Nouvo Testaman 2023
4–10 Septanm. 1 Korentyen 14–16: “Bondye Pa yon Bondye Konfizyon, men Li Se yon Bondye Lapè”


“4–10 Septanm. 1 Korentyen 14–16: ‘Bondye pa yon Bondye konfizyon, men l se yon Bondye lapè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2023 (2022)

“4–10 Septanm. 1 Korentyen 14–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Fon batismo nan yon tanp

4–10 Septanm.

1 Korentyen 14–16

“Bondye Pa yon Bondye Konfizyon, men Li Se yon Bondye Lapè”

Anvan w etidye plan leson sa a, li 1 Korentyen 14–16. Ekri premye enpresyon ou sou verite ki pral ede manm klas ou a, epi chèche èd Lespri a san rete pandan semèn sa a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Bay manm klas la kèlke minit pou yo revize 1 Korentyen 14–16 epi jwenn yon vèsè yo santi ki espesyalman siyifikatif. Envite yo pou yo chwazi yon moun nan klas la yo ka pataje vèsè yo a avèk li epi eksplike poukisa yo te chwazi li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Korentyen 14

Lè nou reyini ansanm, nou dwe chèche pou youn edifye lòt.

  • Anvizaje itilize ansèyman Pòl yo nan 1 Korentyen 14 la pou raple manm klas la ke nou youn ka edifye—oubyen sipòte ak elve—lòt nan legliz la. Yon mwayen senp pou revize chapit sa a ta gen dwa se ekri yon kesyon sou tablo a, tankou Kisa ki ta dwe bi nou lè nou reyini ansanm? Envite manm klas la pou yo chèche repons posib nan 1 Korentyen 14. Gen lòt ide nou ta ka jwenn nan Mowoni 6:4–5 ak Doktrin ak Alyans 50:17–23. Pandan manm klas la ap pataje sa yo jwenn yo, anvizaje mande yo kijan yo santi klas ou ap mache nan sa ki konsène akonplisman objektif sa yo. Yo ta kapab pataje eksperyans kote yo te santi yo edifye pa yon bagay yon manm klas la te pataje tou.

1 Korentyen 15

Paske Jezikri te resisite, nou menm tou n ap resisite.

  • Kijan w ka itilize temwayaj Pòl la nan 1 Korentyen 15 pou fòtifye temwayaj manm klas ou a sou Rezirèksyon an? Youn nan fason yo se pou ta divize klas la an de gwoup epi mande yon gwoup pou yo gade nan 1 Korentyen 15 pou yo wè ki konsekans nou tap afwonte si Jezikri pa t resisite. Lòt gwoup la kapab chèche benediksyon nou resevwa akozde Rezirèksyon l lan. Apre sa chak gwoup ta kapab ekri sa yo te aprann yo sou tablo a. Kisa yo kapab ajoute sou lis pa yo apre yo te fin li deklarasyon Èldè D. Todd Christofferson nan nan “Resous adisyonèl”? Pou ede manm klas la santi Lespri a pandan diskisyon sa a, anvizaje montre yo foto Sovè resisite a (gade nan plan leson semèn sa a ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak Fanmi yo) oubyen jwe oswa chante yon kantik sou Rezirèksyon an.

  • Paske Pòl t ap reponn moun ki pa t kwè nan rezirèksyon, klas ou a ta ka benefisye nan fè yon mizansèn sou yon sitiyasyon menm jan an. Pa egzanp, kijan yo ta ka fòtifye lafwa yon moun ki chè pou yo nan Rezirèksyon an? Kisa nou jwenn nan 1 Korentyen 15 ki tap ede nou eksplike nesesite ak prèv Rezirèksyon Jezikri a? Ki lòt ekriti nou ta kapab itilize? (Gade, pa egzanp, nan Lik 24:1–12, 36–46; Alma 11:42–45

    Imaj
    solèy ki ap leve

    Pòl te anseye sou Rezirèksyon an lè li te fè referans a “kò selès” tankou solèy la (1 Corinthians 15:40).

  • 1 Korentyen 15 se youn nan tikras kote nan ekriti yo ki mansyone batèm pou mò yo (gade nan vèsè 29; gade tou nan Doktrin ak Alyans 128:18). Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans jwa yo genyen lè yo fè batèm oswa lòt òdonans pou zansèt yo. Kisa ki ta kapab eksplike rezon ki fè Pòl te fè referans a batèm pou mò yo kòm prèv Rezirèksyon an? Si sa tap itil pou nou diskite poukisa batèm pou mò yo nesesè, gade nan atik (Sijè Levanjil yo “Batèm pou Mò yo” nan (topics.ChurchofJesusChrist.org).  Video “Bòn Nouvèl: Istwa Batèm Pou Mò yo” nan (ChurchofJesusChrist.org) la eksplike kijan prensip sa a te retabli nan epòk nou an.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Enpòtans Rezirèksyon an

Èldè D. Todd Christofferson te anseye:

“Reflechi yon moman sou enpòtans Rezirèksyon an pou nou ka detèmine definitivman vrè idantite Jezi, nonm Nazarèt la ak gwo kesyon ak diskisyon filozofik lavi yo. Si Jezi te vrèman resisite literalman, sa vle di lojikman ke Li se yon èt diven. Pa gen okenn moun mòtèl ki gen pouvwa nan limenm pou l retounen viv ankò apre l fin mouri. Paske l te resisite a, Jezi pa kapab te sèlman yon chapantye, yon enstriktè, yon gran mèt, oubyen yon pwofèt sèlman. Paske l te resisite a, Jezi te sètènman yon Bondye, Sèl Pitit Gason Literal Papa a.

“Se poutèt sa, sa l te anseye yo se verite; Bondye pa kapab bay manti.

“Se poutèt sa, Li se Kreyatè tè a, jan L te di a.

“Se poutèt sa, syèl la ak lanfè reyèl, jan l te anseye a.

“Se poutèt sa, gen yon mond espri ke L te vizite apre lanmò L

“Se poutèt sa, L ap retounen ankò, jan zanj yo te di a, pou L vin ‘renye pèsonèlman sou tè a.’

“Se poutèt sa, gen yon rezirèksyon ak yon jijman final pou tout moun” (“Rezirèksyon Jezikri a,” Lyawona, Me 2014,113).

Amelyore Ansèyman nou

Aprann konnen moun w ap anseye yo. De moun pa janm egzakteman menm jan; chak moun w ap anseye gen yon pase, yon pèspektiv, ak yon kantite talan san parèy Priye pou w ka konn kijan w ka itilize bagay sa yo pou angaje moun w ap anseye yo. Lè w pi byen konprann moun w ap anseye yo, ou ka kreye moman ansèyman siyifikan ak memorab pou yo (gade Anseye nan fason Sovè a,7).