Vini, Suiv Mwen
14–20 Desanm. Mowoni 10: “Vin jwenn Kris la epi pèfeksyone nou nan li”


“14–20 Desanm. Mowoni 10: ‘Vin jwenn Kris la epi pèfeksyone nou nan li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“14–20 Desanm. Mowoni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Pou nou ka konnen, pa Gary L. Kapp

14–20 Desanm.

Mowoni 10

“Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li”

Gen kèk timoun nan klas ou a ki gen dwa ap fè eksperyans siyifikan nan etid Liv Mòmon an lakay yo. Kijan w ka itilize eksperyans sa yo pou ankouraje tout timoun yo pou yo li ekriti yo lakay yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pase yon Liv Mòmon. Lè chak timoun kenbe li, mande l pou l pataje yon bagay li renmen nan Liv Mòmon an—yon istwa favori, yon temwayaj, oubyen yon eksperyans aprantisan lakay li oubyen nan legliz la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mowoni 10:4–5

Mwen ka konnen ke Liv Mòmon an vrè.

Chèche mwayen pou w ede timoun yo aksepte envitasyon Mowoni an pou yo mande Bondye si Liv Mòmon an vrè a.

Aktivite posib

  • Montre foto Mowoni k ap antere plak lò yo (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi mande timoun yo pou yo dekri sa yo wè a. Envite yo pou yo montre plak yo, epi eksplike yo ke mo n ap li nan Liv Mòmon yo te ekri sou plak sa yo. Fè yo fè tankou yo se Mowoni, k ap ekri sou plak yo epi antere yo. Chante ansanm “Les plaques d‘or” (Chants pour les enfants, 61).

  • Montre Liv Mòmon an epi li Mowoni 10:4. Afime yo ke nou ka mande Bondye si Liv Mòmon an vrè, epi l ap voye Sentespri a pou temwaye nou sa. Ou gen dwa itilize “Chapit 54: Pwomès nan Liv Mòmon yo” (Istwa Liv Mòmon yo,, 156, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Di kijan Sentespri a te ede w akeri temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an. Ede yo konprann kisa yon temwayaj nan men Lespri a sanble. Chante yon kantik sou dekouvri laverite, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants, 66).

Mowoni 10:8–20

Pè Selès la ban m don spirityèl.

Mowoni te dekri don Bondye bay pitit li yo lè yo gen lafwa nan li. Ou ka ede timoun yo gen lafwa ke Bondye ap ba yo don spirityèl.

Aktivite posib

  • Ekri nimewo 9 rive 16 sou moso papye diferan, epi vlope chak papye tankou yon kado. Fè chak timoun pran tou pa l pou devlope kado yo. Pandan y ap fè sa a, li vèsè nan Mowoni 10:9–16 yo ki koresponn avèk nimewo yo ansanm, epi ede yo idantifye chak don spirityèl. Eksplike yo ke don sa yo se don Pè Selès la bay pitit li pou nou youn ka ede lòt ak travay li a.

  • Fè yo pale brèfman sou don favori yo te resevwa. Pale yo de don spirityèl ou remake Pè Selès la ba ou, tankou don lafwa, sajès, temwayaj, bonte, ak kapasite pou w aprann.

Mowoni 10:32

Jezikri vle pou m vin jwenn ni.

Reflechi sou kijan w ap ede timoun yo konprann kisa savle di pou n “vin jwenn Kris la.”

Aktivite posib

  • Li pou yo nan Mowoni 10:32 a: “Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li” epi envite yo pou yo repete fraz la avèk ou. Mande yo pou yo fèmen je yo pandan w ap mete yon foto Jezi yon kote nan sal la. Apresa fè yo louvri je yo, chèche foto a, epi rasanble bò kote li. Diskite avèk yo sou fason nou ka vin jwenn Kris la (gade, paregzanp, Atik Lafwa 1:3–4). Repete aktivite sa a, pandan w ap kite timoun yo mete foto a yon kote nan klas la.

  • Ede yo dekore kèk badj an fòm kè ki ekri: “Mwen renmen Bondye ak tout pouvwa m, tout panse m, ak tout fòs mwen” (gade Mowoni 10:32). Kijan nou ka montre Bondye nou renmen li?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mowoni 10:3–5

M ka konnen verite a pa pouvwa Sentespri a.

Bondye vle chak pitit li konnen ke Liv Mòmon an vrè. Ede timoun yo konprann pwomès Bondye pou l “manifeste nou laverite, pa pouvwa Sentespri a.”

Aktivite posib

  • Ekri mo sa yo sou tablo a: Li, Sonje, Medite, ak Mande. Envite timoun yo pou yo chèche mo sa yo nan Mowoni 10:3–4. Kisa nou dwe li, sonje, medite, ak mande pou nou ka akeri oubyen fòtifye temwayaj nou sou Liv Mòmon an? Mande yo pou yo chèche resanblans ant vèsè sa yo ak kantik “Quand je lis l’Ecriture sainte” la nan (Chants pour les enfants, 66).

  • Ede yo sonje kèk nan eksperyans ou te fè ansanm avèk yo pandan nou t ap etidye Liv Mòmon an. Di kisa w panse de Liv Mòmon an, enkli kijan w te akeri oubyen fòtifye temwayaj ou ke l se verite. Envite timoun yo pou pataje sa yo santi ak temwayaj pa yo.

  • Pale yo de yon lè kote Sentespri a te rann ou temwayaj sou yon bagay. Dekri kijan w te santi w ak kijan w te fè konnen sete Sentespri a. Ede yo aprann nan ekriti sa yo sou fason Lespri a pale avèk nou: Jan 14:26–27; Doktrin ak Alyans 6:15, 23; 8:2–3; 9:7–9; 11:12–14.

Mowoni 10:8–18

Pè Selès la beni m avèk don spirityèl.

Gen anpil moun nan epòk nou an ki “nye … don Bondye yo” (Mowoni 10:8). Ede timoun yo wè ke don sa yo toujou egziste.

Aktivite posib

  • Ekri don yo mansyone nan Mowoni 10:9–16 yo sou moso papye, epi mete yo nan yon bwat kado. Ekri nimewo 9 rive 16 sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo chak vin chwazi yon papye nan bwat la epi fè l matche avèk nimewo vèsè k sou tablo a. Kisa nou aprann osijè don sa yo nan vèsè 8 ak 17–18 yo?

  • Pataje istwa sou aparisyon Liv Mòmon an (gade “Chapit 3: Anj Mowoni ak Plak lò yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 13–17). Ede timoun yo idantifye don yo mansyone nan Mowoni 10:9–16 yo Bondye te bay Joseph Smith pou l te ka fè Liv Mòmon an parèt yo. Poukisa Pè Selès la vle nou kwè nan don spirityèl nan epòk nou an?

Mowoni 10:32–33

Jezikri vle pou m vin jwenn ni.

Kijan w ap envite timoun yo pou yo “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone yo nan li”?

Aktivite posib

  • Sou tablo a, ekri yon kesyon tankou Kisa sa vledi pou n vin jwenn Kris la? Ede yo chèche nan Mowoni 10:32–33 pou yo jwenn repons posib. Travay ansanm pou n fè lis sa Kris la vle nou fè ak sa l pwomèt l ap fè pou nou.

  • Di yo ki pasaj oubyen istwa w pi renmen nan Liv Mòmon an ki te ede w vin jwenn Kris la, epi envite yo pou yo fè menm bagay la tou. Repase pawòl Pwofèt Joseph Smith yo ki nan entwodiksyon Liv Mòmon an avèk yo: “Yon moun ap vin pi pre Bondye si l suiv presèp [Liv Mòmon] yo pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv ” Rann temwayaj ou sou kijan sa te rive nan lavi w.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo priye pou yo ka gen yon temwayaj pi solid sou Liv Mòmon an epi apresa pataje temwayaj yo avèk manm fanmi yo oubyen zanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje pataj. Jèn timoun yo souvan gen bon jan ide sou levanjil la. Pataje panse yo ap ede prepare yo pou yo pale avèk zanmi yo sou levanjil la (gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)