Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè” a, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè” a, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Klas Primè

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a

Prepare pou w anseye nan Primè

Fwaye a ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa se verite pou oumenm ak pou timoun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse viv pwòp eksperyans pa w avèk ekriti yo. Pati ki pi enpòtan nan preparasyon w lan ap reyalize lè w chèche enspirasyon Sentespri a.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a se yon pati enpòtan nan preparasyon w lan tou. L ap ede w akeri yon pi gwo konpreyansyon sou prensip doktrinal yo nan ekriti yo.

Pandan preparasyon w lan, w ap resevwa panse ak enpresyon osijè timoun w ap anseye yo. W ap resevwa ide pou w ka konn ki prensip nan ekriti yo ki ap beni lavi yo. W ap jwenn direksyon pou enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo pandan y ap aprann nan ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo. Sonje pou w panse a timoun k ap viv nan fanmi kote yo gen dwa pa ka fè etid ekriti familyal regilye yo.

Ide pou ansèyman

Pandan w ap prepare pou anseye a, ou gen dwa resevwa enspirasyon adisyonèl si w eksplore pwen yo bay yo nan manyèl sa a. Pa konsidere ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap men pito, konsidere yo kòm sigjesyon ki ka deklanche pwòp enspirasyon pa ou. Ou konn timoun sa yo, epi Senyè a konnen yo tou—spesyalman sa yo bezwen ak sa yo ka konprann. L ap ba w enspirasyon pou w konn ki pi bon fason pou anseye ak beni timoun yo.

Ou gen anpil lòt resous ki disponib lè w ap prepare w, enkli ide nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak nan revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak sou lòt resous, gade nan “Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo.”

Kèk bagay pou w kenbe nan lespri ou

  • Se paran yo ki gen premye responsablite pou anseye pitit yo. Antanke enstriktè, ou gen yon responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak konstwi sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a. Panse a timoun ki gen paran ki pa p anseye levanjil la nan fwaye yo. Fè tout timoun yo patisipe nan diskisyon levanjil yo kèlkeswa sitiyasyon ki egziste lakay yo.

  • Repetisyon se yon bon bagay. Timoun yo aprann verite levanjil yo pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo san rete atravè yon varyete aktivite. Si w dekouvri ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, panse pou w refè l plizyè fwa, sitou si w ap anseye timoun piti. Ou gen dwa repase yon aktivite ki te fèt nan yon leson anvan tou.

  • Pè Selès la vle pou w reyisi antanke enstriktè. Li bay anpil resous pou ede w reyisi, enkli reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka pale avèk lòt enstriktè osijè nenpòt pwoblèm w ap rankontre. Nou ka diskite sou prensip pou anseye nan fason Kris la e fè egzèsis sou sa tou.

  • Si w ap anseye timoun piti, epi w bezwen èd adisyonèl, gade nan seksyon “Satisfè bezwen timoun piti yo” nan manyèl sa a.

  • Manyèl sa a gen dokimantasyon pou chak semèn nan ane a eksepte pou de Dimanch konferans jeneral yo. Nan jou Dimanch kote pa gen Primè poutèt konferans pieu oswa pou nenpòt lòt rezon yo, fanmi yo gen dwa kontinye li Nouvo Testaman an lakay selon orè yo bay la. Pou w ka respekte kalandriye Primè w la, ou gen dwa chwazi pou sote yon leson oubyen konbine de leson. Pou evite konfizyon, prezidant Primè yo gen dwa chwazi pou enfòme enstriktè yo alavans sou ajisteman sa yo.

Imaj
manman k ap ede timoun