Ansyen Testaman 2022
19–25 Septanm, Ezayi 40–49: “Pran Kouraj, Pèp Mwen An”


“19–25 Septanm, Ezayi 40–49: “Pran Kouraj, Pèp Mwen An,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“19–25 Septanm, Ezayi 40–49,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Jezi k ap geri yon avèg

Jezi k ap geri avèg la, Carl Heinrich Bloch

19–25 Septanm

Ezayi 40–49

“Pran Kouraj, Pèp Mwen An”

Kèk moun ka ezite pou yo pataje panse yo nan klas paske yo santi yo pa konnen ekriti yo byen. Kòman ou ka ede tout manm klas yo santi enspirasyon spirityèl yo gen valè?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Konsidere pou ou ta ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a: Kisa Lespri a te anseye ou pandan ou t ap etidye Ezayi 40–49? Manm klas yo ta ka medite sou kesyon sa a, ekri repons yo, epi kèk pami yo ta ka pataje panse yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Ezayi 40–49

Jezi ka rekonfòte nou ak ba nou esperans.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere nou chèche mesaj rekonfò ak esperans nan Ezayi 40–49 ak fè lis kèk pasaj pou nou kòmanse. Ou ta ka mande manm klas yo pou yo pataje nenpòt mesaj yo te jwenn. Ankouraje yo di poukisa mesaj sa yo te siman ede Juif yo nan kaptivite ak fason yo ka ede nou jodia. Ou ta ka pwente yo tou sou pasaj ou jwenn nan etid pèsonèl ou. Kisa Senyè a vle nou konnen de Li? Kijan Li rekonfòte nou? Ou ta ka raple manm klas yo ke “Senyè” nan Ansyen Testaman an fè referans a Jewova, oubyen Jezikri.

  • Kantik “Quels Fondements Fermes” (Cantiques, no.42) a tire nan pawòl Ezayi yo ki nan Ezayi 41:10; 43:2–5; 46:4. Apre yo fin li ekriti sa yo ak chante vèsè ki asosye yo nan kantik la, manm klas yo ta ka pale konsènan lè yo te santi Senyè a te avèk yo ak fason eksperyans yo te ede yo “pa pè.”

Imaj
Jezi ki chita atè a ap anseye moun

“Li pral nouri mouton L yo tankou yon bèje” (Ezayi 40:11).

Ezayi 40:1–3, 9–11; 43:8–13; 48:20–21; 49:1–9

“Nou se temwen m.”

  • Kisa sa vle di pou nou “temwen” Senyè a? Manm klas yo ta ka medite sou kesyon sa a pandan y ap li yonn oubyen plis nan pasaj suivan yo: Ezayi 40:1–3, 9–11; 48:20–21; 49:1–9. Sitasyon ki nan “Resous Adisyonèl” la ta kapab bay kèk repons tou. Ki “bòn nouvèl” n ap pataje kòm temwen Senyè a? Kisa ki ede nou nan vèsè sa yo pou nou “pa pè” pataje temwayaj nou? Ezayi 40:9. Manm klas yo ta ka pale sou opòtinite yo genyen pou yo temwen Senyè a ak fason temwayaj yo ka beni lòt moun.

  • Pou ede manm klas yo aplike ansèyman ki nan Ezayi 43:8–13 yo, ou ta ka envite yo imajine ke yo te rele yo vin sou podyòm kòm temwen nan yon jijman nan tribinal. Nan jijman sa a, Jezi gen responsablite pou L fè reklamasyon ki ekri nan Ezayi 43:11 la. Si nou te aple kòm temwen pou nou sipòte reklamasyon Jezi a (gade nan vèsè10), ki temwayaj nou ta ka ofri? Ki evidans nan lavi nou nou ta ka prezante?

Ezayi 48:10; 49:13–16

Senyè a ka rafine nou atravè afliksyon nou yo.

  • Petèt manm klas yo ta ka diskite fason pawòl Èldè QuentinL. Cook yo ede nou konprann Ezayi 48:10: “Kalite karaktè ak jistis ki te fòje nan founo afliksyon, pèfeksyone ak pirifye nou” (“Chan Yo Pa t Ka Chante,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2011,106). Yo ta ka pale sou fason “founo afliksyon” pa yo ede pou rafine yo spirityèlman tou. Kòman Ezayi 49:13–16 ede nou lè nou aflije? Gade video “Dife Pirifikatè a” tou nan (ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Kanpe kòm temwen

Prezidan MargaretD. Nadauld te eksplike kisa sa vle di pou nou “kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, ak tout kote” (Mozya 18:9:

“Lè nou kanpe kòm temwen tout tan, nou pwomèt pou nou renmen Senyè a, pou nou onore L tout tan—lajounen ak nan nuit, ete ak ivè, bon tan ak move tan—renmenm Senyè a epi montre amou an nan fason nou viv.…

“Kanpe kòm temwen nan tout bagay vle di tout bagay—gwo bagay, ti bagay, nan tout konvèsasyon, nan plezantri, nan jwe jwèt ak li liv ak koute mizik, nan koz n ap sipòte, nan sèvis n ap rann, nan rad n ap mete, nan zanmi n ap fè.…

“Finalman, nou di n ap kanpe kòm temwen tout kote. Sa vle di non sèlman nan plas piblik, men, nan plas prive, nan sekrè, nan kote fènwa obyen kote ki gen limyè; nan legliz, lekòl, lakay, oubyen nan machin; kote ki sou mòn oubyen sou plaj; nan lari ak sou park.…

“Lè nou panse a mayifisans kado [Sovè a] ban nou, ki ti bagay nou ta ka fè pou Li ak pou Pè Selès nou an ki te voye L la? Nou ta ka kanpe kòm temwen amou yo ak ansèyman yo tout tan, nan tout bagay, ak tout kote” (“Kanpe kòm Temwen,” Ensign, Me 2000, 93,95).

Amelyore ansèyman nou

Envite aprantisaj ki dilijan. “Moun k ap aprann yo definitifman responsab pou pwòp aprantisaj pa yo. Konsidere fason ou ka ede moun k ap aprann yo aksepte ak ranpli responsablite sa a” (Anseye nan Fason Sovè a,29).