo dekouvri. Apresa manm klas yo ka pran konsèy ansanm sou fason pou yo rete fidèl malgre presyon sosyal oswa lòt kalite presyon. Yo ka diskite tou sou enpòtans chèche bon zanmi k ap sipòte nou nan prensip nou yo.

Danyèl2

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou tè a.

  • Diskite sou Daniel2 ka ede klas ou a konprann kijan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap akonpli destine li kòm wòch pwofesi ki “koupe soti nan mòn nan” (vèsè45). Pou kòmanse, klas la ta ka revize deskripsyon Danyèl la ak entèpretasyon rèv Nèbikadneza a tou, ke yo te jwenn nan Danyèl 2:31–45la. Apresa ou ka montre yon foto yon wòch (oswa desine youn sou tablo a). Envite manm klas yo pou yo pataje sa yo aprann sou wayòm Bondye a lè yo konpare li avèk deskripsyon wòch la ki nan Danyèl 2:34–35, 44–45 la. Petèt manm klas yo ka konnen kèk nan istwa Legliz la nan zòn ou an ke yo ka pataje. Kijan nou te wè pwofesi Danyèl la akonpli nan lavi endividyèl nou?

Danyèl 2:1–30

Resevwa revelasyon mande preparasyon espirityèl.

  • Petèt manm klas yo ta benefisye nan aprann sou fason Danyèl te prepare tèt li pou l te resevwa revelasyon ki te nesesè pou l te dekri ak entèprete rèv Nèbikadneza a. Ou ka kòmanse pa mande manm klas yo pou revize Danyèl 2:1–15 epi apresa pataje kijan yo ta santi yo si yo te twouve yo nan pozisyon Danyèl la. Envite yo chèche nan Danyèl 2:16–18 pou yo aprann sa Danyèl te fè. Kisa nou aprann nan Danyèl 1:17 sou fason Bondye te prepare Danyèl? Kisa nou ka aprann nan Danyèl ki ka ede nou pandan n ap chèche revelasyon pèsonèl? Kisa nou ka aprann nan pawòl ak aksyon Danyèl yo apre l te fin resevwa èd Senyè a? (gade Danyèl 2:20–30).

Imaj
kat jèn gason sou yon tab refize vyann mesye a ofri

Ilistrasyon Danyèl ak zanmi l yo ki refize manje manje wa a, pa Brian Call

Danyèl3

Lè rezilta a pa sèten, nou kap toujou chwazi lafwa.

  • Eksperyans Chadrak, Mechak, ak Abèdnego a ki nan nan Danyèl3 a ka ede manm klas ou yo pi byen konprann kisa sa vle di pou nou gen lafwa nan Jezikri Ou ka envite manm klas yo pou yo rezime eprèv Chadrak, Mechak, ak Abèd-nego te rankontre a (gade Danyèl 3:1–12) epi diskite sou fason yo te reyaji (gade Danyèl 3:13–18). Kisa nou aprann sou lafwa nan repons mesye sa yo? Ou kapab ekri fraz sa yo sou tablo a Bondye nou an kapab… ak Men si se pa sa… nan vèsè 17–18 yo. Manm klas yo ta ka sigjere kijan yo ta ka ranpli espas vid yo avèk sitiyasyon yo ta ka rankontre yo. Paregzanp, yo ka sijere “Bondye nou an kapab reponn tout kesyon m yo” ak “Men, si se pa sa, m ap kwè nan Li avèk pasyans.” Pandan manm klas yo ap pataje egzanp yo, ankouraje yo pale sou fason Senyè a sipòte ak ranfòse nou menm lè nou pa konnen jan bagay yo ap pase.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize èd vizyèl yo. Èd vizyèl, enkli foto, videyo, ak dramatizasyon, kapab ede angaje etidyan yo—espesyalman etidyan vizyèl yo—epi rann resi ekrite yo pi memorab” (Anseye nan Fason Sovè a, 22).