Nouvo Testaman 2023
18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: “Bondye Renmen Moun ki Bay ak Lajwa”


“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye renmen moun ki bay ak lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezi k ap pale ak yon timoun piti

18–24 Septanm.

2 Korentyen 8–13

“Bondye Renmen Moun ki Bay ak Lajwa”

Pandan w ap li 2 Korentyen 8–13, panse a moun w ap anseye yo epi planifye aktivite ki ap ede yo dekouvri prensip ki nan chapit sa yo. Apresa, revize plan leson sa a pou ide adisyonèl.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Men yon fason pou envite manm klas yo pou pataje sa yo te aprann nan 2 Korentyen 8–13 la: mande kèk nan yo pou yo ekri sou tablo a yon fraz yo renmen anpil nan sa yo te li a epi eksplike poukisa fraz sa yo enpòtan pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

2 Korentyen 8:1–15; 9:6–15

Sen yo pataje sa yo genyen ak lajwa pou yo ka beni pòv yo ak moun ki nan bezwen.

  • Bondye kòmande Sen l yo pou yo ede pran swen moun ki nan bezwen, epi pasaj nan 2 Korentyen 8–9 la ka enspire manm klas yo nan efò yo. Pou ede yo jwenn pasaj sa yo, ou gen dwa ekri kesyon tankou Poukisa nou bay? ak Kijan nou dwe bay? Mwatye klas la dwe chèche repons yo nan 2 Korentyen 8:1–15, epi lòt mwatye a ka chèche nan 2 Korentyen 9:6–15. (Ou gen dwa eksplike ke nan chapit 8, vèsè 1–5la, Pòl te site Sen nan Masedwan yo kòm egzanp moun ki bay avèk jenewozite.) Nan ki fason prensip Pòl anseye yo ka ede nou pi byen pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

2 Korentyen 11:1–4

Nou dwe fokis sou “senplicite ki gen nan Kris la.”

  • Pafwa manm Legliz yo santi yo depase pa demann lavi yo—espesyalman pa sa yo ka konsidere kòm responsablite ki genyen nan lefèt ke n se yon Sen Dènye Jou yo. Konsèy Pòl sou ”senplisite ki nan Kris la” (2 Korentyen 11:3) kapab ede. Petèt nou ka li ansanm 2 Korentyen 11:3 epi diskite sou kisa fraz “senplisite ki nan Kris la” vledi. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine ke yo te envite yo pou yo ekri yon deskripsyon sou levanjil Jezikri a pou yon jounal, avèk yon limit 100 mo. Ba yo tan pou yo ekri deskripsyon yo a, epi fè yo pataje sa yo ekri a youn ak lòt. Si yo bezwwen èd, yo gen dwa refere yo nan Jan 3:16–17; 3 Nefi 27:13–21; Deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf nan “Resous Adisyonèl yo.” Manm klas yo gen dwa pataje ide sou fason pou “senplifye apwòch nou kòm disip.”

2 Korentyen 12:5–10

Gras Sovè a ase pou ede nou jwenn fòs nan feblès nou.

  • Kisa w t ap di yon zanmi ki te priye pou l te jwenn soulajman anba yon maladi efim men ki santi ke l pa jwenn repons pou priyè sa a. Panse pou w envite manm klas yo pou yo medite sou kesyon sa a pandan y ap li 2 Korentyen 12:5–10an silans. Apresa yo ka pataje ide nan vèsè sa yo ki ta ka ede nan sitiyasyon sa a. Yo gen dwa rakonte eksperyans tou kote, pa lagras Jezikri, oswa pa pouvwa diven ak èd Li, yo te jwenn fòs nan feblès yo. Kijan eksperyans sa a te enfliyanse lavi yo? Poukisa li enpòtan pou nou mete konfyans nan tan pa Senyè?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nou ka senplifye apwòch nou de jan n ap viv levanjil la.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“Frè m ak sè m yo, viv levanjil la pa bezwen konplike.

“Li reyèlman senp. Nou ka dekri l konsa:

  • Si nou koute pawòl Bondye a avèk entansyon reyèl, sa ap fè nou kwè nan Bondye e kwè nan pwomès li yo.

  • Plis nou fè Bondye konfyans, se plis kè nou ap ranpli ak lanmou pou li menm ak youn pou lòt.

  • Poutèt amou nou pou Bondye, nou vle suiv li e aji konfòm avèk pawòl li.

  • Paske nou renmen Bondye, nou vle sèvi l; nou vle beni lavi lòt moun epi ede pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

  • Plis n ap avanse sou chemen disip sa a, se plis n ap anvi aprann pawòl Bondye a.

“Epi se konsa, chak pa ap mennen nou nan pwochen an e ranpli nou avèk lafwa, lesperans, ak charite k ap toujou ogmante.

“Li mayifikman senp, e li fonksyone mayifikman.

“Frè m ak sè m yo, si nou panse ke levanjil la pa benefik pou nou, m envite nou pou n pran yon rekil, egzamine lavi nou, epi senplifye apwòch nou. Konsantre sou pwen doktrin, prensip, ak aplikasyon debaz levanjil yo. Mwen pwomèt nou Bondye ap gide nou epi l ap beni nou sou chemen an jiskaske nou vin gen yon lavi akonpli, epi levanjil la ap travay pi byen pou nou” (“Sa Mache Byen,” Liahona, Nov. 2015, 22).

Amelyore ansèyman nou

Travay ansanm avèk manm fanmi yo. “Moun ki gen plis enfliyans sou yon lòt moun—pou byen oswa pou mal—se souvan moun ki andedan fwaye li. Paske fwaye a se sant pou viv ak aprann levanjil la, efò ou pou fòtifye yon manm nan klas la ap vin pi efikas lè w travay ansanm avèk … manm fanmi yo” (Anseye nan fason Sovè a,8).