Vini, Suiv Mwen
21–27 Desanm. Nwèl: “Epi li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a”


“ 21–27 Desanm. Nwèl: “Epi li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“ 21–27 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Joseph, Mari, ak tibebe Jezi nan yon etab

Gade Mouton Bondye a, pa Walter Rane

21–27 Desanm.

Nwèl

“Epi li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a”

Timoun yo souvan prese pou yo di kijan yo fete Nwèl. Reflechi sou sa w ka fè pou ede yo konsantre yo sou Jezikri ak sou rekonesans yo pou nesans li a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite yo pou yo rakonte oubyen desine yon bagay fanmi yo fè pou Nwèl pou ede yo sonje Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 11:13–22; Mozya 3:5–8; Alma 7:9–13; Elaman 14:1–6; 3 Nefi 1:15, 19–21

Jezikri te fèt pou l te vin Sovè mwen.

Èske timoun w ap anseye yo konnen poukisa nou fete Nwèl? Kijan w ka ede yo konprann poukisa nesans Jezikri a se yon koz pou selebrasyon.

Aktivite posib

  • Pale yo de nesans Jezi a, pandan w ap montre foto pandan w ap fè sa, (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 28, 29, 30, 31). Envite yo pou yo pataje sa yo konnen. Itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye yo ke moun ki t ap viv nan epòk Liv Mòmon yo te konnen nesans Jezi a.

  • Li fraz kle ki nan Alma 7:11–12 yo pou anseye yo kisa Jezikri te fè pou nou. Di yo poukisa ou rekonesan dèske Jezikri te fèt, epi eksprime sa w santi sou sakrifis ekspyatwa l la.

  • Montre foto ki dekri sakrifis ekspyatwa Sovè a—tankou soufrans li nan Jetsemani, lanmò l sou kwa a, ak Rezirèksyon an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 56, 57, 58, 59). Mande yo pou yo di w kisa yo wè nan foto yo. Ede yo konprann ke Pè Selès la te voye Jezikri sou tè a pou l te soufri pou peche nou, mouri pou nou, epi resisite poutèt pou nou ka retounen al viv avèk li ankò.

  • Chante avèk yo yon chan sou nesans Jezi, tankou “Il envoya son Fils aimé” oswa “Au loin dans l’étable” (Chants pour les enfants, 20–21, 26–27). Fè yo remake fraz nan chan an ki dekri benediksyon nou genyen gras ak nesans Jezi a.

2 Nefi 25:23, 26

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Pandan w ap fini etid ou sou Liv Mòmon an ane sa a, raple timoun yo ke liv sa a se “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri” ki ekri pou ede nou vin jwenn ni.

Aktivite posib

  • Kenbe yon Liv Mòmon pou timoun yo ka wè. Li tit la epi montre yo mo “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri” a. Fè yo chak kenbe liv la, epi ede yo jwenn non Sovè a sou kouvèti a. Di yo kijan w santi w konsènan Liv Mòmon an ak kijan l te ede w aprann apwopo Jezikri.

  • Bay chak timoun yon foto Jezi, oubyen fè yo desine foto li. Envite yo pou yo kenbe foto yo a chak fwa yo tande non Kris la pandan w ap li 2 Nefi 25:23, 26. Temwaye ke Liv Mòmon an te ekri pou ede nou “kwè nan Kris la” (2 Nefi 25:23).

  • Di timoun yo youn nan pasaj oubyen istwa ou pi renmen nan Liv Mòmon an ki ede w aprann sou Jezikri. Mande yo ki istwa yo pi renmen nan Liv Mòmon an, epi ede yo wè kijan istwa sa yo ede nou aprann konnen Sovè a e vin pi pwòch li. Chèche foto nan Istwa Liv Mòmon yo ka ede yo sonje istwa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

1 Nefi 11:13–22; Mozya 3:5–8; Alma 7:10–13; Elaman 14:1–6; 3 Nefi 1:15, 19–21

Jezikri te fèt pou l te vin Sovè mwen.

Reflechi sou fason w ka pi byen ede timoun yo konprann siyifikasyon nesans Kris la ak sa l vle di pou yo.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun youn nan referans ekriti ki nan paj aktivite semèn sa a. Envite yo pou yo li ekriti yo a, idantifye pwofèt k ap pale a, epi pataje yon bagay pwofèt sa a te konnen sou Jezikri. Ba yo èd oubyen kite yo travay ansanm si nesesè.

  • Fè lis kèk nan evenman ki te antoure nesan Jezi yo sou tablo a, jan yo dekri yo nan Lik 2:4–14; Matye 2:1–2; ak 3 Nefi 1:15, 19–21 yo. Ede yo gade nan ekriti sa yo pou yo detèmine si evenman yo te rive nan Betleyèm, nan Amerik la, oubyen nan toulède. Poukisa nou rekonesan dèske nou gen Liv Mòmon an kòm yon dezyèm temwayaj sou nesans ak misyon Jezikri kòm Sovè a?

  • Li Alma 7:10–13 avèk yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo osijè nesans Jezi? osijè divinite li? osijè misyon l sou tè a? Envite yo pou yo di poukisa yo rekonesan anvè Jezikri, epi pataje temwayaj ou konènan li.

2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Pandan l t ap pale de Liv Mòmon an, Pwofèt Joseph Smith te di ke “yon moun ap vin pi pre Bondye si l suiv presèp liv la, pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv” (entwodiksyon Liv Mòmon an). Kijan w ka ede timoun yo konprann pwomès sa a?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun youn nan vèsè sa yo: 2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10. Envite yo pou yo li vèsè yo a epi idantifye kisa Nefi, pwofèt Liv Mòmon an, te vle nou konnen. Mande yo ekri sa yo jwenn sou tablo a. Eksplike yo ke bagay sa yo dekri yon objektif enpòtan Liv Mòmon an. Kite yo jwe wòl sou fason yo ta eksplike yon zanmi youn nan objektif enpòtan Liv Mòmon an.

  • Di yo youn nan pasaj oubyen istwa ou pi renmen nan Liv Mòmon an ki ede w aprann sou Jezikri. Mande yo pou yo di w ki istwa yo pi renmen nan Liv Mòmon an, epi ede yo wè kijan istwa sa yo ede nou aprann konnen Sovè a e vin pi pwòch li. Di yo kijan Liv Mòmon an te ede w konnen ke Jezi se Kris la. Ankouraje yo pou yo panse ak yon vèsè oubyen yon istwa nan liv Mòmon an ki fòtifye kwayans yo nan Jezikri. Mande yo pou yo pataje l avèk yon zanmi oubyen yon manm fanmi ki pa konn anyen sou Liv Mòmon an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo kijan Liv Mòmon an ede yo aprann plis sou Kris la. Ankouraje yo pou yo pataje yon vèsè oubyen yon istwa nan Liv Mòmon an kòm pati temwayaj yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen istwa. Istwa se youn nan pi bon fason pou ede timoun yo aprann ak sonje verite yo. Pandan w ap rakonte istwa nesans Jezi a, panse pou w pataje istwa pwòp lavi pa w ki ta ka ede fòtifye lafwa ou nan Sovè a.