Vini, Suiv Mwen
Satisfè bezwen timoun piti yo


“Satisfè bezwen timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Satisfè bezwen timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019

Imaj
Klas Primè

Satisfè bezwen timoun piti yo

Timoun piti yo pare epi yo anvi aprann levanjil la si yo prezante l ba yo nan fason yo ka konprann ni. Si w ap anseye timoun piti, panse ak aktivite sa yo ki ka ede yo aprann (kèk nan timoun pi gran yo kapab benefisye nan aktivite sa yo tou.

  • Koute yon istwa oubyen jwe wòl yon istwa. Timoun piti yo renmen istwa anpil—istwa nan ekriti yo, nan lavi ou, nan istwa Legliz la, oswa nan revi Legliz yo. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa yo. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, jwe wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil yo nan istwa w ap rakonte yo.

  • Li yon ekriti. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Petèt ou gen dwa oblije konsantre sou yon sèl vèsè, yon fraz kle, oubyen yon mo. Pandan w ap li yon ekriti awotvwa, ou kapab envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oswa yon fraz espesifik ou ta renmen yo kapte. Yo gen dwa menm kapab memorize ti fraz kout nan ekriti yo si yo repete yo plizyè fwa. Pandan y ap tande pawòl Bondye a, y ap santi Lespri a.

  • Se pou ou aktif. Paske timoun piti yo souvan plen enèji, planifye pou w fè yo bouje—mache, vole, sote, bese, ak fè kèk lòt aksyon ki anrapò avèk prensip oswa istwa w ap anseye a. Jès sa yo kapab itil lè n ap chante ansanm tou.

  • Gade yon imaj oubyen gade yon videyo. Lè w montre timoun yo yon imaj oswa yon videyo ki anrapò avèk yon prensip levanjil oubyen yon istwa nan ekriti yo, poze yo kesyon ki ka ede yo tire leson nan sa y ap gade a. Paregzanp, ou ka mande: “Kisa k ap pase nan imaj sa a oswa nan videyo sa a? Kijan sa fè w santi w?” Biblevideos.lds.org, medialibrary.lds.org, ak children.lds.org se bon kote pou w al chèche videyo.

  • Chante.Chan ki nan liv Cantiques la ak Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Itilize endèks pa sijè ki nan fen Chants pour les enfants (Liv Chan Timoun yo) pou w ka jwenn chan ki anrapò avèk prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo avèk lavi yo. Paregzanp, ou gen dwa poze kesyon sou pawòl oubyen fraz ki nan tèks kantik yo. Anplis chante a, timoun yo ka fè jès ki mache avèk kantik yo oubyen yo gen dwa jis koute kantik yo kòm fon mizikal pandan y ap fè lòt aktivite.

  • Rakonte eksperyans. Timoun piti yo gen dwa pa gen osi kantite bagay pou yo rakonte tankou pi gran timoun yo, men, si w gide yo avèk presizyon, yo ka pataje sa yo santi ak eksperyans yo sou sa y ap aprann nan.

  • Kreye. Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki anrapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan. Ankouraje yo pou yo pote sa yo kreye a lakay yo pou pataje l avèk manm fanmi yo pou ka ede yo sonje sa yo te aprann yo.

  • Patisipe nan demonstrasyon leson. Yon demonstrasyon senp sou yon leson kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou konprann. Lè w ap fè demonstrasyon yon leson, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis si yo fè eksperyans la ansanm olye de jis gade yon demonstrasyon.

  • Jwe wòl. Lè timoun yo jwe wòl yon sitiyasyon yo ka pwobableman rankontre nan lavi reyèl, yo pi byen kapab konprann kijan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

  • Repete aktivite yo. Timoun piti yo gen dwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Pa pè repete istwa yo oswa aktivite yo souvan, menm pandan menm leson an. Paregzanp, ou gen dwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan diferant kalite fason pandan yon leson—tankou li l nan ekriti yo, rezime l nan pwòp mo pa ou, montre yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, envite yo pou yo jwe wòl istwa a, eksetera. Si yo repete yon aktivite ou te fè nan klas la lakay yo, repetisyon an ap ede timoun yo aprann ak sonje.

  • Entèraksyon avèk lòt. Timoun yo ap devlope aptitid sosyal yo epi souvan, yo kontan aprann ak jwe avèk zanmi kanmarad yo. Kreye okazyon pou fè yo pataje, pou tann tou pa yo, ak koopere pandan y ap aprann nan.

  • Patisipe nan yon varyete aktivite. Timoun piti yo jeneralman gen yon ti bout kapasite pou pote atansyon, epi yo gen estil aprantisaj diferan. Itilize yon varyete aktivite, epi pote atansyon sou siy ki montre ke timoun yo bezwen w fè chanjman yo. Paregzanp, ou gen dwa oblije fè chanjman tout tan ant aktivite trankil ak aktivite anime.

Yon pati nan wòl ou kòm enstriktè timoun piti—anplis anseye prensip levanjil yo—se ede timoun yo aprann kijan pou yo byen patisipe nan yon klas nan Legliz la. Paregzanp, yo gen dwa bezwen aprann kijan pou yo tann tou pa yo, pou yo pataje, respekte lòt, eksetera. Gen enstriktè ki kreye tablo avèk yon tach pou chak timoun patisipe nan klas la nan yon fason spesifik (tankou fè yon priyè, kenbe yon imaj, oubyen distribye papye). Ou gen dwa chanje tach yo chak semèn. Sa ap ede timoun yo pran tou pa yo epi konsantre sou konpòtman ki kòrèk nan klas la.

Timoun—espesyalman timoun ki pi piti yo—souvan benefisye nan yon woutin regilye ke yo ka prevwa. Paske timoun piti yo gen ti kout atansyon epi pafwa yo gen pwoblèm pou konsantre yo pandan tout dire leson an, li ta preferab pou woutin sa a gen plizyè tranzisyon soti nan yon kalite aktivite al nan yon lòt. Paregzanp, woutin klas ou a gen dwa enkli ti repo tanzantan pou jwe yon jwèt, pou kolorye yon imaj, chante yon chan, eksetera.

Imaj
Klas Primè